Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ti dife Volan

        Isaac Cantave Compere
Brooklyn, NY

Ti dife volan, se pa manyè pa m
Se pa fason pa m
Mwen konnen ki danje ki dèyè l.
Ki rezilta sa ka bay.

Ti dife volan ka anflame tout bon rèv yon sosyete,
Kreye plis konfizyon ak dezagreman.
Se yon kansè, yon manje ranje, ki ka wonje tout yon nasyon.

Ayisyen patriòt konsyan, ki entelijan tout bon vre
Pa dwe pran nan pyèj sa a.
Dayè moun ki gen enterè
Nan soufle ti dife
Se sila yo ki pa ta renmen wè
Ni ou ni mwen rive antann nou.

Vye frè pwoche pi pre
Gade m, gade m fiks nan je
Prete m men w. Nou ka fè anpil bagay ansanm.
Vle pa vle nou gen menm siyati.
Se vre nou gen yon pwoblèm mantalite
Li pa fasil pou n chanje konsa konsa
Men ann fè yon ti jefò.

Ann fè jefò pou dechouke vye enterè mesken ki bloke wout la .
Wi… Ann wè peyi.. Wi… Ann wè peyi nou.
Konsa chomaj, koripsyon , enjistis va kaba,
Ti moun kap grandi va kontan
Tout Zòt va sispann konplote
Afòs yo wont, ya blije kraze rak

Lè sa a, nan tout kwen na tande yon sèl pawòl
Ayiti, Ayiti Tonma  a la bèl ou bèl
Pandan n ap di byen fò  ansanm ansanm
Aba ti dife volan.

boule

 Viré monté