Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Flore Zéphir

11 Janvier 1958 - 15 Décembre 2017

Créoliste haïtienne

 

 

 

 

 

 

 

Flore Zéphir native haïtienne était professeure à l'Université du Missouri (Chair of the Department of Romance Languages and Literatures, Professor of French, Coordinator of the Master of Arts in Language Teaching (MALT)).

Biographie de Flore Zéphir

 

Kondoleyans pou fanmi, zanmi, vwazinaj ak kòlèg travay Profesè Flore Zéphir. Nan ane 80 yo, nou te fè konesans nan Enstiti Kreyòl Ayisyen nan Indiana University, Bloomington. Se yon gwo pèt pou fanmi li, kreyolis ak entelijennsya ayisyen an. - Ivon LAMOUR

Wi, se yon fanm vanyan nou pèdi pou travay li ak kontribisyon nan kesyon kreyòl ak edikasyon. Anpil respè pou li ansanm ak fanmi li ak Zanmi li. - Marc Prou

Se avèk anpil tristès e se yon gwo chòk pou tout depatman Romance Languages and Literatures nan University of Missouri-Columbia espesyalman pou mwen menm Prof. Flore tap dirije travay li kòm mentor. Flore se te moun tout moun. Se te premye moun mwen te kontakte lè mwen te deside postile nan pwogram nan, e li te twò kontan pou oryantem antanke etidyan Ayisyen. Nou te kòmanse bwase lide sou bon jan teknik poum fini ak kou yo nan yon bat je e poum kòmanse danble nan travay tèz mwen. 13 Desanm 17 la, se te dènye imel Flore te ekri nou e se dat nou te remèt pwojè final kou nou te genyen avè l. Profesè a mouri 2 jou pita nan yon operasyon (open-heart surgery). Profesè a ap antere Vend. 22 Dec. 17 la. Mwen pataje pèn nan ak tout fanmi, zanmi, kreyolis ak tout kominote Ayisyèn ki nan dyaspora ansanm ak program li tap dirije nan Inivèsite Missouri pandan 29 lane ke lanmò Prof. Flore Zéphir frape. Se pou nanm Profesè a repoze an pè ! - Cliton Seide

Onè, Kondoleyans pou tout fanmi Prof. Flore Zéphire. Wi, nou swete pou nanm li repoze an pè. Respè pou memwa yon fanm ayisyèn total kapital..- Frenand LEGER

Pwofesè a devan, nou dèyè nou-menm. Tras tout bon ak bèl bagay li te fè yo ap rete dèyè pou sa k ap vini. Sajès granmoun yo di, " Nou pa vin fè matyè sale." - Ivon LAMOUR

Maten an mwen salye tout konpatriyòt Ayisyen nou yo ki nan Dyaspora a, pli patikilyèman, tout Kreyolis Ayisyen yo, tout Etidyan ke kou sibit lanmò Prof. Flore Zephir frape a, a tout paran li yo, tout Zanmi ki te pwòch li yo, ni sa k te lwen l yo tou, m ap di nou pran kouraj, lanmò a vrèman kriyèl. Men, tout bagay pa fini pou sa. Jodia Prof. la pran nan yon kou tèrib, men yon sèl bagay m konnen, NANM LI AP REPOZE NAN LAPÈ kote l twouve l la. Pou nou menm ki rete dèyè toujou, nou gen yon jou tou paske nou tout se pèleren nou ye. Yon sèl bagay m ap mande nou, ann rete pi soude toujou youn ak lòt. Ann kontinye gwo travay sa a ke nou tout nou livre tèt nou ladan l, ki se: VOYE KREYÒL AYISYEN AN MONTE PI WO EPI DOUVAN DOUVAN. Travay nou va fini, se lè petèt nou pa ta la ankò, men zèv nou yo, pwodiksyon nou yo va kontinye pale pou nou. M pa t gen chans fè konesans Prof. Zephir, men se youn nan gwo zetwal nou te genyen ki t ap briye nan domèn sa a tou, ankò menm nan pi wo nivo a nan Inivèsite a kote l t ap anseye; lavi a pa fasil. Men nou menm ann kontinye lite. SENSÈ KONDOLEYANS AK TOUT FANMI PWOFESÈ A, STAF KOTE L T AP TRAVAY LA, AK TOUT KREYOLIS NOU YO, TOU AK TOUT KONPATRIYÒT NOU YO NAN DYASPORA A. Kenbe fèm pa janm lage! M swete nou pase yon moman agreyab nan lapè pandan seson fèt fen d ane a ak Nouvèl An an! Ke Bondye Fòtifye nou, soulage nou epi kouvri nou tout ak Gras Li! Kòdyalman, - Jean H. BELLEFLEUR

Se avèk tristès mwen aprann lanmò fanm vanyan, profesè Flore Zephir. Mwen voye kondoleyans mwen bay tout kò fanmi pwofesè a, e ak tout konpatriòt kreyolis yo ki tap batay bò kote l pou mete lang kreyòl la kote li ye jodi a. Se nou tout ki pèdi nan ka sa. An nou kontinye batay la jouk la viktwa final. Bon kouraj, kenbe fèm. - Yvener Delva

 

boule

 Viré monté