Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Fanm sa

Don D. William

François Roger

François Roger, Macondo

pa milatrès
li pa grimèl
s-on karamèl
ou kwe se bèl
li renmen ri
ak yon souri
ki fè m pati
ti kò l piti
kou pitimi
l pa renmen bri
ti bouch li dous
pa gen pi gou
l pa mande roz
oswa richès
pa menm lajan
gwo boul dyaman
tou sa l mande
se pou renmen l
pou admire l
pou kajole l
pou dòlote l
pou karese l
e pou love l
touche l nan nanm
fè l santi l fanm

boule

 Viré monté