Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Toutouni

André Fouad

André Fouad

Audio

boule

La te joure manman nou gwo katre delapremidi
li touse sou nou
li bave sou nou
li rele sou nou
li dezabiye nou

pousye leve
li leve anba jipon peyi'm
pousye leve mete'n nan la ri

pousye leve
n'ap konte kadav soley ki depatya
sou boulva lanmo

m'anvi pale, m'anvi jwe
m'anvi ponpe, m'anvi kadanse

m'anvi  tounen mo yo lanve
m'anvi fe belbel ak yon lot  peyi
m'anvi fe belbel ak zwazo yon lot vil

m'anvi fe belbel ak yon lot peyi
pou li sispann tounen toupi
nan men la te
yon te woule'm debo


André Fouad

boule

Séisme magnitude 7

Viré monté