| Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
| Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Respekte peyi d Ayiti
Respekte peyi d Ayiti, Fritz Deshommes • Éd. de l'Université d'État d'Haïti • 2024 • ISBN 978-99970-78-25-4 |
Quatrième de couverture
Respekte peyi d Ayiti
«Respekte Peyi d Ayiti» ranmase plizyè diskou Rektè Inivèsite Leta d Ayiti a pwononse nan divès sikonstans ofisyèl, soti lane 2021 rive 2024. Nan moman peyi a ap debat anba yon kriz kote l sanble l pa wè ni devan ni dèyè, Rektè a plonje nou nan pwofondè listwa pou nou chache lespwa.
Ayiti pa pitimi san gadò. Se premye peyi ki te fè solidarite ak lòt nasyon nan rejyon an. Li te reponn prezan pou plizyè nasyon nan Amerik Latin lan ak nan Karayib la lè kesyon egzistans yo kòm peyi endepandan te poze. Li akonpaye pèp peyi Lagrès, peyi Libi, peyi Letyopi nan lit pou liberasyon yo. Li aboli lesklavaj de (2) fwa kay vwazen. E li pral kontinye goumen pou peyi sa a, Repiblik Dominikèn, rete yon Leta endepandan.
Men tou, li peye sa chè. Ansyèn pwisans kolonyal yo izole l, mete l sou kote, sanksyone l. Peyi Lafrans pral fè l ba l yon gwo tonton sòm lajan l ap fin likide jouk sou gouvènman Estimé (1946-1950). Peyi Etazini pral okipe l pandan 19 lane (1915-1934). Ti krik ti krak, sitwayen ewopeyen, ameriken k ap viv sou teritwa nasyonal la ekzije konpansasyon pou byen yo pretann yo pèdi nan tirelobe ant sitwayen Ayisyen.
Kidonk, Rektè a:
- Raple peyi nou te ede yo devwa solidarite, rekonesans ak resipwosite yo genyen pou peyi d Ayiti;
- Reklame restitisyon ak reparasyon nan men peyi Lafrans ak tout lòt peyi ki te mete n nan lesklavaj epi fè n peye, an gwo ponyèt, yon dividal lajan nou pa t dwe;
- Ankouraje pèp ayisyen an ranmase karaktè l, kole zepòl, chase move zè ki nan mitan nou pou n ranje peyi a.


