Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Vwaw Se Vwa Nasyon

Dimafis Lafontan
2015

Jou louvri, lavi derape
Men machann aksan, pen ak ze.
Tap Tap, moun monte, desann
Selon vayevyen yap fè,
Al chèche wè
Kote lavi fè kwen

Vroum, vroum oun liy motosiklèt,
Kap pote timoun, granmoun,
Fanm kou gason,
Pase ak tout boulin.

Pòtoprens, gen lè pifò moun ap viv nan lonbraj lanmò
Adye, Aysiyen sètoblije brave lanmò
Pou pitit yo jwenn manje,
Ale lekòl.
Kanta pou swen medikal se mòso Bondye,
Mòso sòlòkòtò.
Lopital se mezi lajan w,
Mezi wanga w

Sou latè pa gen kè pi kontan ke Ayisyen.
Malgre gran difikilte, yo gen bon kè.
Si w rive wo bouk pa bliye di onè, respè.
Moun andeyò renmen bon jan relasyon moun ak moun.
Nan linivè pa yo,
Dèyè mòn gen mòn.
Chak bagay jwenn plas yo.
Lavi pou yo se wòl.
Epi yo pa pran prezidan pou oun kaporal.
Se kòmsi yo konnnen,
Pi piti pi bèl.
Zafè Grandon pa zafè Peyizan.

Se nan nivo pi piti w wè grandè Ayiti.
Oun bann moun san Kapital
Kap viv tankou wa ak rèn Dawome
Yo pa mande Repiblik sal pot pou vann.

Vagabondaj,
Lese grennen,
Sousou pedan kap frite douvan sen tout lajounen.
Katredral,
Katechis,
Kantèbèri (Canterburry),
Kawo ak
Kawotyou ap mennen Ayiti Cherie.

Bri, sirèn ak limiyè,
Machin ofisyèl
Tankou cha Kanaval,
Ki boure ak Chaloska,
Madigra mal maske
Moun pap janm pè ankò.

Sak pase?
Jou bare ofisyèl nan makrèl;
Prese, prese ofisyèl sètoblije rantre obèkay.
Pa bizwen al nan Ministè verifye.
Mande “Ou est Monsieur le Milice?”
Eskize, Monsieur le Ministre!
Pa vinn betize nan Ministè ak pawòl Milisyen.
W wè yo mete gwo ble ak foula wouj ankò?
W pa wè se bonbon woz ki alamòd!

Nan tout bwat Leta, fanm kou gason veye kò,
Pou w pa sikonbe anba raj ak
Chalè seksyèl ofisyèl,
Vagabon opouvwa.
Jodiya, yo se kreyati Francais;
Yo resevwa enstriksyon kay frè ak sè;
Yo fonksyone anmòd rat
Kap manje pay
Kay anbasadè riken.

Pam, tifrè, tisè tande.
Pa bliye, w nan mitan oun bann gèp;
Yo pa konn fè siwo.
Men yo bon nan mòde soufle.

Pam, tifrè, tisè tande.
Pa bliye, vwa w se vwa nasyon an;
W se Myèl ki fè siwo pou tout moun konn gou dyòl yo,
Viv lavi dous.

 

Viré monté