Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Midi tapan

André Fouad

Publié le 2019-05-15 | Le Nouvelliste

«Midi tapan» est un extrait du dernier recueil de poèmes d'André Fouad titré «Lawouli», paru aux Éditions de la Rosée aux Gonaïves. La thématique de ce nouveau recueil de Fouad, illustré par les peintres Gregory Vorbe et Jean Jacques Stephen Alexis (Jan Jak 2), est liée essentiellement à la folie, la nostalgie, la solitude et la mort.

Ou ta di ekolye

nan lakou rekreyasyon

mo yo alawonnbadè

kannale monte desann

bay swè nan tout kò yo

Rann flèm yo

fè lakilbit febli degoute

tout se pa m

Vire tèt gade solèy midi

tout se pa m

Mo yo ban m ti lawouli

Fè m pèdi ekilib

anba pwent tete lage lari

mwen kanpe dèyè

yon pòt akajou

m ap gade tan an

k ap chèchè zòn pozisyon l

nan yon chan klichefoto

Viré monté