Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Wa a, Konpè Bouki ak Ze Kalanderik

Kont Kreyòl

James Stanley Jean-Simon

Istwa sa m vin rakonte nou la soti depi nan tan bembo pou rive jwenn nou jouk jounen jodi. E se pa depi tan jodi l'ap woule lang nan bouch lòm!

Depi lè syèl la potko kanpe anwo tèt nou. Zetwèl potko tounen pla men ki klere chimen.

Kalanderik lan se te yon zwazo. Yon bèt volay ki t'ap viv nan mitan lòm. Zòt kwè osnon di li pat janm egziste. Nan do l te mare sis pè zèl. Kèk dwèt jouda te di zèl sa yo te dwe ede l fè chimen lwen. Li te vole tou pre solèy. Lannwit kò l te nan vwazinaj boul je lalin.

Metye volay sa se te ponn. Ranpli nich li ak yon digdal boul wonn koulè lò oswa lajan. Yon zwazo konsa pat fouti pwopriyete yon nonm ki senp. Batistè l te dwe siyen ak yon gwo tonton non!

Nan zòn lan te gen yon wa. Potanta sa tap viv nan gwo kay chamòt boure ak chanm. Kay sa, w'a bèl pa ou. W 'a wo pa ou. Kalanderik la te abite nan kay sa. Kidonk kay Wa.

Jou yo tap koule tankou dlo lòt bò gran rivyè. Daprè yon sèten bòs Tètès, jounen yo potko menm konnen si yo tap pran yo nan almannak lò Kalanderik lan tap donnen solèy pa grap, nan jaden Wa a, li tap lote ze l. Lè zwazo sis pè zèl la te pare kò l fin ponn. Travayè kay Wa a te konn ranmase ze sa yo epi al mete yo lwen solèy, pou yo ranmase fre nan yon chanm kote yon ti sous dlo te fè nich. Ti sous la te pase tou pre chanm lan anba palè a. Frechè ki tap koule nan ti chanm lan te anpeche ze yo gate. Ze kalanderik yo gaspiye.

Konsa yon jou, Bouki nan ti pwonmnen li tap fè, pye l rive mete l bò kay Wa. Bouki te tande zafè bèl koze ze sa yo. Pwoche pi pre kay Wa a, sa te mete dlo nan bouch li. Kompè Bouki gentan wè, san koze pa  mande linèt, koupe fache l pral fè ak manje yanm, pwa nwa ak pitimi sèch. San yon aksantegi vyann.

Lapoula Bouki glise antre nan yon twou. Pòt sa te dwe mennen l dirèk dirèk andann palè a egzateman nan pyès kote ze yo t'ap pran fre. Koman Kompè Bouki rive rantre anndan, pyès moun pat konnen l. Sòf Bòs Tètès san di pètèt! Men sèl bagay ki pat gwo kou manti, Bouki te rantre andidan kay Wa. San di lònè oswa tann yo reponn li: Rèspè!

Kidonk San lizay!

Aprè yon ti pèrèz. Firamezi kè Konpè Bouki tap kontan. Yon ti klète tap desinen nan je Bouki nich repozwa ze yo. Trap de li kòmanse plen pòch pantalon l. Boure chapo pay li jouk rive arebò.

Kalanderik lan, bridsoukou, te koumanse sispèk. Li vin sispèk anba vant li, nan nich lan te gen yon koze dwòl. Bèt volay te koumanse frape kò l ak sis pè zèl ki te mare nan do l lan. Pitipiti, bri an te rive nan zorèy Wa.

Bouki, san pouki pa, pat mande zwazo pouki rezon. Trapde, Kompè Bouki file pitipiti kò li deyò. Nan yon kout zèklè, Bouki di:

— Pye sa m manje, m pa ba ou.

Nan yon bat je, Bouki, ak chapo l ak pòch li plen ze fre, te douvan pòt kay li.

Wa a tap domi lè bri zèl zwazo an te leve l nan kabann, te fè Wa espantan. Zotobre palè a te move kou kong. Li te vle konnen kiyès? Ki moun? Ki te vinn vòlò ze Zwazo sis pè zèl lan?

Wa a te kite kay lan san li pa di pèsonn. Bâton l nan men dwat, li t'al kanpe nan wout ki mennen bò Gran Rivyè de Nip lan. Konsa la mande ak tout moun ki sot bò rivyè a kisa yo manje ki fè yo dlo?

Kabrit se te premye zanmino Mouche Wa te kontre bab pou bab avè l. Li di:

— Kompè kabrit kisa w manje ki fè w bwè dlo konsa?

— Konpè Kabrit: Zèb ginen wi, mon Wa?

Annaprè, konsa  kòmè Milèt te rive douvan Wa. Wa a revize manzè Milèt menm kesyon an:

— Kòmè Milèt kisa w manje ki fè w dlo?

Milèt reponn:

— Po kann ak zèb raje!

Kabwètye Tenò t'ap pase nan chimen an, li di:

— Bonjou Mouche Wa!

— Lè Wa a mande l sa te met nan vant li ki fè l bwè dlo:

— Tenò reponn Wa: Pen ak zaboka

Annapre, Kochon te pwoche. Wa soufle l menm kesyon:

- Po bannan ak zaboka pouri.

Kochon reponn. Epi pase chimen l.

Jounen an te preske di orevwa sou vilaj la. Solèy te fenk trape yon malozye lò l tap desann lòt bò kay Wa, nan do mòn lan... Gen sak di solèy pral pann tèt li nan lanmè pou l leve pi nèf douvanjou. Pi dore Dizwi kara. Demen. Sa m konnen, Mouche Wa te prèske bay vag, lage men l bay tankou lè moun bourik kat las. Lò Konpè Bouki vin parèt kè kontan. Pye l te lejè e l tap danse yon kalinda:

— Ala gou gou gou mon Wa

Ala gougou

Do touni li tap kontinye chante:

—Mèsi Wa! Mèsi mon Wa!

Ala gou gou gou

Ala gougou gou

Li te rive babpoubab ak Mouche Wa, lè zotobre mèt volay la te poze Bouki kesyon an:

— Konpè Bouki kisa w manje ki fè w bwè dlo?

Konpè, twò kontan menm pou bèl kesyon te reponn Wa a, de je fèmen:

— Ze Kalanderik, mon Wa! Ze Kalanderik Wi! A la gou! Ala gougou!

Menm kote Wa te rale baton nan men l lan, li te:

— Vip!

— Vip!

— Vip!

Sou do Bouki. Bouki te vole, woule anba kout baton. Lè Konpè Mouton, te rive tou bouke, mande mouche Wa a lagras pou Bouki?

Bouki ki wè m tap gade sa. Li Pete ak tout fòs yon kous kouri dèyè m. Li te prèske kenbe m lè m te fon ti poze. Bouki trape m, li banm yon tikout pye. Mwen vin ateri kote nou jouk nan mitan paj liv sa.

James Stanley Jean Simon
(Kont sa mete a lekri nan dat 25 mas 2016)
(Inédit)

boule

 Viré monté