Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Diskou Rektè Inivèsite Leta d Ayiti
nan okazyon Fèt Drapo ak Inivèsite

Fritz Deshommes

18 mai 2019

Peyi nou an mal

Peyi nou an byen mal

Peyi nou an ban nou anpil enkyetid

Si tèlman anpil moun ap mande: Eske n dwe fete 18 me? Eske n ka fete 18 me? Eske n diy pou n fete 18 me?

Pou gwosè diferans, gwosè fose nou jwenn ant sa 18 me a  vle di ak eta nou jounen jodi a, nou menm pèp ayisyen.

Ou kwè nou pran konsyans sans 18 me a? Pou nou menm? Ak pou limanite?

 Ki sa 18 me a ye? Ki sa k te pase tout bon? Pou ki sa l enpotan?

18 me, se reyinyon tout gwo chèf nwa, milat, chaben, tout koulè, tout kondisyon, ansyen esklav plantasyon, ansyen esklav anndan kay, ansyen afranchi, kote yo  tout ansanm deside bliye tout chire pit, tout divizyon, pou yo  kreye  yon peyi tou nèf, ki rele yo chèmèt, chèmètrès. Yon peyi libète. Yon peyi pou nou  tout. Yon peyi kote tout moun ka viv. Yon peyi tout moun se moun. Yon peyi diyite. Yon peyi souvren.

Menm jou a, yo kreye yon senbòl. Drapo a. Pou yo fe Lafrans ak lemondantye konnen: nou la. Nou ini. Pou lendepandans. Pou tout moun ka lib. Pou tout moun egalego. Pou nou tout ka viv tankou frè ak sè. Nou la.

Yon lòt bò, 216 lane apre, lè nou gade eta peyi a.

Lè y ap gade nou. Jan n ap viv, jan majorite nan nou ap viv. Nan malsite, nan lamizè, nan enstabilite, nan ensekirite, nan chirepit, nan lapèrèz, nan dezespwa. Nan yon peyi ki paka finanse pwòp bidjè l, pwòp eleksyon l. Yon peyi k pa ka menm pwodui ase manje pou bay tèt li …

Nan kondisyon sa a, li klè nou paka bat lestomak nou pou nou di nou se bon eritye vanyan gason 18 me 1803 yo. Yo menm ki apre sa pral  kale pi gwo lame ki te gen soulatè pou yo pote premye ak sèl  viktwa esklav te janm genyen sou  mèt ak pou yo kreye yon Leta tou nèf ki pral chanje figi tout limanite.

An nou tounen sou kesyon an: èske fòk nou fete 18 me? Eske lè n fè konparezon sa a, nou pa anvi rantre nan yon twou epi fè bliye nou?

… Amwens ke nou ta vle pran 18 me a kòm yon defi, yon enspirasyon, yon referans, yon zouti:

  • Pou nou chanje sitiyasyon peyi nou an epi soti nan rejim kriz sou kriz k ap brase bil li depi dikdantan;
  • Pou nou reprann dwa granmoun peyi a nou pedi depi twò lontan;
  • Pou nou kwape tout «zanmi» ki te toujou kwè nou pa ta dwe egziste kòm peyi paske yo toujou konsidere n tankou yon anomali, yon menas, yon sèpan, pou lòd entènasyonal;
  • Pou nou fè zòt sispann di nou pa ka gouvène tèt nou, nou pa konn sa pou  n fè ak peyi a, nou pa gen pwojè, nou pa konn kote n vle ale.

Ki sa sa vle di? Sa vle di pwojè zansèt nou yo te mete yo dakò sou li a nan dat 18 me 1803 nan Kongrè Akayè a e ki rete nan wout la, an n reyalize l. An nou fè l rive  jis nan bout li. Sa vle di: an nou deside konstwi ansanm yon peyi pou nou tout. An nou mete tout fòs nou, tout volonte n, tout kapasite n, pou kreye yon veritab nasyon kote tout moun se moun, tout moun gen dwa, tout moun gen devwa.  Kote tout moun ka manje, bwe, dòmi, jwenn edikasyon, lasante, travay, sekirite, elatriye.

Men kesyon sa a pa piti non. Se pou tèt li wi yo pa t ezite sakrifye papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines, epi fè silans sou non l pandan 40 lane. Papa Nasyon an wi!!!.

Eske n sonje ki prezidan yo plis pase nan betiz, nan tout listwa peyi a? Li rele Faustin Soulouque!!! Anben, Soulouque se premye dirijan apre Dessalines ki te  adopte mezi ekonomik  an favè moun ki pi pòv yo. Pou anpeche “mèt peyi yo” fè plis move lajan sou do majorite a.!!!

Eske n konnen ki prezidan yo pi imilye nan peyi d Ayiti? Sèl prezidan ki ale nan egzil yo pimpe tounen trapde epi yo jije l, yo kondane l, yo fizye l sou laplas piblik? Sylvain Salnave, yonn nan ra prezidan ki te montre anpil preokipasyon pou  byennet popilasyon pòv la.

An n vanse. Yo ka di pawòl Dessalines, Soulouque, Salnave, se pawòl ansyen tan. Nou nan yon lòt epòk konnye la a.
An nou pran yon istwa ki pi pre. Nou papral  two lwen an aryè.  Nou ka menm rete nan moman prezan an. An 1986, nou goumen, nou kraze yon diktati bout di. Nan okazyon sa a, tout peyi a leve kanpe pou l di ki mòd peyi l vle. Pawòl «peyi pou nou tout» la tounen pi rèd. Nou mande yon lòt Leta. Yon Leta nan sevis tout popilasyon an. Se te premye fwa depi 1803 tout fòs tout peyi a tout kote nan tout kwen  ak tout dyaspora a te mobilize dèyè lide sa a.

Epi nou pa t senpman di l. Nou te goumen pou n te mete l nan yon dokiman ekri, nan yon papye ofisyèl,  nan yon kontra peyi, nan  manman lwa peyi a. Konstitisyon an. Konstitisyon 1987 la. Kote nou retounen ak tout fòs nou ak lide «peyi pou nou tout» la. Men fwa sa a,  nou tou di ki jan pou l fèt, ki zouti pou yo itilize. Nou di ki jan pou dirijan yo mennen bak peyi a nan tout domèn. Domèn ekonomik, domèn politik, domèn sosyal, domèn kiltirèl.

  • Sou plan politik, Konstitisyon ensiste anpil sou Desantralizasyon, pataj pouvwa, patisipasyon, nan kad  yon Leta djanm, souvren,  ki jwenn lejitimite l nan men sitwayen yo;
     
  • Sou plan ekonomik: pwodiksyon nasyonal  an jeneral, agrikilti , agwoendistri an patikilye, yon endistri ki marye ak matyè premyè peyi a; refòm agrè an favè vre travayè late. Dwa pou tout moun jwenn travay. Salè nomal, desan, pou tout ouvriye. Tout monopòl kaba: sel Leta  gen dwa gen monopòl;
     
  • Sou plan sosyal, lekòl obligatwa e gratis pou tout timoun. Tout sitwayen dwe jwenn lasante, ledikasyon, lojman, sekirite. Se yon  dwa se pa yon favè. E se devwa Leta pou l garanti yo;
     
  • Sou plan kiltirel, kit se lang, kit se tradisyon, kit se relijyon nan peyi a, Konstitisyon an mande Leta pou l pwoteje yo, ba yo tout valè yo merite. Pa egzanp, li rekonèt lang  kreyòl kòm sèl lang nasyonal e yonn nan 2 lang ofisyèl peyi d Ayiti. Li kreye yon Akademi  Kreyòl. E l  mande Leta pou l fonksyone an kreyòl tou.

Sa n ap di la a, se pa yon pwojè non. Se pa rekomandasyon ekspè , se pa sigjesyon. Se lalwa. E se pa tout lwa: se manman lwa peyi d Ayiti plis 99 pou san popilasyon an te vote nan yon referandom istorik, jou k te 29 mas 1987.

Nou  pa aplike 10 pou san nan tou sa. Nou ka poze tèt nou kesyon:  pou ki sa dispozisyon sa yo, ki gen legalite, ki gen lejitimite, yo pito bliye yo?. Pou ki sa yo pase anba pye  egzijans  manman lwa peyi a?

Eske se paske l charye lide «peyi pou nou tout» la? Eske se paske l rive lwen nan mete zouti pou lide sa a vin reyalite? …

Eske nou panse nou ka kontinye evite lide konstwi «yon peyi pou nou tout» la? Eske n ap kontinye fè laloz, chache envante tout ekspedyan, tout palyatif, tout fo solisyon ? Ki pou  ban n yon ti  souf, yon ti kanpo, anvan menm kriz la reparèt pi devan, sou lòt fòm, pi grav chak jou, tankou n ap viv li depi plis pase yon syèk ? Eske nou pa pè pou  twò ta pa bare nou  pi bonè ke n ta panse?

Eske n ap prefere pèdi peyi a olye n retounen nan pwojè zansèt yo? Eske n ap prefere bay zòt rezon, zòt ki depi nou egziste konsidere n kòm yon maladi, yon anomali, yon pwazon, paske senpman nou di “tout moun se moun”. Epi nou montre nou kwè ladan l lè n al ede peyi tankou Venezuela, Ekwatè, Bolivi, Perou, Colombie, Repiblik Dominikèn, Lagrès, elatriye, pran dwa granmoun yo. San konte anpil lòt  peyi, anpil lòt moun sou plizyè kontinan ki pran nou kòm modèl, kòm referans nan batay pou fè respekte dwa yo.

Antouka, jan peyi a ye la a, nou prèske rive nan stad kote oubyen nou deside konstwi «yon nasyon pou nou tout». Oubyen  nou  riske peri nou tout  ansanm.

 Peri ansanm? Eske n pa egzajere? Poutan anpil anpil moun komanse anvizaje ipotèz  sa a sou peyi d Ayiti.

Men fòk nou di  tou pawòl sa a pa nouvo. Pa egzanp, ane sa a, 2019,  fè egzakteman 100 lane yon michan liv te parèt. Tit li se: "La Vocation de l'Elite": Ki wòl lelit la nan peyi d Ayiti? Lelit, sa vle di moun ki gen pouwa ak moun ki a rebò pouvwa.

Pouvwa politik, pouvwa ekonomik, pouvwa lakonsesans. Otè liv sa a, se yon kokenn chenn entelektyèl  tout ayisyen konsekan respekte e ki gen anpil rekonesans nan peyi etranje. Se Doktè Jean-Price Mars. Li se premye Rektè Inivèsite Leta a. Men sa l di:

"Elit peyi a san zantray. Sa fe l pa menm konprann kote enterè l ye tout bon. Sitiyasyon sa a fann sosyete 2 bout.Yonn pa rekonèt lòt. Se yon kokenn chenn malè pandye ki ka menm lakòz nou disparèt kòm pèp"

Avetisman sa a, nou resevwa l deja depi 100 lane.

Pi gwo omaj nou ka rann zansèt yo, se chache ale pi lwen pase yo nan konstriksyon nasyon an. Se kontinye travay yo a. Se reprann dosye an kote yo menm yo  te kite l la. Se rive kreye toutbon peyi yo te reve a. Yon peyi pou nou tout, yon peyi modèl.Yon peyi ki ranmase toutbon sans Drapo 1803 a.

Prezidan, premye minis, tout  minis yo, tout otorite Leta a,

Inivèsite peyi d Ayiti pa bliye wòl li kòm gadò  Drapo a. Nan Inivesite Leta a ak anpil  lot Inivèsite, nou pare pou nou bay kontribisyon pa nou nan pwojè sa a : yon peyi pou tout pitit li. Yon nasyon n ap konstwi ansanm ansanm kote tout moun se moun.

Jan sa ta bèl si ane pwochènn lè n vin la a, nou ka di zansèt nou yo, men sa n komanse fè pou n vanse sou pwojè nasyon Kongrè Akayè 18 me 1803 a te pwomèt la . Men ki jan n ap selebre gwo dat sa a.

Annatandan, nan pèspektiv sa a, m koube m byen ba  pou m di  nou tout alawonnbadè:

Bonne Fête du Drapeau, Bonne Fête de l’Université.

Mèsi anpil.

Fritz DESHOMMES
Rektè
Akayè, 18 me 2019

 Viré monté