Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ochan pou Papadòs

Dima Lafontan

2023

Nan bòt Washington
Bill W. Clinton, ansyen prezidan Etazini, kraze prodiksyon nasyonal la.
Li bay, frè madanm li, dwa pou ekspòte diri Arkansas ann Ayiti.
Pou listwa, Clinton te gouvènè Arkansas, yon leta Etazini.

Nan bòt Washington
An 2004, yo anpeche Ayisyen selebre Bisantnè Ayiti.
GNBis yo deklare, “grenn nan bouda, n ap mache”.
Yo mete yo anba George W. Bush, ansyen prezidan Etazini.
Yo kidnape Jean-Bertrand Aristide prezidan peyi a.
Yo egzile li san konsiderasyon pou Konstitisyon 1987 lan,
Ki aboli egzil jan sa te konn fèt pandan diktati Duvalier, papa ak pitit.

Nan bòt Washington
Ayisyen pase peripesi apre peripesi.
Yon moman, yo chape anba 4 siklòn, youn apre lòt.
Yon lòt lè se kay ki tonbe ak tout elèv e profesè.
Nan 37 segonn, yon tranbleman tè 7.3 touye plis pase 1 milya Ayisyen.

Nan bòt Washington
Apre tranbleman tè, Barak H. Obama, ansyen prezidan Etazini, promèt èd.
Li mete Clinton ak Bush jere lajan pou rekonstri Ayiti.
Gagòt, jis kounye a Ayisyen ap mande “kot kòb tranbleman tè a”.
Yo akize youn, lòt vòlò.
Wyclef Jean, chantè Hip Hop, kriye de ran dlo, de ran larim, li pa vòlò.

Nan bòt Washington
Hillary R. Clinton, madan Clinton, mete Michel J. Martelly prezidan Ayiti.
Martelly, tout Ayisyen konnen, “sweet micky”, te di li se “bandi legal”.
Sa ou tande a, Ayisyen temwen fenomèn, tèt kale, gang galil, kidnaping.
Menm Clifford Brandt, pitit yon fanmi Alman, nan prizon pou kidnaping.

Nan bòt Washington
Mèsenè sikile lib e libè nan Pòtoprens, kapital peyi a.
Zam nan men, yo deklare yo gen menm bòs ak chèf Polis Nasyonal Ayiti.
Premye minis lan, Jean H. Ceant di, “se li mèsenè yo te vin touye”.
Jovenel Moise, ki te prezidan, pa di yon mo.
Misye rete bouch p, tankou li pa gen pouvwa.
Okenn Ayisyen pat sezi wè anbasad Etazini akonpaye mèsenè yo Ayewopò.
Mèsenè pati, ale Etazini san okenn jij nan tribinal pa leve men nan ka yo.

Nan bòt Washington
Adye, Moise pat konnen, sa se te tròkèt la, chay la dèyè.
Fwa sa a se mèsenè Kolonbyen yo fè rantre.
Nan lannuit 7 Jiyè 2021, mèsenè Kolonbyen asasinen prezidan an lakay li.
Pandan asasina a, madan prezidan, rantre anba kabann, tankou yon vaz pise.

Nan bòt Washington
Democracy se sa yo di, li ye.
Se yo ki deside, peyi ki gen democracy, peyi ki pa gen democracy.
Ak yon tweet, Depatman Leta Etazini, fòme yon gouvènman defakto ann Ayiti.
Woy, pa menm gen yon eli nan pouvwa egzekitif osinon lejislatif.
Timesye e dam HMI yo chante, kite peyi m mache.
An menm tan, kidnaping fè kidnapè, reselè, ak sitirè milyadè.

Nan bòt Washington
Gen kèk tan Ayisyen ap di yo about.
Jodi a, genyen ki menm ap promote bwa kale, tankou se jistis.
Granmèsi Papadòs, Atis, Dramtij, Ekriven e Profesè, nou konnen,
Tousa ki ap pase Ayiti fèt Nan bòt Washington.

Doumafis, 2023

*

Viré monté