Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Tengtengendeng

Ézéchiel Saintena

Zobop!
Zobop!
Zipim bow!
Zipim bow!
Kèdèktèkèdèk!

Nan koulwa lanmò,
Anba lonbwaj lensekirite makonnen ak kidnapin
Lekzistans mache san l pa rankont.
Sa fè aksidan lavi
Tchoule n nan kòse lanmò
Depye devan.

Klòch ap touse san rete
Sou tèt katedral
Pa isit lavi tchovi
Zegiy revèy ap mache san kanpe
Tik!
Tak!
Chak kout tèt li fè
Nan lòlòj nou
S on kout ponya nan kè n
K ap fè n soufri
Anba tray ak kalamite.
Nanpwen kè kontan
Nanpwen vi isit.

Gwo lajounen
Tristès bouche je kè kontan
Lavi vire do l
Dèy ret chita nan kwen kay nou
Epi l kwaze pye li
Ak pip li
Nan bèk li.
Pow!
Pow!
Bal tire
Li pase ak tout boulin
Al gaye depi se trip
Andan vant mèt Dòval
Bal pete kannkès Gregori
Andan lekòl nòmal.

Gwo midi
Bal ap chante nan tout lari
Nanpwen anyen ki ret kanpe
Tout bagay kouri
Pyebwa bouche zòrèy li
Lari a
Leve kouri
Li bliye pantalèt li
Lanmè menm kouche plat atè
Epi bal ap pase anlè
Sou tèt li.

Bal ap tire san rete
Wòch nan solèy trennen sou vant
Pou sove.

Woy!
Woy!
Souf koupe!
Lanati nan dèy
Li mare tèt li
Ak lannwit ki valè zetwal
Ki ban n yon pousyè limyè
Pou klere  lantèn nou
Lè solèy koupe latè kout je.
 Li sangle senti l ak lakansyèl
K ap bwè degout dlo anmè
K ap degoute nan tèt sous lavi.
Vloup!
Vlap!
Nan trapde
Tout bagay alaviwonnbadè
Pase ale
Lakansyèl pèdi bonèt bonè l
Nou pèdi souri n.

San mèt Dòval ak Gregori koule atè
Pou tchwe pousyè maledve
K ap bouche je solèy
Lè van leve wòb latè met nan tèt li.
Mezanmi!
Mezanmi!
Mèt Dòval mouri
Gregori, Neti ak Dyego
Bay lavi do
Anba bal
Pyebwa dekonsole.

Lajounen kon lannwit
N ap gouye nan mouda liv
Pou n ejakile konesans nan fouk Ayiti
Yo fin vyole
Se pou yo pete kanmkès nou ak bal
Pou fè n benyen nan san n
Tankou mèt Dòval, Gregori,
Neti ak Dyego.

Nan bouske lapè ak byennèt
K ap taye banda nan fouk inekzistans
Tray tonbe sou nou tankou degout dlo
K ap tonbe nan vaz.
Degout dlo je n f on larivyè
Pou nwaye lekzistans
Ki alanvè nan trip Ayiti

Van lensekirite a vante fò
Anba jipon zetwal yo
Anwo nan syèl la
Latè pèdi vijinite l
Nan foure tou
Pou sere kadav
Ki tonbe nan masak.

Lavi moun pa bò isit
Pa vo chen ak rat mouri
Sou vye pil fatra santi
Anba wòb lameri.

Santiman patriyotik ap trennen nan pousyè
Kè popòz
Medyokrite enstale lakay nou
Epi l flank konpetans deyò tankou vye chen
Nan vwazinaj.

Lanjelis kouvri latè ki pèdi vijinite l
Pousyè zetwal k ap jwe marèl sou do syèl la
Bouche je solèy
Grangou abiye tankou fanm
Pou kouche nan do n
Sa w tande a deblozay pete
Vant debalonnen toufonnen inosans timoun visye
Mansonj menm degize an verite
Pou fè n dòmi ak bèl tikoze dous
Nan nich foumi fou.

Nan bouske byennèt ak lapè sou lanmè dezespwa
Làm move lavi pouse bwafouye rèv nou lòt bò
Jouk n al ateri anba pon Tekzas.
Nan rapousib siyaj lespwa ak bon rèv
Ki tonbe nan dlo
Koze moute pil sou pil
Tankou pil fatra anba mouda lameri vil Gonayiv
Aksyon rete de bwa kwaze
Ap gade sa n ap fè.
Solèy byen wo nan syèl
Rèv nou ret kouche nan kabann.

Jouk konnya
Konsyans nou bouche nan boutèy nwa

Lènmi n ban n yon edikasyon tèt anba
K ap sakaje bil nou.
S on kado anpwazonnen
Mal anbale
Ki ban n trip kòde
K ap fè n bay lapire nan administrasyon piblik.
Pa bò isit
Lensekirite marye ak kidnapin
Yo ranje nat yo nan kwen kay nou
Mechanste menm ap taye banda nan lakou
Li frape nan tout pòt
Nanpwen moun ki epanye
Anba gwo kout pataswèl mechanste nèg isit.
N al bouske refij nan gwòt Vilajdedye
Nou pa fouti rete tèlman bal ap chante
Tè cho boukannen pla pye n
Nou leve kouri al Sitesolèy, Bèlè,
Lasalin ak Dèlma 32
Ap bouske tikal lapè
K ap griyendan nan inekzistans.
Nan bouske lapè ak byennèt
Ak deranje dan n
De men balanse
Nou tonbe Chili
Jouk nou ateri anba pon Tekzas
Sou de pye n
Mouche blan lanse n tankou chwal malen
K ap galope nan savann.
Tray met pye sou kou n.

Mouche kidnapin
Pa sispann fè vagabon nan tout lari.
Li konn flan tout tiriyèl
Sa k vle koute
Koute!
Gwo zotobre asasinen mèt lakou
Sa nèg fè nèg
Bondye ri
Degaje pa peche.

Tankou yon sikatris sou figi lalin
K ap fè demwazèl anwo nan syèl
Lè solèy dòmi ak fatig
Lanmò frè n ak sè n
F on maleng nan kè n
K ap fè postim.

Gwo devanjou tonbe nan pa pòt nou
Zwazo tombe chante sou pyebwa
Dèdo kay
Pou satiyèt rèv kiltivatè
K ap dòmi gwo midi.
Yon ti van lespwa
Dous kon siwo myèl ap soufle nan plèn nan
Lawouze ap taye banda nan cheve flè dizè
Flè choublak menm tonbe kadanse
Anba souf ti van dous
K ap karese tete l.
Nan bat je
Tout bagay chanje
Jou sila
Lapolis ak bandi tanmen fè bal chante
Granravin
Nou tande jouk isit
Vwa lapolis k ap mande bakòp
K ap kriye pou mouche lanmò
K ap frape nan pòt yo
Jouk isit
Nou tande bri kò lapolis
K ap tonbe kon mango mi
Y ap keyi nan pye.
Foumi ak mouch fè gagòt
Sou ti moso vyann kò lapolis
Bandi lote Vilajdedye.
Sa fè maleng ki nan kè n
Ap senyen chak jou.

O semityè!
O gran lakou!
Nou pa fouti pè w
Konsa tou
Nou pa fouti renmen w
Ou fout saf twòp
Vant ou sanble ak vye ganmèl
Li pa jamm plen
Ou janm di ase
Chak jou w ap vale vyann
Epi w ranse zo yo nan vye tonm
Jouk yo blanchi nèt
Jouk yo tounen poud.
Maten kon apremidi
Fanfa ap vin bay lodyans davan djòl ou
Ou pa janm refize
Ou pa janm di non
O kòmè semityè!
Ou fè twòp atò
Ou vale twòp atò.
Ou flank bawon devan an
Pou resevwa vyann pote ba ou.
O kòmè semityè!
Nou pa fouti pè w
Se la kò n pral repoze
Lè lanmò frape pòt kay nou
Men tou
Nou pa fouti renmen w.

Nwit lan tou nwa
Nanpwen lalin nan syèl la
Zetwal y ap fè mouri limen
Sou machwe syèl la  lafimen  fratra k ap boule gwo lajounen
Fin sakaje
Yo degrennen grenn pa grenn
Jouk tout disparèt
Yon touf nyaj devègonde ki gwòs lapli
Chanje fòm tanzantan.
Tankou zonbi
Move lavi ap ban n gwo kout frètkach
Ak gwo kout pataswèl
Nan glasi figi n.
Tankou zonbi wòklò
Zonbi rebèl
Zonbi wondonmon
Move lavi mete n devan
L ap depatcha nou
L ap fout nou gwo kout sabo.
Li bourade nou
Nou kilbite
Nou tonbe sou bouch
Dan n rache
San jayi tankou rivyè
Mouye vye rad nou.
Ak Yon vwa wouye tankou vaz fele
Ak Yon vwa nan nen
Yon vwa anba dan
N ap plenyen tou dousman
N ap bougonnen
Pou lavi chè
Pou gaz ki moute  disèt wòtè
Sou pyebwa pou gade devinasyon chofè
Ak anba manman ak papa pitit.
Nanpwen moun ki tande
Tout moun bouche zòrèy yo.

Nou se toro gonde
Nou fè dechoukay
Nou chavire bouch anba
Pouvwa madichon diktatè
K ap fè represyon.
Nou te dechouke mouche blan
Pou ekri non n ak san n
Nan fon limanite.

Jounen jodia
Nanm nou fèmen nan boutèy nwa
N ap viv nan pè
N ap viv nan nwa
Nou pèdi gou lavi
Nou bezwen Yon kout zeklè
Pou n wè kote n ap met pye n.
Yon jou
Gwo pye mapou
Ki kanpe devan n nan
Ki bare chemen n nan
Va tonbe
Li va derasinen nèt
Nou va boule li fè poud.

*

 Viré monté