Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Agasou Do Loko Miwa I&I

Dumafis Lafontan

2013

Agasou Do Loko Miwa I&I

Ayiti, yon zile Mè Karayib lan,
Menm gwosè ak monn lan,
W ap jwenn ladann l
Tousa monn lan genyen e
Tousa monn lan pa genyen,
Menm jan w wè monn lan osnon
Linivè nan teleskop
Lè w  gade,
Ayiti se imaj monn lan,
W bizwen mikwoskop pou wè l
Jouswa sila,
W ap li an Kreyòl 
Metòd Inifikasyon
Objè:Enstriman::Chèchè:Padòmisansoupe

Agasou
Do
Loko
Miwa

Damballah monte
Albert Einstein, e
Neil Borhs 
Chèchè yo leve,
Dakò rankontre,
Repran pale,
Kontinye montre diferans ant gran e 
Piti.

Yon bò yo diferan,
Yon lòt bò yo menm
Yon gran,
Yon piti
De bò

Chapo ba
Papa Legba
Menm jan

Tenmtenm?
Bwachèch!
Fasa fasa linivè
Sesa.net/
Al?kole

(Adjasoyun, 2013 Boston, MA)

boule

 Viré monté