Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Kreyolistik ak pratik ekriti kreyòl |
Lang kreyòl, se yon seri varyete lenguistik ki pran nesans nan karayib la ak nan oseyan endyen an pandan peryòd esklavajis la. Puiske peyi metwopòl ki te etabli esklavaj nan karayib la te anpil, sa fè gen plizyè lang kreyol nan karayib la. Pou idantifye yo, lenguis yo toujou pran yon lang ewopeyèn kòm lang leksifikatris. Pami lang leksifikatris sa yo, nou jwenn: fransè, anglè, espanyò/pòtigè, neyèlanndè. Se sa ki fè yo di gen yon kreyòl ki gen baz leksikal fransè an Ayiti, Matinik ak Gwadloup; yon kreyòl ak baz leksikal anglè Jamayik epi youn ak baz leksikal neyèlanndè Kirasawo.
Ayiti se peyi ki adopte lang anyen kolon an kòm lang ofisyèl. Sa fè, daprè konstitisyon 1987 la, kreyòl ak fransè se lang ofisyèl peyi a. Nan atik 5 lan, nou li: «kreyòl la se sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm. Kreyòl ak fransè se lang ofisyèl peyi Ayiti”. Akoz abitasyon kreyòl la ansanm ak fransè a, lang kreyol la se lang ki sibi plis move trètman, ki plis minorize. Yo sèvi ak li nan fanmi, nan aktivite enfòmèl. Li plis itilize lè y ap pale. Se kòmsi li se yon varyete ki enferyè.
Sa ki rele kreyòl la, se yon lang ki pran nesans pa kontak oubyen afontman. Sa vle di pou gen yon lang ki rele kreyòl, fò, sou yon tèritwa, te gen pou pi piti de (2) lang diferan. Nan karayib la, majorite esklav ki te genyen te soti nan kontinan Afrik la. Nan kontinan sa a, gen plizyè lang paske gen plizyè peyi. Konsa tou gen anpil tribi. Nan yon sèl peyi, kapab gen plizyè lang diferan ki abite ansanm; men ap gen youn ki dominan oubyen ofisyèl. Lè esklav sa yo ki soti nan plizyè peyi diferan an Afrik oubyen nan plizyè tribi diferan e pafwa ki pale plizyè lang diferan, rive nan koloni an; vin gen plizyè lang diferan ki vin abite ansanm mele ak lang ewopeyèn ki te deja sou tèritwa a. Konsa, esklav k ap travay nan jaden ap bezwen konprann youn lòt; y ap bezwen konprann kolon blan an tou. Sa fè vin gen yon nesesite pou youn konprann epi kominike ak lòt. Nan lide sa a, afontman oubyen kontak lang sa yo ki diferan nan karayib la vin bay nesans ak yon pale ki rele kreyòl. Kolon blan yo vin santi yon nesesite pou yo pale kreyòl la tou pou esklav yo kapab resevwa mesaj yo a. Se te yon nesesite politik. Dayè, yo pa t ka pale kreyòl la ni yo pa t ka bay yon lòt moun pale nan plas yo; sa ki te diferan pou esklav yo paske yo te gen tan gen yon lang ki komen ki se kreyòl.
Tèm kreyòl la, se yon tèm ki fè koule anpil lank; ki fè anpil deba pami lenguis yo, ekriven ak tout lòt moun k ap travay sou li. Se yon tèm ki pa sispann evolye. Nan yon premye tan li te vle di blan ki pran nesans nan koloni an pou idantifye l ak sa yo ki fèt nan metwopòl la (Edelyn Dorismond, 2020, p. 186). Apre, li vin sinifi tout sa ki lokal. Se sa ki fè yo toujou di: manje oubyen kuizin kreyòl, vach kreyòl, pwodiksyon kreyòl. Jiskaske l vin gen sans yon varyete langajyè lokal. Pou esplike kòman lang kreyòl yo pran nesans, lenguis oubyen moun k ap travay sou lang sa yo vin ak twa gran teyori, ipotèz oubyen kouran diferan:kouran sibstratik, sipèstratik ak inivèsalis.
Kouran sibstratik la se yon kouran ki pran lang afriken yo pou baz lang kreyòl yo; sa vle di yo se lang leksifikatris ki bay nesans ak kreyòl yo. Sa rive posib gras ak esklavaj la. Sylvain Suzanne se defansè kouran sa. Nan liv li a ki rele «Créole haïtien: morphologie et syntaxe» ki soti nan lane 1936, li souliye sous afriken an nan kilti pèp ayisyen an. Travay li yo montre enpòtans lang afriken yo genyen nan nesans kreyòl ayisyen an.
Kanadyèn Claire Lefèbvre se yon lòt moun ki defann kouran sa anpil. Nan travay li yo, li pran kreyòl ayisyen an kòm modèl. Li met aksan sou lang KWA ak FONGBE, de (2) lang afriken pou montre lang afriken yo se baz lang kreyòl yo.
Jean-Marie Tardieu (Jean-Marie Tardieu, 2015, P.20) fè konnen gramè kreyòl la soti an Afrik. Selon li, etid ki pi resan an ki te fèt pa Jean Tagette nan lane 2001, montre gramè kreyòl la soti nan twa lang prensipal ki nan menm fanmi KWA a. Twa lang sa yo se: 1) EVE nou jwenn nan peyi Benen, Gana ak Togo; 2) FON nou jwenn Benen epi 3) YOWOUBA nou jwenn Benen, Nijerya ak Togo.
Kontrèman ak kouran sibstratik la, kontan sipèstratik la konsidere lang ewopeyèn yo kòm baz lang kreyòl yo. Jules Faine, Robert Chaudenson, Salikoko Moufwene se reprezantan kouran sa ki bay lang ewopeyèn yo yon gran kontribisyon nan nesans kreyòl yo.
Kouran inivèsalis la se yon kouran ki met aksan sou yon seri règ langajyè jenetik ki fè kreyòl yo kapab devlope san enfliyans lòt lang. Dereck Bikerton se reprezantan kouran sa ak tèz li a ki rele «biyopwogram». Li met aksan sou sa ki rele «gramè inivèsèl» ki se yon posesis ine ki bay posibilite pou pale lang lan san enfliyans lòt lang. Bikerton pwopoze yon tèz natiralis epi dawinyèn pou esplike orijin lang kreyòl yo.
Chak fwa yon kreyòl elwanye kouran sipèstraktik la, li konsidere tankou yon kreyòl bazilektal. Se kreyòl nèg/esklav maron. Yon gwo kreyòl ki pa rafine epi ki pa gen pyès kontak ak fransè a. Se yon kreyòl ki plis rapwoche kouran sibstratik la. Kreyòl sa pèmèt nou konprann fenomèn dekreyolizasyon Ilrich Detch ap pale a. Se yon kreyòl k ap pèdi valè l. Konsa tou, yo pale de kreyòl akwolektal ki se yon kreyòl ki rapwoche kouran sipèstraktik la; se yon kreyòl ki plis rafine, ki pa pèdi valè l. Ou ta di li se yon kontinuite lang fransè a lè nou konsidere teyori kontinyoum Chaudenson nan. Nan mitan de (2) varyete sa yo, nou jwenn yon twazyèm varyete ki rele mezolèk. Se yon varyete ki pa ni panche sou kouran sipèstraktik ni sou kouran sibstratik la.
Jis konnyeya, nanpwen dout sou kontribisyon lang kreyòl yo nan kesyon fondamental k ap debat depi lontan nan lenguistik tankou inivèso lenguistik, transmisyon langajyè, chanjman lenguistik, gramè inivèsèl, elatriye. Sa fè n konprann kreyolistik se yon disiplin ki enpòtan nan lenguistik. Se sa ki fè anpil lenguis kreyolis toujou òganize kongrè pou etidye fenomèn lang kreyòl yo. Sa pou nou konnen, sè ke kreyòl yo se yon seri lang jèn ki bay anpil ide sou jan yon lang pran nesans. Sa fè yo sèvi ak yo tankou laboratwa pou konprann lòt lang ak orijin yo. Konnyeya kijan pratik ekriti kreyòl la fèt nan chan literè ayisyen an?
Istwa literè ayisyen an kòmanse apre endepandans nasyonal. Pou defann jèn nasyon an, ekriven yo pa t pran epe sèlman, yo te pran plim yo tou pou vann epi bay yon lòt imaj ak nasyon an pandan yo t ap kopye sou klasik fransè yo. Konsa, yo te fè yon literati angaje, koutizàn ak imitasyon nan lang ansyen mèt yo a ki se fransè.
Depi 1804, tout dokiman ofisyèl peyi a ekri an fransè. Nou ta di lang kreyòl la pa sivilize, li pa kapab moute tab oubyen li pa kapab nan zafè politik ak kesyon pouvwa. Dayè, deklasyon endepandans lan an fransè detèmine chwa lenguistik ofisyèl nasyon an oubyen premye repiblik nwa a alòske mas pèp la ki gen majorite ansyen esklav, sòlda yo, pataje sèlman lang kreyòl la an kòmen kòm sèl lang yo kapab kominike. Sa fè nou konprann zafè lang lan, se yon manyè pou kontwole kòman yon moun ka pran pouvwa. Sa fè peyi a vin divize an de (2) kan sou plan lenguistik: yon kan kreyòl kote w jwenn mas pèp la ki egal a 95%; se lang ki sèvi pou pale nan fanmi ak nan geto yo; se lang ki pi imilye a. Lòt kan an se kan fransè a ki se lang ofisyèl ki sèvi pou ekri epi pale nan tout biwo. Men jounen jodi a, lè nou konsidere tout zèv otè ayisyen yo pibliye Ayiti oubyen nan dyaspora a, nou kapab di literati ayisyen an ekri nan plizyè lang tankou fransè, espanyòl, anglè ak kreyòl. Nan travay sa, n ap met aksan sou literati nan lang kreyòl la ki vle fè lang kreyòl la yon zouti literè, yon lang tout ayisyen pale; yon lang menase, san memwa literè jan George Castra ta di l.
Depi lontan, moun kòmanse ap ekri nan lang kreyòl. Jeneralman, giyanè Alfred Parepou, se premye moun ki ekri yon woman an kreyòl ki rele Atipa nan dat 1885; men nan lane 1869, nan Trinidad, John Jacob Thomas te pibliye yon gramè kreyòl ki te rele « Kèk analiz sou teyori ak pratik lang kreyòl la» (Jean-ClaudeBajeux, 1999).
Nan antiy fransè yo tankou Matinik, Gwadloup anpil tèks te ekri an kreyòl soti nan 19èm pou rive nan 20èm syèk la (Hazaël Massieux, 2008). An Ayiti, gen de (2) poto mitan ki ouvè pòt literati kreyòl ayisyen an. Youn se Oswald Durand; lòt la se Georges Sylvain. Tou de (2) pran plim yo pou ekri epi pibliye pwezi an kreyòl. Anvan yo se te kèk grenn mo kreyòl tou depaman nou te konn jwenn nan liv blan ki te konn vwayaje nan koloni an te ekri sou koloni an. Se kèk moso mo kreyòl yo te tande, kèk chante oubyen pwezi. Youn nan moun nou kapab konsidere nan sans sa a, se Moreau de Saint-Meri. Nan travay li fè sou koloni sendomeng lan nan twa volim, li pale sou sosyete kreyòl la nan yon chapit. Nan chapit sa, li transkri yon ti chante ki rele chante lizèt ki ta konsidere tankou premye tèks ki ekri nan lang kreyòl la (Jean-Claude Bajeux, 1999).
Daprè Jean-Claude Bajeux (1999), ti chante sa a ki rele ti chante lizèt la, nou jwenn li nan plizyè liv apre liv Moreau de Saint-Meri a. Nou jwenn li nan yon liv pwezi ki rele «Idil ak chante» ki te parèt filadèlfi, nan Etazini, nan lane 1808. Se yon liv anonim, men se yon moun ki t ap viv nan koloni sendomeng lan ki te ekri l (Jean-Claude Bajeux, 1999). Men «Choukoun» se premye tèks ofisyèl otantikman kreyòl nou kapab konsidere. Se powèm lirik Oswald Durand te ekri nan dat 1883. Se powèm ki pi selèb ki ekri an kreyòl ki pale sou bote yon jèn fi. Li te ekri powèm sa pandan li te nan prizon pou Koz politik. Christophe Charles di powèm sa a se premye powèm ki te vreman ayisyen (Christophe Charles, 2000a). Menm Durand sa te ekri yon ti kont an kreyòl ankò ki rele «lyon ak bourik» nan lane 1896.
Nan lane 1901, Georges Sylvain te pibliye «krik! Krak!» kote l te tradui kèk fab Jean de Lafontaine nan lang kreyòl ayisyen an. Lè nou rive nan katriyèm peryòd literati ayisyen an, romansye reyalis yo te itilize souvan yon seri espresyon ak mo oubyen lokisyon kreyòl nan narasyon (woman) yo. Lokisyon sa yo souvan itilize nan dyalòg yo. Woman Justin Lhérisson yo (la famille des pitites caille, 1905 ak zoune chez sa ninnaine, 1906), se de (2) bon ekzanp. Lhérisson itilize yon langaj ki senp tout moun kapab metrize. Li pa kole mo kreyòl yo sou yon sentaks fransè, men li fè yon kreyasyon pandan l ap esplwate lang fransè a. Sa fè li anrichi lang kreyòl ayisyen an. Sonje lang lan jwe yon wòl idantidikatè paske l pèmèt nou idantifye moun k ap pale a. Woman sa yo konsidere tankou lodyans, sa vle di yo fèt pou rakonte. Maurice Sixto, se premye moun ki fè lodyans. Li kapab konsidere tankou mèt oswa papa lodyans.
Jacques Roumain tou, nan “gouverneurs de la rosée” ki te pibliye nan lane 1944, pratike yon fòm ekriti kreyòl nan chan literè ayisyen an. Otè sa yo itilize yon seri fraz kreyòl nan mitan fransè a yo pral rele pita kreyòl fransize ki se yon estil.
Jean Price-Mars, bò kote pa l, te mande pou tout moun save nan peyi Dayiti te etidye kilti popilè a ak tout sa li gen ladan l tankou kont, chante, pwovèb ak kwayans. Nou jwenn gran ekriven sa a nan lekòl endijenis lan ki fè kontinuite lekòl literè 1836 la ki te rele kòmansman womantis ayisyen an. Sonje nou pa kapab etidye kilti popilè pèp ayisyen san etidye lang kreyòl la paske lang yon pèp se yon gwo eleman nan kilti pèp la.
Malgre tout sa yo, literati kreyòl ayisyen potko ka chita byen paske majorite moun ki t ap ekri an kreyòl nan epòk sa pa t ka pibliye zèv yo. Se kòm si yo ekri fèmen nan tiwa. Lydia Bradford (2017), ba nou yon kout limye sou sa. Li di konsa: «nou ka konprann jan powèt ta vle ekri an kreyòl si se lang ki simante tout pèp la, men nou ka konprann tou poukisa avan tan sa a (lane 1987, lang kreyòl la te vingen yon estati ofisyèl jan sa ekri nan atik 5 ki konstitisyon 1987 la) pa te gen anpil powèt ki te ekri an kreyòl, paske Leta ak lòt pa te rekonèt li. Anplis, powèt sa yo pa t aprann an kreyòl. Tankou nou wè, se jouk nan lane 1979 gouvènman ayisyen an te pèmèt lekòl an kreyòl». ( Lydia Bradford, 2017, p.7)
Daprè Lydia Bradford, nan tèz «lavi prezi kreyòl ayisyen soti nan lane 1975 rive 2000: yon vitrin idantite ak resistans lengwistik», (2017), pou konprann sitiyasyon pwezi ayisyen nan espresyon kreyòl, nou dwe konprann sitiyasyon lang an Ayiti. Selon otè a, soti nan lane 1975 rive nan 2000, gen yon gwo chanjman lenguistik ki te fèt an Ayiti. Nan lane 1979, pou premye fwa dirijan ayisyen yo pral rekonnèt kreyòl kòm lang ofisyèl. Refòm Bernard pèmèt timoun aprann kreyòl nan lekòl. Nan lane 1987, lang kreyòl la vin gen yon estati ofisyèl jan sa ekri nan atik 5 konstitisyon (1987) la ki di: «Sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt ansanm, se kreyòl la. Kreyòl ak franse se lang ofisyèl1».
Nan Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, Michel-Ange Hyppolitefè yon ti kout je soulistwa pwezi kreyòl ayisyen an, soti nan oraliti rive nan ekriti. Li pale sou tout peryòd pwezi kreyòl yo an Ayiti. Li divize literati ayisyen an, an de seksyon: yon literati oral nou rele oraliti» ak yon literati ekri. Oraliti a te koumanse pandan peryòd esklavaj larive jouk jounen jodi a. Literati sa pran anpil fòm diferan tankou: lapriyè, ginen, kont, chante, ak pwovèb ke nou kontinye wèjoukjodi a.
Literati ekri a menm te vrèman kòmanse nan 1757. Premye powèm nou wè ki te ekri an kreyòl se «Lisette quitté la plaine» an 1757. Kèk lòt powèm te enpòtan pandan peryòd sa a tankou «Evahim ak Aza», yon powèm Descouritz te tranksri an 1811. Nou wè pandan peryòd «Sèman bwa kayiman»,Boukmann fè yon priyè Hérard Dumesle te transkri nan lane 1824.
Literati kreyòl ayisyen an t apral demare tout bon vre nan lane 1953 lè Félix Morisseau-Leroy, ekriven ayisyen yo konsidere kòm papa pwezi kreyòl ayisyen an (Michel-Ange Hyppolite, 2000) te pibliye «Antigòn ak Djakout». Antigòn se yon pyès teyat epi djakout se yon rekèy powèm. Bradford di nan tan sa a, kreyòl te antre nan yon peryòd otonomi epitou powèt yo te chache tèm ak fòm inovatè pou twouve pwòp pwezi yo. Se pandan peryòd sa tou sosyete koukouy ta pral kòmanse (Lydia Bradford, 2017).
Félix Morisseau-Leroy se yon ekriven bileng; sa vle di li pibliye ni an fransè, ni an kreyòl; men depi 1953, li bay tèt li misyon pou li ekri definitivman an kreyòl. Se konsa li pibliye: Djakout-1 (1953), Antigòn, (1954), Djakout-2 (1971), Jaden kreyòl (1977), Kasamansa (1977), Wa Kreyon (1980), Vilbonè (1982) epi Djakout-1,2,3 (1983).
Daprè Morisseau-Leroy, kreyòl la granmoun menm jan ak tout lòt lang; se yon pi bon zouti tou pou ayisyen ta itilize pou pwodui paske ap gen plis moun ki konprann li. Nan lide sa, li te kwè lang kreyòl la se yon richès pou moun k ap ekri epi pou li montre sa, li t apral fè tradiksyon zèv klasik tankou: Antigòn (1953), Wa Kreyon (1953).
Morisseau-Leroy pa ekri pwezi sèlman an kreyòl, li ekri teyat ak nouvèl tou. Se li ki ouvè chemen modènite a nan literati kreyòl ayisyen an paske l te vire do bay vèsifikasyon pou l te ekri an vè lib. Apre li, chan literè ayisyen an vin anboubye, bonbade ak ekriven ki ekri nan lang kreyòl ayisyen an. Franck Fouché te pibliye yon pyès teyat ki rele «Edip wa». Kòman nou ta fè bliye Franckétienne ki te pibliye «Dezafi» nan lane 1975? Se premye woman ki ekri epi pibliye an kreyòl ayisyen nan lane 1975. An 2019, li te resevwa yon kantite prim ki gen ladan prim pi bon liv tradui. Dézafi nan kreyòl ayisyen an vle di: batay kòk. Se yon woman ki gen yon entrig sibtil epi ki chita sou yon estil abstrè ki se yon karakteristik mouvman espiralis la. Sonje Franckétienne se youn nan reprezantan mouvman espiralis la ansanm ak René Philoctète et Jean-Claude Fignolé.
Nan Dézafi, Franckétienne fè pase yo gwo bout tonton mesaj politik kont diktati Duvalier a. Malerezman, nan moman an, anpil moun pa t konn ni li ni ekri an Ayiti. Sa yo ki te li ak ekri yo te meprize lang kreyòl la. Sa fè anpil moun pa t tande vwa Franckétienne ki t ap rele pèp la pou revòlte kont rejim diktati Duvalier.
Nan woman sa a, Sintil, yon oungan lokal oswa prèt vodou ak konpayon li yo se yon alegori ki vwale pou rejim Duvalier a ki te dirije Ayiti nan moman woman an te ekri. Kanta zonbi yo nan woman an, yo reprezante pèp ayisyen ki t ap viv anba rejim nan. Frankétienne t ap fè konnen popilasyon ka ranvèse rejim Duvalier a si yofè yon soulèvman menm jan zonbi yo te ranvèse Sintil la.
Sa ki rele zonbi, se moun yo pote tounen nan lavi soti nan yon eta tankou lanmò pa yon oungan pou travay, se esansyèlman esklav. Yo pa ka pale, panse, epi yo pa gen fonksyon mantal. Yo la nesesèman pou travay plantasyon an. Enben, Sintil te kontrole zonbi yo gras ak lèd pitit fi li, Siltana epi yon nonm ki rele Zofè.
Nan woman sa a, li itilize yon seri mo ak espresyon kreyòl ki bay lang lan anpil bote epi anrichi li tou.
An 1976, li pibliye «pèlentèt» ki fè anpil siskè. «Pèlentèt», se yon pyès teyat. Nan menm ane sa, Georges Castra te pibliye yon rekèy powèm ki rele «koubèlann». Li se yon defansè lang kreyòl la nan milye sosyal ayisyen an. Nou pa fouti bliye Georges Castra Fils ki fè yon travay kolosal nan pwezi kreyòl la, Sito Cavé, Jacques Chalier, Lionel Trouillot, Evelyne Trouillot, René Philotècte, Jean Pierre-Richard Narcisse, Farah MartineLhérisson, Manno Eugène, elatriye. Se yon seri ekriven kreyolofòn ki ekri nan lang kreyòl la selon ekzijans lang lan.
Nan lane 1992, Lyonel Trouillot te ekri powèm, «Paj ekriti,» pou li montre relasyon li avèk powèm li oswa ekriti li. Li di:
Ou kanpe nan maj la
w ap jwe nan rèv mo yo
paj pa paj
n ap fè lanmou
sou papye kadriye
Nan dezyèm vè a «w ap jwe nan rèv mo yo,» li montre jan powèt yo ka manipile lang y ap travay ladan an nan anpil fason diferan pou montre sa yo vle di e se nan nenpòt ki lang. Dayè, se powèt la ki pou deside ki lang li vle itilize.
Nan yon powèm tankou «Nou pase kay etranje,» Boadiba itilize toutrèl pou kreye yon imaj libète nan sens libète apati etranje.
Nan powèm sa a,
li kreye yon imaj opresyon. Li di:
Nou antre nan kizin etranje
Nou jwenn toutrèl nou
K ap kuit nan chodyè yo
Yo ta chode toutrèl lavi n
Yo ta toufe zwezo bèlte n
Men gen moun ki pase
Chodyè a dekouvri
Toutrèl vole l ale
sou dife a l kite
on chodyè vid k ap boule
Se limaj opresyon nou wè nan powèm nan. Sa montre etranje esplwate nou. Lè otè a di etranje «chode toutrèl lavi n», «toufe zwezo bèlte n»; se yon reprezantasyon pou montre pèp ayisyen ki anba opresyon entranje. Men li moutre tou toutrèl sa vin sove, vin lib paske yon moun te vin ouvè chodyè epi toutrèl la te vole, vole ale; ale nèt. Li kite etranje avèk «yon chodyè vid k ap boule». Sa vle di, etranje pèdi objè opresyon.
Note
Biyografi
BAJEUX, Jean-Claude (1999), Mosochwazi Pawòl Ki Ekri an Kreyòl Ayisyen = Anthologie de La Littérature Créole Hatienne, Port-au-Prince, Haiti, Editions Antilia.
BERROUET-ORIOL, Robert (2015). Les grands chantiers de la traduction en créole haïtien, http://www.berrouet-oriol.com/linguistique/traductologie-créole/chantiers-traduction-creole (Consulté mars 2023).
BRADFORD, Lydia (2017), Lavi pwezi kreyòl ayisyen soti nan lane 1975 rive 2000: Yon vitrin idantite ak rezistans lengwistik, A thesis submitted to the Department of Romance Studies for honors Duke University Durham, NC.
CASTERA, Georges, PIERRE, Claude, SAINT-ÉLOI, Rodney, et TROUILLOT, Lyonel (2003). Anthologie de la littérature haïtienne: un siècle de poésie, 1901-2001, Montréal, Mémoire d’encrier.
CHARLES, Christophe (2000a), Pawòl Kreyòl: Literati Kreyòl an Ayiti, 1750-2000 = La Littérature Haitienne D’expression Creole, 1750-2000: Histoire et Anthologie, Port-au-Prince, Haiti, W.I.: Editions Choucoune.
DORISMOND, Edelyn (2000). Le problème haïtien: essai sur les racines de la colonialité de l’État haïtien, Éditions Étoiles polaire.
DUMAS, Pierre-Raymond, MORISSEAU-LEROY, Félix. «Anpenpan» (1912-1998), yon atik ki pibliye nan jounal Le nouvelliste jou ki 17 me 2010.
DURAND, Oswald (1896). «Choucoune», Rires et Pleurs, Paris, Crété.
FRANKÉTIENNE (1975). Dézafi, Port-au-Prince, Fardin.
FRANKÉTIENNE (1978). Pèlen Tèt, Port-au-Prince.
HYPPOLITE, Michel-Ange (2000). Istwa pwezi kreyòl Ayiti. Coconut Creek, FL: Educa Vision.
JULES, Faine (1937). Philologie créole: études historiques et étymologiques sur la langue créole d’Haïti, Port-au-Prince, imprimerie de l’État.
MASSIEUX, Hazaël (1993). Écrit en créole. Oralité et écriture aux Antilles, Paris, l’harmattan.
MORISSEAU-LEROY, Félix (1953). «Min gen ça té pasé», Diacoute, Port-au- Prince, Deschamps.
PARÉPOU, Alfred (1885). Atipa, Paris, Auguste Ghio.
ROBERT, Chaudenson (1988). Les créoles français, Gallimard.
SYLVAIN, Suzanne (1936). Créole haïtien: morphologie et syntaxe, Port-au-Prince.
SYLVAIN, Georges (1901). Cric ? Crac !, Fables de La Fontaine racontées par un montagnard haïtien, Réédition, Port-au-Prince, FOKAL, 1999.
XVe colloque des études créoles (31 octobre à 4 novembre ?), pourquoi étudier les langues, cultures et traditions créoles aujourd’hui, Baie Mahauld, Guadeloupe.
Konstitisyon Repiblik Ayiti, 1987.
https://kreyoliti.wordpress.com/2019/11/19/prezantasyon-ote-felix-morisseau-leroy/
http://www.ventsdailleurs.com/index.php/leslivres/litterature/item/dezafi (Lien à vérifier!)
*