Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Pasyante tande François Roger, Espaceloas |
koze dous tonbe
jèn fanm depale
panse yo rive
lese yo ale
lese yo touche
lese yo goute
lese yo kouche
lese nèg vin jwe
menm antre manje
yo pa nan koute
pa louvri je gade
plezi sèl yo vle
apre banboche
deblozay pete
epi wa tande
tout kalite koze
lanmou pa egziste
tout nèg se blofè
tenten bouch anmè
pakèt grandizè
pakèt magouyè
pakèt betizè
pakèt atoufè
pakèt bann blofè
wi pakèt mantè
byen dèfwa se vre
yo se pa serye
si w te pasyante
epi w verifye
pou ou detekte
sa k di verite
sa k vreman sousye
e ki prepare
avan w angaje
ou pa t ap krye
ni gen dlo nan je
ni pye w pap mare
nan yon grenn soulye
si jodi w malere
paske w te pase
oswa w pa twouve
pa dekouraje
yon reyalite
ou pa dwe janm nye
non, tout pa gate
bon yo ra se vre
men yo egziste
tankou lò presye
byen fon ki kache
ou dwe pèsiste
pran san ou chèche
pa penyen lage
depi sou premye
ki vanse mande
kite tan pase
byen konnen misye
avan pou w sede
konsa wa ere