Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Anba-Lakay

Michel-Ange Hyppolite

Anba-Lakay

(Ce recueil de poèmes est épuisé)
ISBN 2-920639-92-7

Pwezi se youn mistè. Se sa ki rale mounn, fè yo anvi li poèm. Kèlkiswa jan li abiye-a, kèlkiswa lang li pale-a, Pwezi-a al dirèk-dirèk nan kè nou. Gen mounn ki di: Pwezi se bèl mo sèlman, youn lòt pòsyon kwè pwezi se bon santiman. Apa bon santiman ak bèl fraz, pwezi-a genyen youn lòt bagay ki trèzenpòtan:se laverite sa-a, ki rale pwezi-a sou kòd sansib-nou, pou mennen-l pi pre kè nou.

Nan ANBA-LAKA Y, Kaptenn Koukourouj ba nou kèk bon poèm ki sòti nan zantray-li, nan rasin-li, nan fondalnatalli. Poèm li yo marande nan reyalite peyi Dayiti.

lotus

Nan peyi Dayiti
Pa genfredi
Pa gen la-nèj
Men mizè
Ak move jan lavi-a
Ap fè tout mounn
Mache S-S
(peyi Dayiti)

Viré monté