Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Selebrasyon lang kreyòl la nan Orlando, Etazini

Ricot Marc Sony

Publié le 2020-11-04 | Le Nouvelliste

Jedi 29 oktòb la Fondation Anderson Dovilas selebre mwa lang ak kilti kreyòl la nan Justins Caribbean Fusion Restaurant. Mizik, resital, kozri, chanj, temwanyaj se pami kèk aktivite ki te fèt nan sware sila.

Devan yon dividal pèsonalite, Pierre Max Charles, Idler Beauhomme, Presny Joachim, André Fouad, Isaac Volcy, Erold Saint-Louis, Fondasyon Anderson Dorvilas te selebre mwa lang ak kilti kreyòl la nan Orlando. Pou lanse aktivite sila, yon gwoup twoubadou k ap evolye nan Orlando te bay plizyè prestasyon. Se moman tou pou gwoup sila te entèprete plizyè chante Tabou Combo avèk kèk chante tradisyonèl.

Apre yon prestasyon ki dire 30 minit, Anderson Dovilas, prezidan Fondasyon Anderson Dorvilas ki t ap anime sware sila te pase lapawoli bay powèt André Fouad. Powèt la te pwofite moman an pou resite plizyè powèm Georges Castera ak Lyonel Trouillot. Otè «Pye poudre» a te pwofite moman sa pou li kèk powèm li nan dènye albòm pwezi li fè avèk Wooly Saint-Louis Jean: «Mélodies des mots».

Lengwis Erold Saint-Louis, alyas vye Ewòl, te pwofite pale sou lang kreyòl la. Li te itilize anpil tèz pedagojik, syantifik ak kèk esperyans pèsonèl pou li te moutre aklè kòman lang kreyòl la enpòtan nan sosyete a, kòman nou dwe bay lang lan tout valè li merite. Vye Ewòl voye jete tout pawòl ki ta vle fè kwè kreyòl la pa yon lang. Pou lengwis la, depi w voye lang lan jete ou voye idantite w jete. Entèvenan an di tou: «Lang lan se yon mwayen pou n kominike, pou n viv ansanm. Lang lan se mwayen pou n chita ansanm. Pa dwe gen okenn prejije. Lang kreyòl la se pi gwo zam nou gen nan men nou. Avèk lang lan, nou ka retrase istwa nou, sajès moral nou, filozofi nou. Pi gwo achiv nou genyen se lang nou.»

Sware sila fini kote ansyen prezidan chanm komès la, Pierre Max Charles, te remèt yon plakdonè ak Fondation Anderson Dorvilas pou travay li nan fè pwomosyon lang ak kilti kreyòl nan peyi Etazini.

Fondasyon Anderson Dorvilas

Fondasyon Anderson Dorvilas  se yon enstitisyon k ap travay nan sektè kiltirèl la depi lane 2015. Li òganize deja plizyè aktivite pou lanse selebrasyon mwa lang kreyòl la. Jedi 8 oktòb pase a nan Orlando nan peyi Etazini. “Omaj pou lavi ak zèv Manno Charlemagne”, se tèm aktivite lansman an te pote pou rann omaj ak Manno yon atis ki pwodui anpil nan lang kreyòl la menm si l te pase yon bon bout tan nan lavi l nan peyi letranje.

Pou prezidan fondasyon an, Anderson Dovilas, Manno Charlemagne reprezante figi rezistans kiltirèl ayisyèn nan. Li te kòmanse mennen yon batay Ayiti ki te angaje sou plan politik. Li vin travèse nan dyaspora a nan peyi Etazini, ki se yon peyi ki difisil anpil pou kenbe idantite kiltirèl, men li reyisi fè rezistans sa.

N ap raple ane sa Fondation Anderson Dovilas se te youn nan pi gwo sipotè mwa kreyòl la. Yo reyalize plizyè aktivite nan plizyè vil an Ayiti, kou nan peyi tonton Sam.

*

Viré monté