Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Chapo ba pou konpè Filo
(Anthony Pascal)

Yves-Mary Fontin

Anartia jatrophae

Yon anbilans san oksijèn
Ap bouske lopital lwen syèk prezan ak teknoloji
Sou yon rout plen twou
Yon souf koupe douvan radiyès sakad
Van soti l pa rantre, venn pa bay san pase
Barikad nan tout pwent

Konpè Filo file kite n
Jou Jean Leopold Dominique te vini
Tranteyen Jiyè gen revè
N on kòkòday rezistans
Yon konviksyon k pa chavire

Eko mikwo Kalfou fè silans
Yon gwo Mapou nan gran Lakou tonbe
Bay latè krèm angrè
Pou fè pouse mil lòt
Anba sèt fwa disèt kout kanno loraj

Yves-Mary Fontin

*

 Viré monté