Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kòmantè Joubert Joseph sou "Pataswèl"

Joubert Joseph

Anderson Dovilas komanse powèm nan ak de fraz ki montre ke li menm ak peyi-l makonen byen lontan «Se pa jodi a nou ansanm/Nou pa janm detenn» se komsi m te ka di son batiman lanmou powèt la gen nan kè l pou peyi l malgre distans ki separe yo, li montre ke son flanm lanmou ki anndan kè l ki pa ka etenn fasil, lanmou vle di pasyans e se sa ki yon vrè lanmou «Pasyans nou lonje/Nan nanm nou san longè» sètadi yon pasyans ke nou pa ka mezire, powèt la aprann nou renmen peyi n nan langay li, li montre ke se lè l panse a peyi l li santi l byen «Mwen sere w anndan m/Lè m anvi moun» Powèt la desine li menm ak peyi l ak anpil bèl kout kreyon nan powèm nan «Nou tou lè de/ Son lalad men nan kou/Je lanvè anba kabann» powèt la montre ke lanmou-l gen nan kè-l pou peyi l la s’on depasman, tankou m te ka di powèt la damou fou «Lanmou- m pou ou/ S’on sekous madichon/Ki kenbe-m nan zantray/Kote-m pase li avili- m» li montre anko lè l anvi wè peyi l pa gen obstak li pap travèse «Lè m anvi wè peyi- m/Solèy sa a m wè la pa ka kenbe m.»

 

boule

 Viré monté