Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kout lang pa dous

Anderson Dovilas

Si w panse lang ou pa sifi pou tradui reyalite w,
gade si w ka espantan nan yon lòt lang.

Li posib pou yon Ayisyen panse lang natif natal li a se yon fado ki ka anpeche l layite konesans li nan kat kwen mond lan. Pèsonn paka kriminen l pou sa, si l grandi nan yon sosyete ki aprann li, konesans nan lang matènèl la pa moute tab. Ou ka konprann diferans sa fè nan lavi yon timoun, ki rive lekòl, k ap tande yon pwofesè k ap pale menm lang avèl pandan l ap montre l lasyans nan yon lòt lang. L ap otomatikman mete nan tèt li lasyans pa fèt nan lang li pale a. Sa nou rele nan rejis pan ou fenomèn «Kout lang nan». Li enposib pou w aprann yon moun renmen tèt li nan foto, si chak lè w fin pran imaj li, sa w montre l yo pa janm byen parèt, li toujou mal kanpe nan foto w fè pou li yo, ou byen imaj la pa byen netwaye. Nan sans sa a, l’ap kòmanse pè kamera, rayi fè foto, pa fè okenn fotograf konfyans, jouk li vin pè gade figil nan miwa.

Ayisyen ki konn li yo viv menm eksperyans sa a ak fenomèn «Kout lang nan». Pi gwo operasyon ki pèmèt yon moun rete atache ak yon lang. Se lè lang sa a toujou vivan nan lespri li, akoz li konn kijan pou l marinen fonèm yo jouk yo fè sans pou li. Sa vle di, si w pa janm konn ni li, ni ekri egzèsis sa a pap travèse lespri w. Se menm jan lè w gade arab ak chinwa ou wè yo se madjigridji. Paske w pa gen oken referan aktiv pou senbòl sa yo.

Ki donk, refleksyon sa a montre nou aklè lekòl se premye kote nou pran «Kout lang». Se premye kote lang Ayisyen pèdi valè l nan sosyete a, jouk rès popilasyon an tonbe nan yon ensekirite lenguistik san konprann pouki, san reyalize jan pale franse sonnen lespri nan zòrèy yo.

Yon lang san gadò

Tout kanpay sou enpòtans yon lang dwe kòmanse pa kreye yon fason pou angaje moun ki pale ak ekri lang nan pou veye sou li. Sa vle di, kreye yon konsyans lenguistik jouk tout antite nan lavi nasyonal li rive konprann, apre yo fin moun nan yon dimansyon legal (Nasyonalite). Yo se moun nan yon dimansyon kiltirèl (Idantite), ki fasilite yon kominikasyon natirèl espirityèl nan mitan yo, kote youn transfere konensans bay lòt. Travay sa a Akademi an pa ka fè l pou kont li. Se pou chak grenn konpetans nan sosyete a ladrès anime, tounen yon misyonè jouk yo rive enfliyanse pou pi pitit moun ki pi pwòch yo wa. Yon lang san gadò, se yon lang degrenn gòch. Se yon lang maltrete, defigire, denatire.

Yon lang san prestij

Pa gen okenn lang sou latè ki tèlman byen soude ki pa ka derasinen. Si fenomèn devalorize, dezapresye yon lang pat egziste konsèp Glotofaji a pa tap gen plas li nan domèn lenguistik la. Fenomèn Kout lang nan tèlman vivan lakay nou, apre nou fin aprann li yon lòt lang, aprann ekri yon lòt lang anvan nou konn li ak ekri lang natif natal la. Yo fòse nou kwè lanmou pi bèl nan yon lòt lang, fè nou kwè emosyon nou ka pi byen kanpe nan yon lòt lang. Si nou pran tan nou tande lè Medam ki janbe karant (40) lane yo ap pale. Anpil renmen di : « Kounye a pa gen lanmou ankò, lontan lè yon nèg pral fè yon deklarasyon damou fòk fransè l byen file, byen pwenti, fòk lèt li ekri pa gen fot. » nou ka wè enpòtans fransè a ki marande ak yon egzijans akademik te genyen nan eksprime santiman. Pou yo menm lanmou pap egziste ankò si l pa ka kontinye eksprime nan fason sa a. Sa ki grav la, se lè nou retire prestij lang nan dokiman ofisyèl k ap sikile yo, korespondans administratif elatriye… san nou pap bliye dokiman akademik syantifik nap itilize yo poko disponib nan lang nasyon an. Menm si nou konnen aklè se pa yon pwoblèm konpetans ak mwayen ki anpeche sa a. Nan sans sa a, ki kote pwoblèm nan ye?

Pou n ale pi lwen nou ka di: «Jiskaprezan Leta poko pale menm lang ak popilasyon an.». Mario Chandèl nan yon Kanaval di: «Desalin ba n yon peyi san swe» yon jan pou l di nou, sispann salanbe ak likide eritaj zansèt yo. Nou ka di, si nou te konprann estrateji pou regwoupe esklav ki pa pale menm lang sou menm teritwa a. Nou pa tap neglije lang libète a konsa.

Yon lang grizonnen

Youn nan fason ki pi senp nou ka defini yon lang syantifikman. Se atache l ak reponsabilite premye li, ki se pèmèt moun kominike. N ap pale yon nivo kominikasyon atikile, nan ka sa a li pa ramase tout jan moun ka kominike. Sa vle di, nou itilize son, ak yon sistèm grafik pou koresponn ak son yo, jouk li fè sans pou nou. Sa vle di, dyalòg pa posib ak senbòl depaman. Se sa ki fè, F. Saussure pral enskri Lapwòl nan yon kad pèsonèl kote endividi a woule son yo sou lang li jan li vle apre konbinezon fonèm mòfèm yo fin byen soude nan tèt li.

Endividi a, se ajan ki pi fidèl lang nan posede. Jan yon moun pale ka fasilite w entegre li nan yon rejis rejyonal, klas sosyal, anplis vokabilè l ap itilize yo ap montre w enflyans etnik, politik, entèlektyè ak nan ki tranch laj li ye. Se pa ni maji, ni espyonaj divinò. Se tou senpleman yon reyalite syantifik, kote chak moun se mèt lang li pale a nan jan mond lan dekoupe nan konpresyon li. Si ekspresyon syantifik, atistik estetik yo gen plis enpòtans pou yon endividi nan yon lòt lang, li pap gen okenn enterè anrichi pale l nan domèn sa yo nan lang li an. Sa nou sot site anwo yo se pi gwo feblès Kreyòl Ayisyen genyen nan sosyete a. Tout otan Kreyòl Ayisyen pa gen yon prezans fizik nan enstitisyon yo, tout otan Leta ap mawon reponsabilite li, lè pou li egzije ak fasilite yon sikilasyon fòmèl lang natif natal la, nan konpatiman soyete a. Se tout otan Akademi Kreyòl Ayisyen an ap rete nan faz sansibilizasyon. Paske Politik lenguistik la dwe yon reyalite, li lè li tan pou konsèp sa a ateri nan sosyete a.

Anderson Dovilas

Lenguis/ Powèt-Ekriven/ Tradiktè
Direktè Maketing Coconut Publishing Company, Inc.
Direktè Seksyon Kiltirèl Tele-Anacaona

Références

SAUSSURE, Ferdinand de (1973) Cours de linguistique générale, Paris, Payot, 510 p. (édition critique préparée par Tullio de Mauro).

SCHNAPPER, Dominique (1994) La communauté des citoyens: sur l’idée moderne de nation, Paris, Gallimard, 228 p.

SIMARD, Jean-Jacques (1988) «La révolution pluraliste: une mutation du rapport de l’homme au monde», dans OUELLET, Fernand (dir.) Pluralisme et école: jalons pour une approche critique de la formation interculturelle des éducateurs, Québec, Institut québécois de recherche sur la culture, p. 23-55.

STOLCKE, Verena (1995) «Talking Culture: New Boundaries, New Rhetorics of Exclusion in Europe», Current Anthropology, vol. 36, no 1, p. 1-13.

TAGUIEFF, Pierre-André (dir.) (1991) Face au racisme, Paris, La Découverte, 2 vol. (246 et 335 p.)

THÉRIAULT, J. Yvon (1993) «Le droit d’avoir des droits», dans LAFONTANT, Jean (dir.) L’État et les minorités, Saint-Boniface, Les Éditions du Blé / Presses universitaires de Saint-Boniface, p. 13-28. (Actes du colloque qui a eu lieu au au Collège universitaire de Saint-Boniface les 6 et 7 novembre 1992)

WHORF, Benjamin Lee (1956) Language, Thought and Reality (Selected Writings of Benjamin Lee Whorf), Cambridge, The MIT Press, 278 p. (sous la direction et avec une introduction de John B. Carroll)

WIEVIORKA, Michel (1991) L’espace du racisme, Paris, Seuil, 251 p.

WOLF, Eric R. (1994) «Perilous Ideas: Race, Culture, People», Current Anthropology, vol. 35, no 1, p. 1-7

boule

 Viré monté