Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Lavi pèp Ayisyen, li pa ka bèl,
Anverite, li pa ka dousè lajwa,
Lè yo konnen se sou san frè-l
Peyi Lafrans souse bon siwomyèl
Moùn ki fouye byen fouye Listwa
Wè lavi, an Ayiti, pa fouti bèl
Lè yo konnen ak chuichuichui,
Byasou, Edouvil, Rigo, Blanchè,
Revòlt yo-a pa t’ka wè klè
Lavi pèp Ayisyen te tou koule ak ma
Avèk Yayou, Kristòf epi Jefra
Ki fin pran Belè ak Kapwa
Manniganse rèd-chèch enpi touye Desalin
Lavi pèp Ayisyen pa fouti siwolin
Lè Listwa aprann kouman Yanki
Pa t’ezite touye k’oun rat
Oun Nèg vanyan tankou Peralt
Lavi pèp la lan di: yo klase-l kòm kokorat
Dèske pòv malere pa biwokrat
Poutan se swadizan boujwa gwo-vant
Ki lage peyi Ayiti sou move pant
Se jodi mas-pèp la ap pran degwo espant
Zwazo mechan vle toupizi-l ak pataswèl
Bèt la mande l kraze demokrasi-l
Pou li mete, ak gwo kout-bèk, oun lòt lan gou-l
Lavi pèp Ayisyen p’ap janm fasil
Sitou lè li derefize kondui-l an tyoul
Li fin konnen ak Tant Siya anyen p’ap koul
Sèvis la divize-w pou se li k’tou pran fil
Ernst Registre 2004