Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Love you Boo

Don D. William

 

 

 

 

 

 

 

Claude Dambreville, Nader Haitian Art

m pa nan kache
ni depale
san ezite
m vle di w bebe
m damou w serye
zòt mèt pale
leve danse
pran radote
jis yo bouke
mwen deside
love you doudou

m vle w konprann
m pa nan pretann
se santiman m
nan fon anndan m
gen yon dife
ki pe brile
se ou k ponpye m
touye l tanpri
di mil mèsi
love you doudou

lavi si bèl
depi w kote m
solèy leve
van pe soufle
sa ban m anvi
remèsye Dye
si m pe twouve w
se volonte l
m pap sispann di
love you doudou

afeksyon ou
atansyon ou
devosyon ou
bote an ou
wifout chouchou
fè san m mache
fè m depale
m dekontwole
toutbon m damou
love you doudo

boule

 Viré monté