Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kontinyite ipèvityél

Doumafis Lafontan

Nan moman an, fè video se reyalite
Sa ki ap twerk
Sa ki ap reyini
Sa ki ap siveye
Anfen, si ou pa nan video ou pa alamòd
Piske kontinyite ipèvityèl

Brèf, an nou reyimajine moman
Moun te konn pran
Nan espastan reyèl

Fas a fas
De je kontre
Youn ap gade lòt
San pran souf
Kò a kò
San se pa lit enfliyans
Men pito se atirans,
Ki fè tèt kole
Mizik kè jwe mete moun opa
San sote
San galope
On koup marabou
Gason, ak fanm ki ap danse sou de kawo
Jouk rive nan siwomyèl
Souse dyòl dous
Bon gou vin pratik
Chak jou ladous kivyen
Yo taye Banda
Jouk solèy leve

Oups!
Pa gen kouran
Video tenyen
Tousa te di depi okòmansman
Dèke ou vle aji
Menm misil ipèsonik pa kapab ratrape pawòl ou
Alewè pou popetwèl, moun
Bèt opouvwa

Se sa mwen tale wè
Mwen retounen rakonte

Dwa Otè © 2020 Doumafis

Doumafis Lafontan itilize Mwen, premye pwonon pèsonèl, pou li rakonte istwa siksè Ayisyen.

*

 Viré monté