Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Komininke Biwo Santral Sosyete Koukouy

 

 

Demann pou tèks

 

 

Pawòl Kreyòl: Revi Literè Sosyete Koukouy, se premye revi literè nan lang kreyòl Ayiti a. Li te parèt nan mwa oktòb 2009. Se chak de zan li pran lari, epi li abòde yon tematik diferan. Divès sijè nou deja trete yo pale sou memwa tranbleman tè 12 janvye 2010 la (2011), sou pwezi (2013), sou woman (2015) epi sou teyat (2021). Anndan chak dosye sa  yo, otè atik yo te gen tout libète pou yo ekri sou divès aspè tematik la te pèmèt yo franchi.

Jodi a, an 2022, nou vle soti 6 zyèm nimewo Revi Literè Sosyete Koukouy la, sou travay kritik an kreyòl pou zèv ki ekri an kreyòl yo. Kritike se analize, entèprete epi evalye yon zèv literè. Se an menm tan yon fason pou yon moun pote yon jijman estetik, ki pèsonèl sou yon zèv kèlkonk. Yon travay kritik ka pote lajwa, konsa tou li kab lakoz polemik. Yon travay kritik ki fèt avèk metòd ka renouvle lide oubyen eleman ki anndan yon zèv tout moun deja konnen, konsa tou li kab ede nan debleye  chemen an pou avansman literati a nan kèlkeswa lang lan.

Entansyon nou nan nimewo sa a se:

  • Ankouraje pwodiksyon zèv kritik ki ekri an kreyòl sou zèv ki pibliye nan lang kreyòl la (pwezi, woman, teyat, esè, istwa kout).
     
  • kolabore nan alimante yon pwodiksyon kritik literè ki kab ede nan avansman literati kreyòl ayisyen an.
     
  • Fè dekouvri oryantasyon travay ekriven ki ekri zèv kritik an kreyòl yo.
     
  • Alimante deba ak refleksyon sou kritik literè ki ekri an kreyòl sou zèv ki an kreyòl yo.

Pwoblematik

Lè nou konsidere domèn kritik atistik ak literè, nou konstate pa gen anpil literatè ayisyen ki fè travay kritik nan lang kreyòl la. Otè ki fè kalite travay sila a, nou ka konte yo sou dwèt nou. Pou kritik inivèsitè nou ap nonmen: Max Dominique, Maximillien Laroche, Frenand Léger, Jobnel Pierre, elatriye. Nan kad kritik  ekriven fè sou ekriven parèy yo, nou kab site:  Pierre Michel Chéry, Georges Castera Fils, Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn), Anivince Jean-Baptiste, Jozafa Large, Ileus Papillon, Patrick Sylvain, elatriye. Nou obsève tou, pa gen anpil dokiman kritik atistik  nonplis. Anwetan, Orso Antonio Dorélus, nou pa konnen okenn lòt ankò.

Avèk dosye sou tematik kritik la, nou vle patisipe nan ogmante djakout tèks kritik kreyòl yo. Se yon okazyon tou pou nou kreye yon espas, epi louvri yon fenèt pou nou fè siyon bay otè kritik literè kreyòl yo. Nou vle sansibilize yo sou domèn kritik literè ayisyen an ki an konstriksyon pandan li ap fè kwasans li. Nou swete atire tou jenn jenerasyon literatè kritik atistik ak literè kreyòl.

Pawòl Kreyòl pwopoze plizyè aks tematik otè yo ta ka devlope, tankou:

  • Yon pawòl kritik sou literati kritik la limenm menm
     
  • Yon diskou kritik sou yon literatè kritik
     
  • Yon panse kritik sou teyori kritik yo menm
     
  • Yon pawòl kritik sou zèv oraliterè tankou: chante, lodyans epi pwezi ki anrejistre sou CD, resi ak rakontay radyofonik, elatriye
     
  • Yon lide kritik sou resansman prefas ak pòsfas zèv literè yo
     
  • Yon pawòl kritik sou kritik jounalistik
     
  • Yon pawòl kritik sou kritik klasik (inivèsitè)
     
  • Yon pawòl kritik sou literati pou lajenès (timoun piti, adolesan, ak pou jèn timoun)
     
  • Yon pawòl kritik yon ekriven sou yon lòt ekriven parèy li

Modalite piblikasyon an:

  1. Dat pou ou soumèt pwopozisyon atik yo se: 31 out 2022
     
  2. Pwopozisyon yo ap mache ak yon ti seve (C.V.): 31 out 2022
     
  3. Dat pou nou jwenn tèks la okonplè se: 31 oktòb 2022
     
  4. Dat pou nou fini  evalyasyon ak pase men nan atik la se: 28 fevriye 2023
     
  5. Dat piblikasyon nimewo revi a se: 18 desanm 2023
     
  6. Regleman pou atik yo: Tit la ak yon rezime: 15-20 doub entèliy polis 12 epi karaktè Times woman. Referans ak bibliyografi dwe ale nan finisman tèks la. Sèvi ak italik pou mo ki ekri nan lang etranje. Sèvi ak gimè fransè.
     
  7. Se pa tout tèks nou resevwa yo ki ap pibliye nan nimewo sa a.

Pou tout enfòmasyon ak kòmantè, kontakte:

Sosyete Koukouy nan adrès sa a: sosyetekoukouy@yahoo.com

michelangehyppolite@rogers.com

yylamour@yahoo.com

*

 Viré monté