| Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan | 
| Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire | 
Petèt yon jou m ta ka rive jwenn
Yon pawòl ranje pou deranje somèy ou lè m pa la
Yon pawòl twa fwa pasela pou fè lago nan lespri w
Yon pawòl langaj pou wè jan lavi nou ka bèl
Yon pawòl mo majik pou louvri pòt kè w debatan
Yon pawòl vlou ti van  siwa dèyè kou w
  Yon pawòl chuichui  lapli sou do kay tòl Senlwidinò
  Yon pawòl yanvalou k  ap sèpante nan kò hounsi
  Yon pawòl tamaren k ap bay siwèl payèt
  Yon pawòl santibon  pòtre tibebe yo fèk poudre
  Yon pawòl douslèt  karote tou cho sou planchèt bwa
Yon pawòl ki ta  reponn anndan w kou son tanbou
  Yon pawòl ki ta vlope  w wadi manto Lavièj
  Yon pawòl ki ta bèse  w si w konn dodin Lavale
  Yon pawòl ki ta fè w  depale gwo jounen midi
  Yon pawòl ki ta  kaladja nan tout zantray ou
  Yon pawòl ki ta fonn  nan zòrèy ou
Yon pawòl bonèt  lakansyèl bò tèt dlo
  Yon pawòl bèl mèvèy  miwa dèzanj
  Yon pawòl san sans men verite lanmou
  Yon pawòl lomeyans nevènn nan pye w
  K ap woule yon chaplè karès nan lalin klè
        Ki ta di w anfen  kijan m fou pou ou cheri
Extrait de «Mélodies pour Soirs de Fine Pluie»
