Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Boston voye souvnans ak omaj pou Konpè Filo

(Yon reminisans Tontongi ak ilistrasyon Charlot Lucien)

Ayibobo pou Konpè Filo

Tontongi

Jounalis, teyatmann, guru e rakontè Konpè Filo (Anthony Pascal) mouri ann Ayiti vandredi 31 jiyè sou wout pou l al Lopital Mibalè a pou sentòm kè li t ap soufri. Daprè depèch laprès, li mouri de mank oksijèn ak difikilte pou l respire pandan l nan anbilans lan, soti de Matisan (Pòtoprens). Misye te gen 67 tan.

Konpè Filo fè pati de moun mwen regrèt sikontans lavi a pa t pèmèt mwen (oubyen tou mwenmenm pa t fè plis jefò pou mwen) pase plis tan ak li. Mwen konnen peripesi arestasyon, prizon e lekzil li sibi anba rejim divalyeris yo, patikilyèman janklodis la ki te bafwe lemond antye pou fè kwè li «liberal» eke tout bagay te chanje pou de bon. Kouwè represyon sovaj jounen 28 novanm 1980 yo vin pwouve, gouvènman Janklod Divalye a pa t miyò ke pa papa l la. Anfèt, nan plizyè aspè rejim janklodis la te otan e, nan kèk ka, menm pi di e opresif ke rejim Papa Dòk la, kouwè pa ekzanp nan kondisyon detansyon nan Fò-Dimanch ke Alix Fils-Aimé, yon ansyen prizonye politik Fò-Lanmò a, di te pi rèd, e mantalman pi penib, rasyon manje yo pi mens e rebitan, san retire sadism gad prizon yo 1.

Menmsi mwenmenm ak Konpè Filo nou te menm jenerasyon e te viv pa twò lwen nan Pòtoprens anvan m kite Ayiti, se nan Bouklin, Nouyòk, mwen vin rankontre misye pou premye fwa, nan yon manifestasyon anti-Jeanklod Divalye an 1984. Antanke kowòdonatè e animatè yon seri rankont politik nan vil Cambridge, tou pre Boston, nou te rele «Conférence pour une Nouvelle Stratégie», mwen envite misye — ansanm ak Pierre Clitandre — pou yo vin nan Cambridge kou envite espesyal youn nan konferans yo. Misye pran yon ti tan pou l panse ak sa, epi l di: «Oh, m ap byen kontan wè Jean-Claude Martineau [Koralen], yon nonm mwen fè sèman pou m rankontre anvan m mouri. M ap fè w konnen si m ka vini.» Misye avwe m pita, li te tcheke ak Martineau sou kiyès mwen ye anvan l deside vini e misye te rasire l.

Konpè Filo ak Pierre Clitandre te envite ideyal pou nou, jèn militan antidivalyeris nan Cambridge/Boston, non sèlman akoz de travay yo nan listwa lit kont Divalye yo, men akoz de prestij pèsonèl yo, de konesans yo de sitiyasyon politiko-entelektyèl ann Ayiti a, e sitou degre entegrite yo te montre malgre tout advèsite ak movèz pas.

Nan yon powèm mwen ekri pou m salye memwa Konpè Filo, mwen raple m zanmi nou  Jean-Robert Boisrond ak Yvon Lamour, « bon sòlda pou gouvènans lawoze », pran machin yo de Boston ale jis nan Bouklin/Nouyòk (4 trè d tan trajè), pou y al pran Konpè Filo ak Pierre Clitandre, ki te byen kontan jès la e pataje anpil istwa ak yo pandan trajè a. Natirèlman, piblik Cambridge/Boston an te kontan rankont li ak patriyòt kamoken sa yo tou, ki fè yon toudorizon ak ti ralemennenvini sou konjonkti politik la ann Ayiti.

Sa te fè m plezi wè Jean-Claude Martineau ak Konpè Filo ansanm nan yon menm sal. Li klè Filo te apresye okazyon rankontre Koralen an e l te renmen ke misye, yon ene li e objè admirasyon li, te fè deplasman an pou l vin wè l. Mwen sonje yo pale de plizyè koze ki gen awè ak yon twoup kiltirèl Koralen te genyen. Mwen pa fin sonje nèt si Pierre Clitandre te patisipe nan konvèsasyon sa a. Men sa te fè m plezi wè yo tout te la. Sa te fè m plezi, sitou, wè Ayiti te gen tout kalte pitit li sa yo ki enterese nan sò l, nan desten l ak avni l, menm lè yo deyò peyi a.

Kou mwen di nan powèm mansyone pi wo a, mwen fè plizoumwen souvnans moman m pase ak li nan wikenn lan e m relate nan tèks sila a ti rès sa yo memwa mwen toujou konsève apre 36 zan.

Kouwè anpil lektè ka raple yo, kontèks entènasyonal la jou represyon 28 novanm 1980 yo te chaje ak sipriz e rejyon Amerik la te boulvèse pa de evennman byen notab: viktwa Sandinis yo nan Nikaragua lane anvan an, ke anpil repòtaj jounalis endepandan yo te rapòte avèk ton ki fè analoji ak sitiyasyon ayisyen an, epitou te gen eleksyon Ronald Reagan kou prezidan Etazini  nan kòmansman menm mwa novanm 1980 sa a, yon nonm ki fè kanpay antanke kandida nan leve drapo antikominis e ki te montre «konpreyansyon» senpatik pou diktatè de dwat yo.

Kontèks istorik 1980-1985 trè enpòtan nan evolisyon lit pou demokrasi a ann Ayiti paske se lè kit opozisyon antidivalyeris la anndan peyi a, kit sa deyò a, reyalize sèl fason pou yo afebli sipò etranje pou rejim janklodis la (ke administrasyon Reagan-Bush lan sipòte nètalkole), se kontinye avili li, ekspoze krim l ap fè yo, blayi devan lemond antye kondisyon malouk pèp la ap viv ann Ayiti, ansanm ak malvèsasyon, abi ak malsite rejim lan t ap koze yo. Opozisyon anndan an, atravè mouvman «près endepandan» an, te montre vilnerabilite rejim janklodis la, ki vin oblije devwale tèt li, vrè nati li, nan represyon san kachotri. Pou opozisyon deyò a limenm, apre kèk avanti simagi envazyon ame, li vin itilize tout pwopagann li kapab imajine pou ekspoze nati fachis rejim lan, keseswa nan piblikasyon jounal, magazin, reyinyon piblik, manifestasyon, menm travay ak Amnesty International pou ekpoze represyon ak abi kont prizonye politik yo.

Pèsonèlman, se te yon onè pou mwen pou m pase tan ak de michan konpatriyòt sa yo. Yo pase wikenn lan avèk mwen e zanmi m defen Gillian Thompson lakay li nan Brookline. Manmzèl te trè kontan fè konesans ak yo. Lelendmen konferans lan, Gillian avèk mwen kondi Konpè Filo (mwen pa sonje si Clitandre te la tou) nan Dorchester, yon zòn nan Boston, pou l al vizite yon fanmi li ki abite la. Se konsa nou vin temwen yon sèn ekstrawòdinè kote nan sèlman yon demi èd tan Konpè Filo ede deskalade yon ti move babye ant fanmi an ki te ka pase pi mal. Mwen sonje konbyen mwenmenm ak Gillian nou te enpresyone pa alafwa sajès misye te montre e kalte respè fanmi an te gen pou li. Nan yon moman nan diskisyon fanmi an, Gillian avè m vle yon tijan rale kò nou sou kote paske nou te etranje, lè Konpè Filo remake sa, petèt akoz pou l fè sijè a gen plis jire ki tande li, li fè jès pou nou avanse pi pre e di nou: «Vini, vin ban nou panse pa n sou bagay sa a.» Tout bagay evantyèlman fini nan lapè, souri sou bouch tout moun.

Kondisyon lanmò Konpè Filo — ki temwaye absans total enfrastrikti medikal adekwat nan peyi d Ayiti — se yon eskandal nan limenm. Roody Edmé rapòte dizon youn nan doktè ki t ap tann nan Lopital Mibalè a pasyan Konpè Filo men ki resevwa yon kadav nan plas li, ki di ka misye a «pa t konplike. Yo te ka sove li men malerezman anbilans ki t ap pote l vini an pa t gen yon sistèm terapi oksijèn (oksijenoterapi) ki te adekwat akoz de eta li.2» Epitou, poukisa yon anbilans te bezwen ale jis nan Mibalè pou l al jwenn terapi oksijèn adekwat pou yon pasyan ki ka mouri san li?

Ankò yon fwa, lanmò Konpè Filo montre fayit gouvènman Jovenel Moïse la — ansanm ak tout sa yo ki vin anvan l lan — sou plan batisman ensfrastrikti debaz ki endispansab nan yon sosyete oswa peyi modèn pou soutni yon lavi desan pou sitwayen ak sitwayèn yo. Wi, lanmò Konpè Filo, se yon lanmò de plis ki pa t dwe rive, se yon lanmò « domaj kolateral»  de kondisyon soudevlopman malouk, andemik peyi d Ayiti; se yon lanmò ki egzije miltiplikasyon jefò pou voye tout klas politik kowonpi e rapasitè a al fè wout li, alamanyè balewouze, tout klas politik ak moun sila yo Konpè Filo te fè tout sa l kapab pou l pa vin youn nan yo.

Kouwè Edrid St-Juste di nan yon elòj sou Le Nouvelliste, senplisite ak modesti Konpè Filo a pa t yon «posti, men yon èt imen ki vrè »3.

Nan Boston, pwofesè Lunine Pierre Jérôme sonje Konpè Filo konsa: «Yanvalou Sen an! Tout moun dlo nan je pou yon mapou ki tonbe, yon poto mitan ki fè vwèl pou Ginen; atò a, sa ki dèyè yo ava ranmase bouji Konpè Filo a pou kontinye klere tout tchovi ak richès kilti Ayisyen. Woukoukou Konpè Filo!».

Nan yon milye ayisyen chaje ak arivis e opòtinis, Konpè Filo te pèsonifye otantisite ak senserite, yon sans kominalite avèk desten lòt frè ak sèl l yo k ap andire chay lou lavi yo. Ni Divalye yo, ni okenn gouvènman ki vin apre yo, pa t ka kowonpi nanm li, paske se pa ni pouvwa, ni lajan, ni prestij laglwa li t ap chache, men pito yon sans amoni ak konsyans e ideyalite li, ideyalite ki onore sa ki bèl, ki jis, ki bon pou lavi tout moun sou latè sila k ap pataje tan an ak li.

Istwa Konpè Filo ap make Ayiti pou toujou, paske sa l te ye e reprezante pami nou, se te nanm zansèt yo, nanm Ginen pwofon okenn vanite ni menm malsite ak vyolans sosyal pa t ka konpwomèt ni detounen. Li te reprezante, sitou, andirans ak rezistans kont fòs labirent opresif e malfezan yo k ap toupizi lavi.

-Tontongi
(Powèt, ekriven, Boston, 6 out 2020. Ilistrasyon an a se zèv Charlot Lucien ki egalman yon lodyansè, powèt e atispent)

Nòt

  1. Alix Fils-Aimé sou Youtube: «Lutte Contre le Blanchiment de Baby Doc Duvalier», yon emisyon radyo videyografye an 2013 avèk avèk Patrick Elie, Alix Fils-Aimé e Bobby Duval.
     
  2. Tcheke atik Roody Edmé a,  Filo ou «le temps d’un homme libre», Alter Presse, mèkredi 5 out 2020.
     
  3. Tcheke Edrid St-Juste, « Les derniers moments sur terre de Konpè Filo», Le Nouvelliste, 31 jiyè 2020.

 

 

*

 Viré monté