Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Discours d’investiture du President

Michel Joseph Martelly le 14 Mai 2011

Mes chers compatriotes,

En me confiant par votre vote du 20 mars dernier la destinée de la République d’Haïti, vous m’en faites le premier serviteur. Je mesure la solennité du jour et surtout l’immense responsabilité qui m’incombe: celle de vous représenter tous. Oui, tous, filles et fils de cette terre chargée d’histoire, si souvent éprouvée mais tellement fière de son passé glorieux et de son rôle de pionnier des libertés individuelles.

Aujourd’hui, c’est l’immense espoir de mon peuple, sa foi en des lendemains meilleurs, son extraordinaire attente qui sont pour moi une obligation puissante. J’y apporterai des réponses concrètes.

La marche vers cette victoire aura été longue et douloureuse. Elle a mobilisé toute notre détermination et le courage du peuple haïtien. Je veux vous dire que sans le support apprécié de la communauté internationale, une fois de plus, une fois de trop, le vote populaire aurait été confisqué. Que le peuple haïtien en soit fier et que les amis d’Haïti en soient remerciés.Aujourd’hui, dans le calme et la sérénité, je prends le relais du président René Gracia Préval. Comme ses prédécesseurs, il a écrit une page d’histoire, histoire de cette fille caraïbe, singulière et turbulente, peut-être, mais désormais et plus que jamais réconciliée avec elle-même.

Pèp ayisyen!

Se poutèt sa, depi 9 mwa nou te pase pran m lè l te fè nwa deyò a, lè sa pa t bon tout bon, lè lespwa te kaba. Nou te pase pran m tet kale, pou mwen t al a laso, a laso de chanjman an. Mwen te di nou fè m konfyans! E Nou te fè m konfyans.

Ebyen  jodi a se mwen  menm menm ki vin chache chak grenn nan nou, san manke youn,  pou ke fwa sa, bak la dekole tout bon vre.

Wi, men nan men, zepòl ak zepòl, gade non, nou pral chanje Ayiti. Nou pral refè peyi sa a; nou pral refè figil; reba l eskamp li; fe l tounen djanm.

Prezidans pa nou ki se gouvenman pa nou an, se pou nou li pral travay, pou rezilta yo tonbe tèt kale.

Nou p ap kapab kontinye pran imlyasyon nan lonje kwi nou tout tan, nan politik mande, nan tanpri souple.

Pou jan nou konn travay, pou  jan nou byen travay lè yo ba nou opòtinite; pou jan pèp ayisyen se pèp ki gen kouraj; kouraj Capois Lamort; Kouraj Dessalines; kouraj Michaelle Jean, kouraj Wyclef Jean, Duma Siméus elatriye. Wi, nan tèt ansanm, yo pral wè kote Ayisyen ka pwodui; yo pral wè kote Ayisyen ka travay pou mennen peyi a a bon pò, sou ray devlopman.

N al konstwi byen lwen; n al konstwi kay moun, pou nou pa ta ka fè l lakay pa nou! Sa k te gen tan gen la a! Ayisyen resezi nou! Peyi nou se pa nou; an nou mete tèt nou ansanm pou nou refè peyi nou.

Men pou ka gen travay sou latè d Ayiti, se pou gen sekirite nan peyi a. Sekirite pou moun, sekirite pou byen nou, sekirite pou pwodiksyon, sekirite pou plasman kòb, sekirite pou investisè, pou paysan kapab produi, pou tout moun Kk kè kal, pou tout moun poze.

Sa a, mwen p ap negosye li et si you nonm  konprann ke ou pral vin met dezòd, vin fè gagòt, nan voye wòch, chire pit, kraze brize, kreye enstabilite pou fè peyi a pa ka mache,  mwen regrèt sa pou ou. Lajistis ap sevi avè w, lajistis ap aji kòmsadwa.

Nan enstabilite, yon peyi pa ka mache, pase lajan pa ka antre, ki vle di pa gen travay, ki vle di mizè pi rèd. Nan sekirite ou jwenn estabilite, ki vle di: rekòl peyizan an, yo p ap volè l, bèf li ou p ap senyen li, ti machann nan travay lajounen kou lannuit, ou pa ka mache pran kòb li, tè moun ou respekte sa, ou pa ka monte sou li, fòk byen moun ka respekte pou envestisè ka pran konfyans, antre vin envesti, vini konstwi, pou nou ka jwenn devlopman m ap chèche pou nou an, pou nou ka soti nan mizè. Pou nou ka viv yon lòt jan.

Aux autorités judiciaires et policières, mwen di: pran men nou! Mwen renouvle nou konfyans mwen. Mwen di: ase kidnaping nan peyi a! Ase vyolans sou fanm! Ase asasinaj sou pitit peyi a! Sou polisye! Ase enjistis sou popilasyon an!

Nous allons rétablir l’autorité de l’État, l’État de droit. L’ordre et la discipline devront régner sur le toute l’étendu du territoire national, sur le pays tout entier.

Sou prezidans mwen, obligasyon leta se sèvi pèp ayisyen. Menm jan an, sous prezidans mwen, obligasyon sitwayen an se ranpli devwa sivik li, se ranpli devwa sitwayen li, peye taks li pou l ka jwenn sèvis ke leta dwe l la.

An nou pwomèt tèt nou tolerans pou nou pa nan chire pit, pou nou sot nan medizans, mal palan ki mennen divizyon, divizyon ki anpeche nou konswi peyi nou.

Sa fè lontan n ap sèvi ak mizè peyi a pou nou regle zafè nou. Twòp moun sèvi ak mizè péyi a pou geri bosko yo. Fòk sa sispann. Li lè li tan pou n kòmanse vann richès kiltirèl nou.

Haiti est un pays riche. Nous avons les plus belles plages du monde, le plus beau soleil de la Caraïbe, la culture la plus profonde, diversifiée et authentique, un passé glorieux. La Citadelle Henri et les ruines du palais de Milot en témoignent.

Atizana se pa n, penti ayisyen se gwo koze, foklò ayisyen se pa pale. Wi, pèp ayisyen se pa mizè sèlman nou gen lakay nou. Apati de jodi a, an nou fè tèt nou pwomès, ann pwofite mande lemond antye mete mizè Ayiti nan tiwa. Antere mizè Ayiti! Rale richès nou mete l deyò! Sèvi avè l pou drapo nou ka flote pi wo!

Combien de célébrités aurions-nous eu si nou te ankadre jenès la, nan mete l lan espò, retire l lan lari, nan lave machin, nan koripsyon, nan bwè gwòg gwo solèy midi? Ayisyen, Ayisyen, Ayiti t ap dòmi, ebyen jodiya li pral leve kanpe.

Yon sosyete san moral, yon sosyete san valè, se tankou yon machin san chofè. Yo di nou san moral, se paske nou te rete nan lari a san edikasyon, paske yo pa t sonje nou kòm moun. Jodiya mwen di m ap mete tout timoun lekòl gratis. Yo di mwen fou paske mwen di «lekòl gratis» ebyen m gen nouvèl pou nou : non sèlman m ap mande lékol gratis men mwen pral goumen pou lekòl la obligatwa. Se konsa pou retire timoun yo nan lari, se konsa yon lidè responsab, se konsa pou Ayiti soti nan mizè.

Kanta zafè pou moun panse ke Ayiti se Pòtoprens sèlman, ebyen desantralizasyon an pral vin kanpe an fas nou. Se pa Pòtoprens sèlman ki pou rebati, se tout peyi a ki bezwen rekonstwi, ki gen pou rebwaze, ki gen pou devlope. Se sa ki «repons peyizan yo».

Yon Ayiti kote tè pral laboure, kote semans ap disponib, kote dlo pral wouze plantasyon nou, kote rekòl p ap gaspiye paske ke rekòl pral fè pri, kote latè p ap engra, paske lèzòm pral pran swen li. Se sa ki repons peyizan yo.

Yon Ayiti kote klas mwayèn pral pwospere, paske se klas mwayèn ki se motè ekonomi yon peyi.

Yon Ayiti kote chanjman, chanjman nan mentalite nou ap pèmet nou rantre nan modènite mond lan. Yon Ayiti kote kay p ap konstwi nan ravin pou dlo pase pran l, kote se pa bidonvil ki vil,kote pèp ayisyen pral jwenn dlo, pral jwenn kouran, pral jwenn sèvis pou peyi a ka rele peyi.

Yon Ayiti kote nou pral bay moun mwayen pou kontwole pouvwa fè pitit, kote la sante p ap yon liks, kote pran kanntè al nan batey p ap yon nesesite ankò.

Se manda sa a nou ban mwen, manda pou bagay yo chanje. Ebyen bagay yo pral chanje.

Pèp mwen, Brendjenn yo, ti mesye lari yo, chomè yo, nou mèt fè m konfyans, bagay yo pral chanje vre. Sektè prive a, komèsan, machann, ouvriye, fanm d Ayiti, andikape yo, mwen p ap bliye nou. Nou konnen kè m fèb pou nou. Anbake! Leve kanpe! Met men! Ayiti ap tann nou. Prezidan nou pare pou mache men nan lamen avèk nou pou nou pote lavi miyò.

Kominote entènasyonal la, fè m konfyans! Se yon lòt lidèchip n ap jwenn pou yon patenarya tout bon, nan respè youn lòt, bon gouvènans nan transparans ak onètete.

This is A New Haiti, Open For Business Now!

Ak volonte nou chak, avèk gras Gran Mèt la, nou pral met Ayiti devan.

Haiti d’abord, Haiti toujours.

Ayiti peyi m, Ayiti cheri.

Tèt kale.

[Edisyon kreyòl: Online Creole Publishers & E. W. Vedrine Creole Project, Inc.]

boule

 Viré monté