Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mois du créole 2020

André Fouad

Lè m benyen kò m nan lanmè
KREYÒL
mwen konekte ak tout fòs, enèji ki soti nan sivilizasyon
LAFRIK osnon sivilizasyon
AMERENDYEN.
Kidonk kilti kreyòl lan bèl, djougan, li gen nanm
Se li ki fèm ekziste tout bon fas a lòt nasyon yo.

Li raple nou sivilizasyon amerendyen an toujou vivan nan lang nou ak kilti nou tou. Youn nan powèm li mwen renmen anpil se

Mak Pye:

Mwen se yon ti moso lalin toutouni
van paweze pa bò isit
yon jou kou jodi a
yon jou san kaye
yon jou ki sere m
nan fon sakit li
yon jou listwa bliye
AMERIKA AMERIKA
se toulèjou m ap mouri anba talon pye lanmè w
mwen s on nèg kongo
kote solèy reve
chak wout pa bò isit
son chaplè remò
ti dife boule
gwo bri gwo kont
chak wout pa bò isit
S on istwa ki mele ak regrè
ki mal ekri
chak wout isit
son tach san sou do men m
douvan estati lalibète
lamerik trayi m anlagan
mwen S on nèg Yoruba
kote solèy leve
kote solèy kouche.

*

Viré monté