Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Manifès Popilè

Dima Lafontan
2004

Pères de la patrie
Toussaint Louverture - Jean-Jacques Dessalines
Alexandre Pétion - Henri Christophe.
haitiglobalvillage.com

 

Bèlantre

Premye Janvye 2004, Ayiti gen desanzan depi li Endepandan. Men rekonesans legasi istorik sa a debouche sou plizyè pwendvi, prensipalman ant de faksyon: youn ki te vle selebre pase glorye, e oun lòt ki pat vle selebre prezan degrade. Pou enterè Ayisyen nou enterese nan pwopozisyon sentèz rezilta Ayiti glorye e pipòv, nou pral demontre toutalè.

Ayiti, yon Paj Listwa

Nan Nouvo Mond lan, avan Ayiti, 1804, oun sistèm kolonyal-esklavajis tap taye banda, ki te gen ladan li oun aristokrasi nesans epitou po. Mas eksplwate, sou zòd Boukmann te revòlte kont sistèm sila a, e sou zòd Janjak Desalin te pran endepandans yo. Sepandan, move lang di liberasyon an pa pote okenn chanjman menmlè Frederick Douglas, youn Ameriken-Afriken ki te reprezante Etazini ann Ayiti nan ane 1800 yo, di Ayisyen aprann mond lan danje esklavaj e libète.

Premye, annou konsidere pwendvi loksidan osijè fè istorik sila a. Nou wè yo te konsidere zansèt yo tankou brigan ki pat obsève lwa Kod Nwa Louis 14 te òdonen an 1685 ajoute lwa sèten yo pat dwe reyaji kont, konmsi yo te oun wou nan machin. Filozòf Ewopeyen akouche tout oun seri liv pou sipòte esklavaj, finalman pè katolik te preche levanjil ki kondane nan lanfè nenpòt nèg ki te revòlte kont esklavaj. Kidonk, lide esklavaj te predetèmine, legal e moral te chapant pou moun e sosyete nan omwen 3 kontinan Ewòp, Amerik e Afrik pou plis pase 300 lane.

Britsoukou oun gwoup esklav parèt sou sèn politik nan Sendomeng; yo deklare moun kapab enfliyanse e chanje kondisyon yo. Sa ki etonan, tankou kdans myèl, yo pratike dans nan seremoni lwa panteyon Vodou Ayisyen. Seremoni lwa te filtre lavi esklav yo nan Sendomeng e kolonis te eseye bare Vodou Ayisyen, yo dekrete entèdi, bay pinisyon, pandezon, elatriye, paske yo te di se nonsans. Sepandan, yo pat janm konnen kouman pou yo sispann Vodou Ayisyen.

Koulye a, an nou egzaminen enstriksyon pi otantik, nou konnen, pa Boukmann, Chèf Revolisyon Sendomeng osnon Ayisyen, nan youn nan seremoni lwa avan Revòl Jeneral Esklav yo 23 Dawou 1791.

“Bondye ki fè solèy ki klere nou anwo, ki soulve lanmè, ki fè loraj gronde. Zòt koute Bondye kache nan nyaj. E la li gade nou, li wè tou sa blan fè. Dye yo a mande krim. Bondye nou vle byenfè, men Bondye ki si bon, òdone nou vanjans, li va kondui nou, li va ban nou asistans. Jete imaj dye blan ki swaf dlo nan je nou. Koute kè an nou ki rele libète.”

Lesansyèl, pawòl anwo an esplike toubiyon Boukmann osijè lit esklav kont mèt nan oun sistèm global kolonyal-esklavajis. Oun bò, gen oun lòd sosyal ki koze krim, pa egzanp, esklavaj. Lòd sa a Boukmann ankouraje nou denye li paske li ap fè nou soufri. Oun lòt bò, gen oun lòd moral avèk koutim verite e jistis, ki mentni estabilite sosyete e ekilib nan mitan moun. Ki se lè verite triyonfe jistis ranplase mal. Poutètsa, li te jis pou esklav yo chèche vanje e aji selon vanjans sila a, men nèg dwe depann de pwòp abilite yo pou reveye libète yo menm sèl gen desten. Ki vle di, esklav yo pat dwe rete tankou senp temwen nan sosyete kolonyal-esklavajis fòs envizib tap gouvène.

18 Novanm 1803, Lame Endijèn sou zòd Janjak Desalin fòse Lame Espedisyon Fransè sou zòd Leclerc mete balèzam e degèpi san kondisyon pati Nò Ayiti. Alwè, viktwa sila a pat sèlman vle di fen koloni esklavajis, men tou nesans premye nanchon apre-repiblik. Pwen an se, tout goumen politik, goumen pou pouvwa, kaba piske pèp la souveren e se nan mitan pèp la aksyon pran.

Anba pretèks lafyèv jon Ewopeyen eseye diskredi viktwa sila a epitou, move lang, yo di se te oun pak avèk dyab. Men nou pa gen dout plan batay Desalin te gen ladan li eklatman lafyèv jon ki te pral desimen ran Lame Espedisyon Fransè, e reyinyon aswè vlope nan Vodou Ayisyen te ofri kouvèti pou esklav diferan bitasyon òganize, santralize e fè ounsèl.

1e Janvye 1804, Janjak Desalin nan mitan lame chanpyon deklare Ayiti Endepandan. Peyi Ewopeyen yo rapidman plase Ayiti annizolman. Evantyèlman, Janjak Desalin kouwone Anperè Janjak 1e. Men li derefize tabli liyen paske li te vle sèl nòb Ayiti. Janjak 1e entwodwi modèl biwo tè pou dirije jefò pou verifye tit pwopriyete, ki se, premye jefò refòm agrè, osnon reparasyon.

Revolisyon Ayisyen, estrikteman palan, dekri lòd sosyal pa teyori espès souzimen filozòf te kapab konstri. An tèm pilaj, li dekri kondisyon moun nan nivo pi fondamantal (mas yo) istwaryen kapab fouye. Anfèt, nou postile (deklarasyon ki pa bezwen prèv paske verite li evidan), Revolisyon Ayisyen bay deskripsyon konplè kondisyon moun nan nivo sila a. Anplisdesa, nou kwè yun deskripsyon souzimen ki souliyen kondisyon pi konplè pase Revolisyon Ayisyen pa posib.

Rezon Revolisyon Ayisyen sèke li pèmèt nou esplike ki sa ki te pase lè kolonis te trete Moun Lafrik tankou byen nan Sendomeng. Avantaj swiv mannyè Revolisyon Ayisyen sèke li pèmèt nou predi rezilta plan newoliberal ki klase nèg kòm mendèv bon mache. Ki se, oun lòt fòm verite absoli dapre Ewopeyen.

Manifès Popilè

Dezyèm, an nou egzaminen reyaksyon lelit la pa rapò avèk Lespri 1803 diran konba Vètyè. Apre deklarasyon endepandans, lit pou libète sede plas a pretansyon kretyenvivan. Kolonis lage bèt yo nan lavi politik. Lelit militè Ayisyen cho pou yo jwenn onè e respè, rantre nan jwèt volontèman e 17 Oktob 1806, lelit militè a komèt oun koudeta, premye nan plis pase 25 kont diferan Chèf Leta Ayisyen, touye Anperè Janjak 1e. Sa nou envite w konsidere sèke lanmò Desalin siyifi triyonf patikilaris, osnon patikil, sou tèt ansanm. Kanta pou pwen sa a tousa nou kapab di sèke patikil byeze e etwat, li panche oun bò. San dout evennman nou ap asiste koulye a se siy patikil ap efwonde. Pou sa ki konsène nou, koudeta se peche, kèk move grenn manke sib. Sa ki te pimal pase mank sa a entèlektyèl Ayisyen te abandone tout jefò pou esplike trè osnon karakteristik Lespri 1803 Ayisyen te rann reyèl. Kidonk, mond lan toblije tann revolisyon 1848 la pou li taprann mas la kapab sèlman vin lib lè li posede mwayen pwodiksyon, e tewolojyen liberasyon nan lane 1960 yo ki te sipòte opsyon preferans pou pòv.

Apre koudeta divizyon layite nan mitan lelit militè ki te jwe gran wòl nan Endepandans Ayiti. Nan Nò Anri Kristòf tabli oun monachi (Fevriye 1807 a Mas 1820) avèk tout granpanpan ki akonpaye oun wayote. Wayote a te makònen avèk oun kòd travay, sistèm kat idantite e konstriksyon gran moniman, tankou Palè sansousi, Sitadèl Laferyè. Nan Lwès Aleksàn Sabes Petyon tabli oun repiblik (Mas 1807 a Mas 1818) avèk palmantè e gwoup presyon. Repiblik la te make pa lesegrennen e wazifte. Reyinifikasyon peyi a fèt avèk Boyer bò 1820. Men Lafrans te kontinye ap menase pwosperite e estabilite peyi a detanzantan yo te voye bato lagè nan limit dlo Ayiti.

An 1825, Gouvènman Fransè fòse Boyer peye oun ranson 90 milyon fran ki rann Ayiti premye repiblik ki te dwe oun lòt repiblik. Li te pran plizyè lane pou gouvènman ki te vini apre yo fini peye dèt la e sèvis dèt la.

Rezilta dèt la sèke leta te depanse resèt prensipalman pou dèt e sèvis dèt; yo prèske pat depanse anyen pou bati enfrastrikti, lopital, lekòl, elatriye. Kidonk, dirijan yo te kondwi Ayiti nan chimen ki denye noumenm kòm oun kolektif swadizan pou Ayisyen te kapab resevwa egalite endividyèl, ki se, ilizyon. Imitasyon te sèl règ, e yo te deklare krim nenpòt devyasyon. Se te epòk literati imitasyon, imite modèl Fransè.

Alaswit lè Fransè te akòde 3 pousan Ayisyen enstriksyon lekti, osnon konesans, dezekilib ki te swiv la pat jeneral. Tilelit rich sa a te pran depale, ala oun bèl lang se lang Fransè, ala oun bèl syans tandiske mas la, bò kote moun kap depale yo, te konsève pou oun tan ekilib li. Poutètsa enstriksyon laji san poutan enstriksyon separe nan espas pratik natifnatal ki te resevwa aki apwopriye, depale lelit fonn vin vilgarizasyon li tou vin elaji, atravè Ayiti defèt Ayisyen ki vini pasif e aksepte ranvwaye nati nou, devwa posib nou, kilti nesesè nou.

Dèt avèk tout sèvis li te transfere nan City Bank lè anvayisè Marines Meriken bayonèt nan men pran Bank Nasyonal Ayiti daso e vòlè rezèv lò peyi a. Okipasyon Meriken te dire 19 lane (Jiyè 1914 – Dawou 1934). Franklin Delano Roosevelt ki te minis lagè nan administrasyon Woodrow Wilson fèdyòlè se li ki te reyekri Konstitisyon 1805 lan pou li te efase atik: “Okenn blan pa dwe retounen sou tè Dayiti kòm mèt osnon pwoprietè.” Desalin di ki se lwa fondamantal Ayiti.
Ò Konstitisyon 1805 lan fèmen etaj konesans ki te rive nan piwo degre avèk Estati Dominyon. Tousen Louvèti te akonpli misyon istorik, li sede bay Janjak Desalin ki te pran konsyans mouvman konkrè reyèl Sendomeng nan lwa fondamantal la. Endepandans make oun nouvo etaj konesans, pa konsekan ansyen filozofi pat alamòd, li pat ap pral pwodwi okenn valè itil. Alwè, se nan filozofi depase sa a Anri Kristòf, Aleksàn Sabes Petion retounen. An nou bay plis esplikasyon, Tousen Louvèti tanbyen ke mal te goumen pou libète, li te rive pran lidèchip Sendomeng, nan sans sa a li te endispansab, men li te kesyon pou chanje lavi ginen pa lwa fondamantal, ki se, praksi sosyal la ki anglobe lit klas e aksyon kreyatris, e pratik endividyèl. Granmèsi lwa fondamantal la ginen pat ap senp espektatè ankò, epitou ginen te pral debarase avèk fo pwoblèm sipèstisyon, filozofi, egzistans, nan e pa aksyon revolisyonè ki te libere li totalman. Kidonk, pawòl Desalin se Manifès Popilè, li va vin langaj tout pèp la lè sosyete a reyini e otonòm. Lesansyèl, pawòl fondamantal e mouvman ki dwe gide Ayisyen se Revolisyon Ayisyen, dayè san teyori revolisyon sila a pap gen chanjman ann Ayiti.

Malerezman, jodiya, kominote entènasyonal la avèk patnè nasyonal debouche sou konklizyon Ayisyen pa kapab pran desizyon entèlijan kantilsaji pou eli lidè osnon jere zafè peyi a. Koulyeya, yo pran gran traka pou fè sosyete Ayisyen rete bastyon mendèv bon mache yo vle li ye dapre doktrin avantaj konparezon, ki mande pou kenbe Ayisyen nan inyorans pipwofon oun fason pou yo jistifye esklizyon yo nan zafè Leta-Nasyon an. Ki pimal, jodiya, kolonis kenbe Ayiti kòm leson zòt pa dwe swiv. Alwè, fratrisid, mizè, elatriye, san manti sètifye gran echèk Ayisyen. Kolonis refere Ayiti nan ran Leta-Nasyon ki echwe, youn yo dwe plase anba reseptè pou Enstitisyon Finansye Entènasyonal administre.

Men pwendvi sa a pa nouvo. Jakstefèn Aleksi, aprann nou sistèm semi-fewodal semi-kapitalis la echwe depi lontan, men leta kontinye fonksyone gras a charite sistèm kapitalis la. Sepandan, esplikasyon li an sèlman prankont kondisyon enfra-imen. Dekiprevyen vyolans Ayisyen kont Ayisyen? Tande byen pou reponn devinèt sila a nou site Frantz Fannon, otè Mizerab Latè, ki atribye rayisman nèg kont nèg a enpozisyon  kilti. Pwen an se, atravè Frè Enstriksyon Kreyen kolonis pase pwototip pa li ban nou. Alaswit pifò nan nou asosye demon avèk Ayisyen, osnon lòt moun nwa. Men alyenasyon pa enpozisyon kilti, anpremye te gaye nan mitan lelit, koulyeya, li prèske jeneral pami moun nwa. Pou Jean-Paul Sartre, mwen di w, enpozisyon kilti bay blan oun presans anpèmanans nan mitan moun nwa, ki vle di, blan an la menmlè li pa la. Meyè egzanp fenomèn sila a se relijyon senkretik la kote nou obsève imaj fanm e gason blan, loksidan di se dye, sen, gen oun plas ofisyèl. Oun fè nou konsidere ki an kontradisyon avèk enstriksyon Boukmann te pase avan Revòl Jeneral Esklav 22 Dawou 1791.

Ayiti Nèf

Nan paragraf avan yo, nou te makònen enfrastrikti ekonomi e sipèstrikti idewoloji pou nou te esplike sitiyasyon ann Ayiti koulyeya; ki se, de gwoup chèf, chak fòme avèk nèg e milat, kap goumen pou jwe wòl chèf nan sistèm semi-fewodal semi-kapitalis la. Nan goumen sa a lidèchip la, sousye de tèt li sèlman, toujou pre pou trayi, vann, majorite popilasyon an oun fason pou li jwenn estati, fo pwomès egalite. Zòt koute: nenpòt nan chèf sa yo ki ensiste sosyete Ayisyen dwe pwogrese andedan sistèm semi-kolonyal, semi-kapitalis la e pa mwayen koutim depase demach Politik konvansyonèl lan ap abouti nan chimen fèmen e yo ap vini prezidan diktatè, karismatik et medyòk nan Leta-Nasyon, Repiblik depase. Nou ensiste oun lòt fwa Revolisyon Ayisyen pase de pozisyon nèg pat moun e L’Ouverture refòmis a Desalin pozisyon radikalman nèf konsepsyon Dayiti e pèp Ayisyen.

Koulyeya, nou dwe konsidere koup soufrans e jwa tankou moman tanporè piske sèl lanmò kondwi nan kondisyon pèmanan la moun libere detout matyè, nan sans pwòp mo a. Kidonk, nan limit istwa se lit klas bò laba li kondisyon chanje, e pase pòtay sila a se chimen ki mennen kominike ant de rejyon prezan e definitive; ki se, leson ensousyans zansèt yo anseye mond lan.

Inyon Ayisyen, tankou paradi pèdi, pap janm retounen soufrans vini make lavi Ayisyen. Alaswit Ayiti genyen to kondisyon moun ki piba nan Emisfè Lwès la. Dapre rapò Nasyon Zini, 2003, lavi Ayisyen pap depase 54 an, e sou chak 1,000 timoun ki fèt 70 mouri. Epitou genyen dyalektik Restavèk. Nou aksepte domestike pipiti Ayisyen menm jan Leta-Nasyon pipisan dominen Ayiti. Abitid voye timoun nou rete avèk moun pou rann sèvis se konbinezon. Pwen an, nou dwe sispann abitid timoun dwe travay pou li jwenn swen nesesè. Si timoun pa lib fiti Ayisyen pap otreman.

San dout pou nou sòti nan sèk malefik sila a se pou nou reyentegre mouvman konkrè reyèl pawòl Desalin eksprime, ki se, “pinga pèp la depann sou oun moun pou kenbe libète piske lè li te angaje nan goumen pou libète se sou pèp la li te depann.” Lesansyèl se pou nou fè sentèz rezilta, Ayiti premye Repiblik Nwa, e Ayiti peyi pi pòv, li mennen bò aksyon pou oun byen komen, ki se, leve defi povrete, mizè, nonsans, osnon enkoyeyans, nan inyon sakre; oun pèp kap aji ini, endestriktib e aktif.

Nou wè, diran Revolisyon Ayisyen, chèf parèt, chèf tonbe, men toujou gen dèmilye ki te pare pou pran plas. Anverite, se kole avèk pwosesis sila a; se la sèl nou kapab si nou ap manyen reyalite nou; se la sèl nou kapab wè objektif reyalite nou; se la nou kapab wè tèt nou; pèp granmoun tèt li, mèt resous li; se la konesans pozitif peyi nou ye. Ki se, tank Ayisyen ap eklèsi tèt li lavi li va chanje. Pa egzanp, se paske peyizan Ayisyen tap rakonte reyèl e sosyal lavi yo nan kont Kreyòl, ekriven Ayisyen vin pran konsyans kòmanse ekri an Kreyòl. Pèp Ayisyen va ale de viktwa, 1804, a viktwa, 2004, a viktwa, 2054, a viktwa, 2304, a viktwa, 2804, nan pwosesis sanfen. Mond lan va gade pèp Ayisyen kap chante, danse sou kòd rèd egzistans.

Ankonklizyon, nou ap pwopoze pou pèp Ayisyen prepare miltirelasyon, atikile oun powetik liberasyon, deside kalte relasyon nou vle kenbe avèk Loksidan, minorite elitis, epitou dakò pou pataje tè, richès, byen, elatriye, ant tout pitit peyi a.

  1. Nou ap ankouraje Ayisyen pou nou konte sou pwòp tèt nou, pwòp abilite nou pou nou retabli ekilib ant noumenm e anviwonman nou dabò alaswit ant noumenm san entèvansyon osnon medyason blan, oun pwopozisyon ki difisil pou pran lè nou teni kont yo akize de rasis nenpòt moun ki plede pou pwopozisyon sa a (Glissant).
    • Renovasyon iben pa seksyon kominal
    • Jesyon fatra kaymoun: separe fatra dekonpoze e nondekonpoze pa seksyon kominal
    • Tabli jaden kominote pa seksyon kominal
    • Fè konpòs pa seksyon kominal
    • Atikile politik enèji pou peyi a
    • Etabli pak nasyonal
    • Refòm agrè pou relanse pwodiksyon nasyonal
       
  2. Nou dwe konnen prezan pa definitif pou nou kwape alyenasyon e deside kouman sosyete annou ap mache e mete fen oun fwa pou tout nan sityasyon diglosi, akselere ayisyanizasyon avèk lang Kreyòl, defini nosyon valè e chwazi valè, aksepte chanjman kapab sòti nenpòt kote, e ankadre e asire devlopman atizay.
    • Evite repetisyon li pa nòmal, pa egzanp koudeta
    • Amelyore tradisyon annou pa Etid Ayisyen, oun pati Etid Afriken
    • Asire endepandans jenerasyon kap vini
    • Alphabetize analfabèt
    • Sipòte Sèvis ekimenik
    • Ekzekisyon deklarasyon byen pa fonksyonè leta avan e apre fonksyon
       
  3. Afimasyon imanite pigran pase adisyon sektè ekonomik nan nouvo lòd mondyal.
    • Mentni kilti nasyonal
    • Pratike echanj jis e entegral
    • Afime dwa pou kopye
    • Sipòte panse otonòm

Dima Lafontan
2004

Viré monté