Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Edisyon Freda voye literati Kreyòl
la monte nan dezyèm edisyon UPAG liv la

Schultz Laurent Junior

Le National, 11 Novembre 2020

 

Freda

Sòti4 pou rive 6 novanm 2020, Edisyon Freda, ki se sèl mezon dedisyon kap fè pwomosyon pou literati kreyòl la, te patisipe nan dezyèm edisyon «UPG liv» ki se yon aktivite liv UPAG (Université publique de l’Artibonite aux Gonaïves) te òganize. Edisyon an te pwofite prezante piblik gonayivyen an tout liv yo genyen nan djakout yo.

Roniro Jean Baptiste, nan entèvyou li bay jounal «Le National», fè konnen Edisyon Freda te kontan patisipe nan aktivite sila a. «Pwofesè, etidyan, tout moun ki nan rejyon Latibonit la te patisipe, te vini achte sou estann Edisyon Freda. Edisyon an te prezante tout liv li yo tankou yon «Kòd gita» yon liv Eveline Trouillot. Te genyen tou «Flè Zili» ak «Yon lejand kou mèt Jonas». Te genyen tou «Bat bouch» yon pwezi Wilkens Chéry ki se yon jèn powèt kap viv nan Pòtoprens ekri. Roniro Jean Baptiste te pwofite di fwa UPAG liv sa a se te yon siksè pou mezon dedisyon lap dirije a paske plizyè liv te vann «nou kwè tou jan de aktivite sa yo bay tout pwofesyonèl kap travay nan sektè liv jarèt ak bourad. Sa pèmèt tou popilasyon an rankontre ak powèt yo, otè yo epi diskite ak yo sou literati ak sa ki mennen yo nan mond imajinè ak literati.Se te pou nou yon gwo siksè nan dezyèm edisyon UPAG liv sa a.»

Roniro Jean Baptiste, ki nan tèt Edisyon Freda, te pwofite fè konnen Leta ayisyen ta dwe bay tout moun kap pwodwi liv an Ayiti jarèt ak bourad; paske liv pa ta sipoze yon bagay ki ta dwe nan men otè yo, editè yo avèk lòt pwofesyonèl ki nan sektè a.«Liv la ta dwe yon politik piblik pou Leta paske lektè potansyèl yo tankou etidyan, pwofesè, moun ki nan klas mwayèn yo ta dwe gen posiblite pou yo achte». Fòk nou di tou, nan kad aktivite sila a te gen yon gwo konsè ki te fèt jou ki te 6 novanm 2020 an avèk BIC. Kote BIC te pwofite klotire kokenn chenn aktivite sila a.»

*

Viré monté