Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Politik Lari a

Doumafis Lafontan

Byen konte, mal kalkile

Laurent Salvador Lamothe, ansyen Premye Minis, Repiblik Ayiti, imajine oun peyi, Òganizasyon Non-Gouvènmantal (ONG) pa bay Leta rapo, Premye Minis pa bizwen bay Palman rapo. Kidonk, Gouvènman sibi e koze vyolasyon Lwa Nasyon Ayisyen.

San dout, se mank, nan move kalkil Lamothe te fe, ki se pi piti baryè lap fe fas kòm kandida pou Prezidan. Sepandan, rapò revele, Lamothe pa oun moun ki kapab jwenn oun konsansis ant Ayisyen, mank sila se pi gwo baryè pou karyè pilitik Lamothe.

Oun bann ak pakèt ewè

Michel Joseph Martelly, Prezidan Ayiti, te pase lòd egzekitif pou Sophia Martelly, madanm li, dirije Komisyon Kont Povrete. Epi li pa fè Eleksyon diran 4 an nan manda 5 an, kap fini 7 Fevriye 2016. Kidonk, oun bann ak pakèt vyolasyon Dwa Leta, pa Lamothe e Prezidan an, koze arestasyon plizyè moun ki tap denonse Martelly.

Sena Ayisyen pran desizyon twadwi Martelly lajistis. Chanm Depite dekline konstitye haute cour justice. Koulye a, Palman ap fonksyone ak selman 10 Senate. Nan domen Gouvenans ak Leta, nou note oun diminisyon pesonel eli, tankou depite ak majistra, e CASEC ak ASEC, ki afebli Dwa, Enstisyon, Konstitisyon ak Lwa Nasyon Ayisyen.

Politik Lari a

Fas a lopinyon piblik, ak presyon Popilasyon Nasyon Ayisyen, Martelly setoblije fòme oun enyèm Konsèy Eektoral Pwovizwa (KEP) pou egzekite eleksyon nan lane 2015, epi Pati Politik yo fòse li lage prizonye politik. Martelly pwofite opòtinite grasye prizonye dwa komen ak plizyè kriminèl, selon rapò plizyè òganizasyon dwa moun ann Ayiti tankou Andeyò. Nan kèk ka Martelly pat kapab aji, se Lajistis ki lage endividi Ofisye, Polis Nasyonal Ayiti, arete pou kidnapeng, asasina, trafik ilegal, ak fo izaj.

Martelly fè sanblan aksepte lide li sèlman kapab fè sijesyon piske li vin Prezidan Defakto. Jiska prezan, li pa pase okenn lòd egzekitif. Fè enteresan, nan dènye entèyaksyon ak laprès, Martelly tap eseye pase de Konpa a RaRa.

An konklizyon

Nap site analiz ak komantè plizyè moun ki pa panse, Konpa a RaRa se oun transfòmasyon menm jan ak kèk gason ki panse yo se fanm. Komanditè sila yo kontinye pale, yo di:

  1. Jwèt demokratik la se "Mò nan wonn. Pwen fè pa.
     
  2. Nenpòt moun ki komèt ewè dwe stope. Kèlkilanswa li te Prezidan, Kaporal, osnon Chèf, li dwe al kanpe deyò, pran retrèt nan enterè Nasyon Ayisyen.

Dimafis
6 Jen 2015

Viré monté