Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Tè e Endepandans Mele

Dima Lafontan

Entansyon nou se ekri kèk paj avangou osijè nasyonalite k ap fè aktyalite ann Ayiti piske li sanble omwen youn (1) osnon de (2) nan manb Sena a posede doub nasyonalite.

San nou pa pèdi tan defini nasyon nap pwopoze tè e endepandans mele e posesyon tè te objektif orijinal Makandal, Boukman, Desalin elt, chèf entrepid istwayen rele Mawon dapre nou Otonòm, lè yo te antreprann revòlt pou pran direksyon zile a? Kididonk, younn nan agiman nou va prezante, apati oun revize tou kout faz devlopman Ayiti, peyi Reyalis Mèvye, se: nasyonalite dwe baze sou tè.

Pa gen dout Roudolph Boulos prezante agiman konvenkan li se Ayisyen selon lyen paran Ayisyen menmsi li te fèt Nouyòk, Etazini. Boulos nan dènye prezantasyon piblik laprès dokimante parèt ak batistè li kòm prèv li se Ayisyen. Sepandan, dapre nou Boulos plis ap fè tenten eseye panche lopinyon piblik nan favè li piske mouche chwazi prezante sèlman oun bò nan de (2) nasyonalite li posede, e nou dwe ensiste san sa pat depann de li. Rezon an senp paran li se Ayisyen, e li fèt Ozetazini. Nou wè Boulos prezante peyi a de (2) fè ki pa kapab ranvèse, e nan tou de (2) ka lalwa bal dwa pou li gen de (2) nasyonalite.

Men nou note oun lòt nesesite Konstitisyon 1987 pa admèt sitwayen ak doub nasyonalite ranpli kèk fonksyon piblik, e lalwa apre yo defini ekspsyon règ jwèt demokratik la. Konklizyon an desizyon Boulos pou pòs senatè mete mouche an kontravansyon ak lalwa; ki vle di, chwa mouche pou li ranpli pòs senatè mete li andeyò lalwa osnon hors la loi. Evidans Boulos limenm prezante klè li gen nasyonalite de peyi poutètsa lalwa dwe aplike; Boulos dwe demisyone e ale reponn kesyon jij kap envestige lanmò Dominique e Louissaint.

Paragraf anwo la pi fasil pou ekri olye li fèt paske agiman Boulos la souliyen oun deposesyon si soup li prèske pa vizib. Erezman, nesesite revanj ki te egzije pak san pa alamòd e li dwe rete nan jounal Sendomeng. Jodiya, Ayisyen ap mande jistis e ekilib sosyal vanjans pa gen plas nan sosyete Ayisyen.

Zafè Boulos elt ki avili tèt li kòm postè-tibway ki toujou panse lalwa pa younn pou tout anplis li evidan Boulos, ak tout patizan li yo, Zanmi Napoleon, e Liberal ki panse yo pi kapab gouvène san sifraj inivèsèl, poko rekonèt antant jeneral fèt pou Ayiti vini plizoumwen oun leta-lalwa oun fason pou redwi osnon elimine koripsyon, enpinite, eks. Antetman Boulos ak pati politik li pou kontinye defann vyolasyon lalwa ap rann yo otè ensekirite ann Ayiti.   

Obsèvasyon paragraf anwo la menmsi li definitif enterè nou nan deba sila a se ale odela prezan osnon konjonkti a pou pwopoze chanjman kad nasyonalite Ayisyen.

Li ta sanble depi Kolon te debake Ayiti popilasyon otoktòn lan komèsan moun te brase ak natif-natal Afrik te toujou atikile objektif posesyon tè. Kontrèman a patizan senkretis premye konfliyans kiltirèl te fèt ant de (2) gwoup oktotòn plizoumwen nan menm nivo (CRESFED, 1956) e ki te remake byen vit inyon se sekrè kont menm lennmi. Dayè, tout moun aksepte premye kominote lib nan mòn Baworiko Kasik Anri tap dirije te pèmèt Tayino, Arawak e Afriken, ki tap kouri pou esklavaj nan Koloni Sendomeng, viv lib.

Antèm de poto devlopman otonòm kilti e nasyon nap pwente premye demach konfliyans kiltirèl siyifi etap Libète nan kominote lib, mòn Baworiko; e, dezyèm, lan se deklarasyon solanèl Boukman, alavèy “Revòlt Jeneral Esklav 22 Dawou 1791. “Bondye ki … Jete imaj dye blan ki swaf dlo nan je nou. Koute kè annou ki rele libète.” (James, 1989) Note Boukman entènalize Libète ki vini pouvwa pou enfliyanse e chanje kondisyon moun. Kididonk, li pat ase pou viv nan mòn se pou moun te Lib.

Toubiyon Boukman entèdi pre-detèminasyon kòmkwa “moun se oun senp wou byen adapte nan machin osnon esklavaj jan pè Katolik preche (italik pam).” (Zukav, 1980) Nan pwen nou rive la nou andwa fè kèk pwopozisyon:

  1. Senkretis pat posib piske “Afriken ki te viv Pasaj Mitan rive Sendomeng te pote aspè kilti yo ki te fèmen pensonn pat kapab louvri karakteristik kilti Afriken mete anyen etranje, egzanp, imaj sen blan;” (italic pam) (Gates, 1988)
     
  2. Tèm Mawon dwe sèlman aplike nan ka Afriken ki pat dakò ak esklavaj, men kanmèm ki te chwazi rete nan esklavaj koloni Sendomeng, egzanp Tousen Louvèti;
     
  3. Revòlt Jeneral Esklav 1791 pa revolisyon Ayisyen;
     
  4. Se gras a viktwa Lame Endijèn nan Vètyè Ayisyen egziste; ki vle di, Ayisyen fèt nan sikonstans istorik e natirèl; 
     
  5. Endepandans se premye demach devlopman otonòm Ayisyen dwe kontinye.

W andwa konprann gwo jwèt nasyonalite nèg yo ap jwe. Sitou lè yo pa pran nesans nan peyi a epi yo rele tèt yo peyizan; yap defann koz peyizan, epatati epatata. Pou lekòl Ayisyen nap di verite w pa bezwen verifye: Peyizan se klas ki te fòme Lame Endijèn depi Revòlt Jeneral jouk rive Lagè Endepandans. Kididonk, nan lit klas, esklav kont mèt, lasyans rele Istwa se dènye klas la, evennman istorik tankou simayen pwazon pou pran endepandans, refòm esklavaj pa Kod Nèg, e nouvo rejim Tousen Louvèti ki te chanje esklav an labourè, travayètè, eks., ki pote laviktwa. Kididonk, oun klas labourè, travayètè, eks., ki ranvèse pwopriyetè menm jan nou wè sa te fèt an Frans lè boujwazi la te ranvèse monachi.

Sanblans kontradiksyon ap parèt klè nan dènye analiz nap fè. Men pou koulye a nap raple kesyon President Thabo Mbeki, Afrik Sid, te poze nan deklarasyon li te fè nan Inivèsite West Indies, Jamayik, “Pou ki Revolisyon Meriken e Fransè pote avantay pou pèp de (2) peyi sila yo tandiske revolisyon Ayisyen pa pote avantay pou Ayisyen? Joukaprezan kesyon an rete poze.

Faz Devlopman

Angiz de rezime nap pase anrevi faz devlopman otonomi.

  1. Nap raple prediksyon Makandal;
  2. Nap reyafime dekouvèt manman lwa Ayiti; e,
  3. Kontini Reyalis Mèveye pou sosyete Ayisyen vini limenm.

Premye, objektif orijinal Makandal te eksprime nan youn nan pakèt reyinyon pou planfiye endepandans. Se oun istwa nou tout konnen. “Oun aswè, nan oun reyinyon, Makandal mande oun vaz plen dlo. Nan vaz la li mete twa (3) moucha, youn jon, youn blan, e youn nwa. Makandal retire mouchwa jon lan men pemye abitan zile a; moun kap dirije zile a li retire mouchwa blan an; e men moun kap rete mèt zile a se mouchwa nwa a.” (Davis, 1985)

Dezyèm, valè e merit Desalin pito “Papa Desalin” (Leroi) se dekouvèt manman lwa Ayiti. Nan 2yèm Ane Endepandans, Papa Desalin bay Ayiti premye konstitisyon kontrèman a ansyen Prezidan Aristide ki fè referans a Konstitisyon 1801 Tousen Louvèti te fè ekri. Nan atik 12 Konstitisyon 1805 li ekri: “Okenn blan pap kapab retounen pran tit pwoprietè e mèt.” Papa Desalin kontinye: “Se manman lwa Ayiti. Epitou li òdone Ayisyen: “kenbe inyon se sekrè siksè nou se koz li (italik pam).” (Madiou, 1989)

Twazyèm, “Dèke oun sosyete dekouvri manman lwa li dwe aplike li nan tout domèn. Epitou dechifre oun lwa nan anviwonman li se definisyon jeni.” (CRESFED, 1956) Nou eblouyi pa klèvwayans konstityan Konstitisyon 1987 la; yo adwatman aplike manman lwa peyi a. Kididonk, yo montre mond lan malgre Okipasyon Meriken Yanki yo pat kapab efase lwa fondamantal Ayiti.

A ki sa nou te kapab konpare manman lwa? Nou va konpare li ak “Sèvo oun fòm enèji w pa kreye w pa detwi.” (CRESFED, 1956) Deki sa nap pale? Nap di lwa ki radye moun ak doub nasyonalite se lèt lwa Makandal te atikile, Papa Desalin bay kò jirik; e Konstitisyon 1987 kontinye pou Sosyete Ayisyen vini limenm. Peyi a se vodou pi siyifikatif pase san.

Lepli souvan zòt ki ankontravansyon ak manman lwa peyi a “prezante Makanda yo nan egzèsis lalwa kòm kriminèl.” (Davis, 1985) “Men nap raple zonbi se pa oun fenomèn Ayisyen nou wè zonbi toupatou nan sosyete Ewopeyen fasonnen, patikilyèman Ozetazini ki genyen plizyè milyon eskli sosyal (italik pam).” (Patterson, 1991)

Nan etaj sila a nap ankouraje w konsidere Mèveye de nivo elemantè a lekòl jan Alexis te pwopoze Lekòl Mèveye osnon Ayisyen. Ki se avansman legasi istorik e tradisyon chak jenerasyon pote nan epòk pa yo. Lefèt nou konnen devlopman otonòm nou wè depi  mitan 18yèm Syèk a fen 20yèm Syèk Afriken ale de viktwa a viktwa nan pwosesis san fen, fè remakab sa rive malgre asasina, kou deta, erè, e ezitasyon.

Lekòl Ayisyen plase nan chimen jenerasyon sila a tach pou likide kapitalizasyon bezwen pandan yap jete newokolonyalis nan poubèl istwa. Men gran peril, danje ap menase Ayiti toutolon pakou devlopman otonòm li. Prensipalman, konplo-tè abiye ak rad Ayisyen ap chèche bay kou pou tiye antant Ayisyen. Se atravè pwosesis elektoral la yap eseye rive detwi Ayisyen e defèt Ayiti.

Analiz final

Lyen san pou tabli nasyonalite pi fèb osnon pi medyòk pase relasyon ak tè a. Li nil paske idantite nasyonal pa pase pa san, osnon jèn-byolojik. “Jèn nan limenm pou limenm oblije oun dezyèm fòm yo rele elvaj elvaj fanmi” (italic pam). (Dawkins, 1976) Faktè nasyonalite ki pifò e pi entèlijan se relasyon ak tè a. “Se pa apati lyen familyal Ayisyen ap kapab demontre entèlijans pito se pa (italic pam) abilite pou pwoteje peyi a e Ayisyen, presizeman fè sosyete Ayisyen vini limenm kont fòs andeyò kap chèche detwi Ayisyen e defèt Ayiti.” (Price-Mars, 1998)

Se konsa nou wè nan de (2) faktè pou detèmine nasyonalite. Premye a se lide e brenn, ki mele ak kilti endividi ki pat rive akonpli inyon sou tè yo tap viv. Dezyèm lan esansyèl e konkrè. Èske nou dwe raple Ayisyen inyon pote kilti nasyonal? Kididonk, si nou aksepte nasyonalite baze sou lyen san se erè; nou dwe konkli pwogram kap vini apre, patikilyèman Sosyalis Entènasyonal an kolaborasyon ak patizan inegalite moun, ap erè pi grav.

Libète Ayisyen makònen ak posesyon tè, e pou kenbe endepandans peyi a fòk nasyonalite Ayisyen depann de tè a. Se oun kesyon Mèt-tè ou Lanmò. Si non, ka nou site avan, spesifikman doub nasyonalite se prelid a deposesyon total Ayisyen kap viv ann Ayiti ki pa janm ale, kite peyi a. Dayè, èske aksyon Desalin pou bay Peyizan tit tè pat lakoz lanmò li? Dapre nou pa gen dout se distribisyon batistè e refòm agrè ki konstitye Revolisyon Ayisyen (Fick, 1990). Se oun Revolisyon ki andwa fèt san revanj nan Antant Jeneral Ayisyen sou baz jis e legal.

Lis liv ak atik

CRESFED, (1956). Presence de Jacques Stephen Alexis. CRESFED. Port-au-Prince, Haiti.

Davis, W., (1985). The Serpent and the Rainbow. Simon & Schuster. New York, NY.

Dawkins, R., (1976). The selfish gene. Oxford University Press, New, NY.

Fick, C.E., (1990). The making of Haiti. The University of Tennessee Press. Knoxville, TN.

Gates, H.L., (1988). The Signifying Monkey. Oxford, University Press. London, England.

James, C.L.R., (1989). The Black Jacobins. Vintage Books Edition. New York, NY.

Madiou, T., (1989). Histoire d'Haiti, Tome III, 1803-1807. Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haiti.

Patterson, O., (1991). Freedom in the Making of Western Culture. Basic Books. New York, NY.

Price-Mars, J., (1998). Ainsi Parla L’Oncle. Presses de L’Imprimeur II. Port-au-Prince, Haiti.

Zukav, G., (1980). The Dancing Wu Li Masters. Random Book. New York, NY.