Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Jistis Avan Eleksyon

Dima Lafontan
Novembre 2010

Pwosesis elektoral la gen twòp magouy, pwotès, e asasina pou Union European deklare: “Retade eleksyon ann Ayiti ap oun menas pou estabilite” http://news.yahoo.com/s/nm/20101122/wl_nm/us_haiti_elections_4).

Gen oun prensip ki egzije pèp souvren mande jistis avan eleksyon; ki se, pa kapab gen eleksyon lib e jis diran okipasyon militè sou zòd Enperyalis, fòs anti-chanjman kap domine mond lan ak dwa veto nan Konsèy Sekirite, Nasyon Zini. Sizoka eleksyon yo pase byen, ki pa pwobab paske gen anpil lennmi Endepandans Ayiti kap patisipe nan eleksyon, nouvo prezidan an pap kapab fè anyen debon pou peyi a paske kominote entènasyonal la pa manipilasyon ap bloke tout pwogrè. Nou gen egzanp Jean-Bertrand Aristide pèp souvren eli de fwa ke fòs anti-chanjman chapote de fwa. Oun lòt egzanp, pèp souvren an Palestine vote Hamas e osito apre eleksyon fòs anti-chanjman bloke gouvènman an, ansuit Israel fann peyi a de pou anpeche Demokrasi layite nan Palestine.

Anfas a ka konkrè sila yo, nou dwe konkli Ayiti nan oun espiral enfènal kote priyorite ap chanje toutan san lajan kominote entènasyonal la pwomèt pa janm debloke vre. Pa egzanp, apre Goudougoudou priyorite a te pwogram Asistans Moun ak rekonstriksyon, koulye a, akòz pakèt ka kolera, priyorite a chanje an prevansyon e edikasyon kont epidemi sila a. Nou kapab pwojte, apre pèp souvren fini eli prezidan, senatè, depite, elatriye kominote entènasyonal la pral bay oun kout gidon epi pawòl ap chanje nan biwo san pèp souvren pa benefisye de pwogram rekonstriksyon an.

Se tankou nan lane 1804 Ayiti te fè oun radiyès e grann pisans, la France e Etats Unies ak sipò Canada, mete li ajenou. Kididonk, relasyon Repiblik Ayiti ak kominote entènasyonal la karakterize an peyi granmoun, e peyi timoun. Gran peyi mete ti peyi ajenou, men Ayiti a leve jou fòs anti-chanjman vle. Mèzalò, pèp souvren kapab leve, kanpe kareman retabli Endepandans Ayiti jan sa kòmanse nan Hinche, Cap-Haitien, e Port-au-Prince.

Sistèm enperyalis la fonksyone ak lasyans, li pa fè anyen pa chans, tousa li fè kalkile. Kididonk, pèp souvren nan oun Materyalis Istorik; ki se, lit pou pouvwa ant Klas Kapitalis e Klas Ouvriye (latè, faktori, elatriye). Se poutètsa Jean-Jacques Dessalines te di “Okenn blan, Jodi a pou pi egzat etranje (italik la se pam), pa dwe pran tit pwopriyetè e mèt; ki se, lwa fondamantal pou Ayiti rete endepandan (italik la se pam).

Entwanzijans kominote entènasyonal la tankou oun machin sanfren kap degrenngole. Ann raple, pa egzanp, kò diplomatik la ensiste se pou tout sektè anndan peyi a fokis sou prevansyon e edikasyon, alòske yo derefize aksepte entèvansyon yo nan zafè peyi a lakòz epidemi kolera a. Anplis desa, sanpidè, yap bay manti lè yo deklake lap enposib pou konnen sous kolera a. Alex Larsen, Minis Sante pou Ayiti, testifye douvan senatè yo: “Epidemi an enpòte e Rivyè Latibonit kontamine pa eleman etranje (AHP, 2010, http://www.dddmag.com/news-UN-Worries-It-May-Have-Caused-Cholera-Outbreak-112210.aspx). Sepandan, espere Enstitisyon Finans Entènasyonal (EFE) kap chapote MINUSTAH amelyore pèfòmans e asire kalite se oun foli; kanta pou Nasyon Zini ak Konsèy Sekirite se bliye sa. Kididonk, pèfòmans pwogram Asistans Moun ann Ayiti apre goudougoudou inefektif e kowonpi. Poutètsa, Klas Ouvriye pa dwe aksepte lajan taks yo sipòte MINUSTAH kap fonksyone an tourista.

Adye, katastwòf natirèl e politik Newo-Liberal demantibile Leta” lakòz Repiblik Ayiti (RA) tonbe nan bafon poubèl Listwa. “Pèp Souvren”dwe pare pou evite plis dega akoz:

  • Sistèm enpinite kap kontinye;
  • Kontestasyon ki pral fèt kont nouvo prezidan an;
  • Pwogram refondasyon pou pwofite deposede Ayisyen derape Chanmas rive Bòdmè;
  • Kondisyon lavi kap deteryore; e
  • MINUSTAH kap sètoblije tiye plis moun

Paul Collier, younn nan pakèt konsiltan Nations Unies, déjà klase Ayiti nan ran “Leta Echwe.” Zòt koute, pinga bliye, “menm kòz yo ap toujou bay menm efè” (http://news.yahoo.com/s/nm/20101122/wl_nm/us_haiti_elections_4). Li klè, eleksyon osnon seleksyon, olye li rasanble pèp la, ankouraje divizyon. Kididonk, “Pèp Souvren”pa sipoze transfere pouvwa bay Palman, ki pral sou enfliyans EFE pou vote lwa krizokal ki sèlman nan enterè Klas Kapitalis la. Oun jan, okipasyon militè an 2004 siyifi oun echèk kolektif nap sèlman kapap estope pa retou Jean-Bertrand Aristide, restitisyon, e reparasyon kont kolera ak tout lòt moun MINUSTAH tiye.

Ayisyen Ann Avan
Aya Bonbe! Se moman istorik pou pèp souvren pran pouvwa pou chanje Leta oun fason pou evite plis kalamite. Si, non:

  • “Lepase ap epapiye vini fiti akoz delenkans;”
  • Etranje ap konsidere Ayisyen kòm endezirab;
  • Lòt peyi ap chase Ayisyen toupatou; epi
  • Enperyalis ap fòse Ayisyen kontinye viv nan kan refijye sou tibout tè sa a nou adopte kòm peyi natal.

Doumafis Lafontan

Viré monté