Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kondisyon pou pibon rekonstriksyon nasyonal

Dima Lafontan

Oktòb 2008

 

 

 

 

Charle Anatole. © Galerie Nader

Charle Anatole

 

Ayiti se oun peyi kap devlope poutètsa Newokolonis an dwa toujou site faz sila a pou jistifye mank entegrite politik e souverènte teritoryal. Men done endis devlopman newokolonis kolekte kache Ideyalis ki pran fòm nan estrikti vètikal, tankou Repiblik, moun pa egal. “Filozofi ki tabli ras blan siperyè, e ras nwa enferyè se sous tout vyolans pami moun” (Selassie, I, 1963. Asanble Jeneral Nasyonzini), epitou li lakòz moun nwa oprese tèt yo (italik se pam).

Ide moun pafè, lelit reyalize nan Repiblik e konsepsyon Repibliken pami moun ki tap lite pou libète nan Sendomeng date depi Oge, Chavannes, e Toussaint. Nan lalwa egzistans pati Lwès Ayiti Kiskeya egziste pou sèl enterè oun Metwopol pran kò jiridik nan Konstitisyon 1801, Atik 3 deklare “Tout moun ki fèt sou zile a se Francais.” Erezman, Napoleon pat konprann politik Dominyon Toussaint, tankou Pharaoh Egypt ki te pito plonje lame nan Lanmè Wouj olye li te bay pèp Israel libète, Napoleon te prefere pèdi lame Francais nan Sendomeng olye li te aksepte prensip tout moun fèt lib e egal.

Trajedi nan istwa Ayiti la Premiere Republique Noire akouche nan asasina Papa Dessalines, Premye Chèf Pos-Kolonyal Ayiti, 17 Oktòb 1806. De jou Christophe e Petion a jodiya sa fè plis pase 200 zan lit klas, selon Karl Marx, dirijan kont peyizan e travayè. Ò Toussaint yo konsidere Prekisè Endepandans Ayiti esplike tèt li kòm bwa. Dapre Toussaint, Francais yo “lè yo te arete li te koupe pyebwa libète nan Sendomeng; lap repouse nan rasin fon e anpil.” De 1801 a 2004 make plis pase 200 zan kolonis ap kidnape, egzile, asasinen lidè Ayisyen majorite mas la chwazi.

Enfondreman Ayiti filozofik, politik, e li evidan ekolojik, tandiske ekonomikman, “tradisyon agrè e egalite” (Fick, 1990) ak kontra sosyal pami mas Ayisyen anpeche famin tiye majorite popilasyon an; kididonk, gen oun pase nèg se bwa, e oun pwogram koupe pyebwa ki lakoz delabreman la Premiere Republique Noire.  

Si Ideyal la pa kòrèk enben Leta Ayisyen pi inapropriye pou satisfè e depase doleyans popilasyon an. Èske se pa oun fè esklizyon trè pwononse nan la Premiere Republique Noire, pa egzanp, Restavèk ak oun bann moun pran nesans san batistè. Men sa ki pi rèd Leta Ayisyen prefere bay kat elektoral, nasyonal olye li asire li tout moun gen batistè, papye tè, elatriye. Pa gen dout Leta Ayisyen reponn sèlman a egzijans etranje tankou mache lib, privatizasyon, elimine tarif, elatriye. Alòske Leta Ayisyen ap fè tou sa International Financial Institutions (IFI) mande pou envestisè prive dirèk ann Ayiti; sepandan, nan peyi envestisè etranje yo trete Ayisyen tankou kriminèl.

Fas a delabreman la Premiere Republique Noire remake nesesite oun idewoloji selon eksperyans e konsyantizasyon Ayisyen sipòte pa Gwoupman yo pou redrese bak nasyonal la. Li pa kapab otreman paske tank eleman natirèl yo ap koze dega chomaj ap ogmante; laperèz ap rekreye Bondye; inegalite ap vini pi akseptab e sosyete la ap dezentegre nan divizyon, eli letènèl, limyè mond lan, e defansè lafwa kont mas la, vodouyizan, elatriye. Se paske pa gen idewoloji ki fè dirijan la Premiere Republique Noire toujou gen tandans gade lòt kote, chèche solisyon lòt kote olye yo fokis sou legasi istorik e tradisyon Afrik.

Depandans youn pou lòt se moman dyalektik ki raple Antenor Firmin, prensipalman etid li fè, de l’egalite des Races. Pou Kwame Nkrumah, premye prezidan Ghana, Afrik, nou di w: “Moralite dwe baze sou egalite moun.” Nkrumah kontinye pou li di “Se egzakteman sa Filozofi Konsyantizasyon fè.”

Petèt gran merit e valè Firmin sitye nan antwopoloji; sepandan, Firmin te oun pèsonaj politik tou. Leson moral Papa Firmin aprann mond lan kondwi a moun opliryèl ak tout dwa pou yo patisipe nan desizyon nasyon an ap pran. An tèm konkrè, Firmin fè moral, egalite moun pase nan politik. Pa gen dout se dapre etid sila a Krumah afime Filozofi Konsyantizasyon fè sa Immanuel Kant entèdi paske apa de Papa Firmin nou pa li okenn lòt travay syantifik ki sipòte “Egalite Moun” pa rapò a antwopològ oksidantalis kap pwone inegalite moun.  

Ayisyen ap konfwonte oksidantalis, kolonis, enperyalis, divizyon, e soudevlopman, e chak, separe osnon ansanm, ap milite kont “reyalizasyon inyon sou baz jis e ekitab” (Alexis, 1956). Nan la Premiere Republique Noire yo komèt plis zak negatif ke pozitif. Se sa ki esplike menmsi Ayiti endepandan ofisyèlman depi 1 Janvye 1804, newokolonis ap siye banda nan peyi la toutan jeneral solèy pa klere.

Pou limyè jayi Gwoupman yo dwe sipòte aksyon pozitif, e amelyorasyon kalite mas la pa Lekòl Ayisyen pito Afriken ki pral ogmante niwo konsyantizasyon, epitou abilite pou aji pozitivman ap monte (Nkrumah, 1964).

Ann gade fonksyonman oksidantalis, newokolonyalis ann Ayiti. Majorite mas la denonse grangou kloròks la. Prezidan Preval di: “Lè yap fè manifestasyon pase chèche li.” Premye Minis Jacques E Alexis di: “Gouvènman an pa kapab fè anyen paske li blije respekte angajman li ak IFI.” Dirijan majorite mas la eli vini separe ak mas la olye yo aji tankou vrè lidè e gid selon chak pwen prensip byennèt jeneral, yo neglije pwòp baz yo, e yo vini redwi an zouti opresyon newokolonyalis.

Apre chòk kat (4) siklòn lane 2008 ki fann Ayiti miyèt mòso, etranjman oun sòt de revèy anndan, se sèten okipasyon militè Meriken patikilyèman nan Gonayiv la Cite de l’Independence an Fevriye 2004, e siklòn Jeanne ki te ravaje la Cite de l’Independence an 2006 pat pwoblèm pou lelit Ayisyen, toutakou dirijan redekouvri trezò nasyonal la e se konsa Prezidan Preval rekòmande Rekonstriksyon Nasyonal. Ò trezò nasyonal la pa lòt bagay ke “resous imen prezidan an di peyi la dwe depann olye de èd etranje (italik se pam)” (Asanble Jeneral, Nasyonzini, 2008).

“Rebati Ayiti egzije aksyon pozitif ki garanti nouvo reyoryantasyon aksyon politik pou fè evolisyon sosyete a ale pi vit. Katalisis aksyon politik entwodwi nan evolisyon sosyal reprezante oun ekonomi tan, lavi e don” (Nkrumah, 1964).

Ayisyen pa nayif pou li panse oksidantalis, newokolonis pap reziste Rekonstriksyon Nasyonal; kididonk, nan chak kafou oksidantalis, newokolonis kanpe kwa, tankou Ku Klux Klan men san dife, e pou Ayisyen kontinye sou wout long devlopman fòk gen oun idewoloji. Pa egzanp, anpil obsèvatè kredite devlopman Repiblik Dominikani a idewoloji, ansòt anti-Ayisyen, Leonido Truillo, ansyen prezidan Repiblik Dominikani, te atikile epi Joachim Balaguer, ansyen prezidan Repiblik Dominikani, kontinye. Fòk nou pa bliye tou se selon idewoloji sa a ki fè nan lane 1937 Lame Dominikani masakre plis pase 30,000 Ayisyen. Sepandan, se erè pou nou wè apwòch klas dirijan ann Dominikani tankou rasis pito yo vle-aji pou anpeche peyi yo tonbe tankou La Premiere Republique Noire. Spesifikman, nou pa dwe ap akize dirijan Dominikani rasis paske se jefò yap fè pou yo pa komèt menm erè klas dirijan Ayiti ap repete depi lane 1806. Kididonk, nan devlopman kilti e nasyon Dominiken vle rete lib oun fason pou kominote entènasyoal la pa eskli yo, osnon inyore yo sitou lè yap atikile priyorite nasyonal.

Se oun verite ki pa bezwen verifye divizyon rann Ayisyen fèb; yo pa kapab fè jistis mache nan sosyete la. Pou Nkrumah nou di w: “Sosyalis Syantifik” ap pèmèt evalyasyon e jijman chak evènman, fè ki afekte moun; e, mas la ap toujou rive dekouvri nenpòt aspirasyon ki kont enterè nasyon Ayisyen.” San dout apwòch syantifik ap bay rezilta nap konte:

  1. Rekonekte Ayisyen a “tradisyon kominal agrè ki asire egalite e imanite (italik se pam) (Fick, 1990);
  2. Adapte metòd pwodiksyon e òganizasyon pou enterè e rekonstriksyon nasyonal;
  3. Fèmen e anpeche enkoyerans e enterè dominasyon;
  4. Reklame esans moun;
  5. Defann endepandans Ayiti e sekirite Ayisyen.

Pa gen dout Firmin, Nkrumah et al, vrè trezo mondyal pa ekselans, deja trase chimen pou Ayisyen swiv. Fè enteresan sèke de pèsonaj sila yo itilize pwòp fòm kolonis pou atikile konesans “Egalite Moun” ki va pèmèt nou kontinye fè chimen li nan monn lan. Demach Firmin, Nkrumah et al angaje nou nan travay pou likide newokolonizasyon, divizyon soudevlopman e enperyalis e lè nou akonpli; dapre Edouard Glissant, “se reyèl viktwa, modèl chanje plas oun group moun yo avili, deyimanize, kretyennize, sèvi ak lang e ekriti rive fe depasman newokolonizasyon” pa konesans pozitif mond lan nan aksyon jenerasyon koulyeya poze (italik se pam) (Glissant, 1984).

Angiz de konklizyon nap pwopoze, selon eksperyans e konsyantizasyon Ayisyen, sekans kondisyon pou pibon devlopman peyi a:

  1. Aksepte egzistans endepandan Ayiti;
  2. Pran konsyans osnon nesesite oun idewoloji;
  3. Pwopaje inyon pami Afriken, Dyaspora;
  4. Demilitarize Ayiti.

Oktòb 2008


Lis liv ak atik

  • Alexis. J.S., (1955). Compere General Soleil. Gallimard. Paris, France
     
  • Aristide, J.B., (1987). In the Parish of the Poor. Maryknoll. New York, NY
     
  • Carruthers, J., (1985). The irritated Genie. The Kemetic Institute. Chicago, Il
     
  • CRESFED, (1956). Presence de Jacques Stephen Alexis. CRESFED. Port-au-Prince, Haiti
     
  • Diop, C.A., (1974). The African Origin of Civilization. Lawrence Hill Books. Chicago, IL
     
  • Fannon. F., (1988). Black Skin White Masks. Grove Press. New York, NY
     
    Farmer, Pl, (1994). The uses of Haiti. Common Courage Press. Monroe, ME
     
  • Fick, C.E., (1990). The making of Haiti. The University of Tennessee Press. Knoxville, TN
     
  • Firmin, A., (2000). The Equality of the Races. Garland Publishing. New York, NY
     
  • Fouchard, J., (1988). Les Marrons de la Liberte. Henry Deschamps. Port-au-Prince, Haiti
     
  • Glissant, E., (1981). Le Discours Antillais. Editions du Seuil. Paris, France
     
  • Madiou, T., (1989). Histoire d'Haiti, Tome III, 1803-1807. Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haiti
     
  • Marx, K., (1999). Capital A new abridgement. Oxford University Press. Oxford, London, England
     
  • Nicholls, D., (1979). From Dessalines to Duvalier. Cambridge University Press. New Brunswick, NJ
     
  • Nrumah, K. (1970). Consciencism. Monthly Review Press. New York, NY
     
  • Price-Mars, J., (1998) Ainsi Parla L’Oncle. Presses de L’Imprimeur II. Port-au-Prince, Haiti
     
  • Roumain, J., (1975). Gouverneurs de la Rosee. Editions Fardin. Port-au-Prince, Haiti
     
  • Sellassie I, H. (1976). My life and Ethiopia’s Progress. Oxford University Press. London, England

 

Viré monté