Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Diskou Rektè Inivèsite l Eta d Ayiti,
Pwofesè Fritz Deshommes nan okazyon
seremoni omaj pou Mèt Monferrier Dorval

vandredi 18 septanm 2020
Eglise Saint-Pierre, Pétion-Ville, Haïti

Fritz Deshommes

Photo Le Nouvelliste.

 

Premye pawòl nou nan moman tristès sa a, se pou fanmi Mèt Dorval. Kit nan Pòtoprens, kit nan Grand Salin, kit  nan lòt kote, yo nan gwo lapenn. Nou konprann yo vle viv doulè yo nan entimite. Nou vle fè yo konnen yo pa pou kont yo. Nou menm tou nan UEH la, se lapenn nou tou.

Nou te konn Mèt Dorval kòm pwofesè, kòm avoka Inivèsite a. Men tou kòm yon patriyòt, kòm yon pèsonaj ki senbolize etik, onètete, entegrite, prestij, nan pi wo nivo yon moun te ka imajine.

Pwofesè Monferrier Dorval te ansenye Dwa Konstitisyonèl nan Fakilte Dwa Pòtoprens pandan plis pase 25 lane. Li te anseye Metodoloji Rechèch tou nan Fakilte Syanszimèn. Se te fason pa l pou l te remèt sa l te benefisye lè l te etidyan. Li te renmen raple dèt li genyen pou inivèsite a, pou peyi a, kote l te fè gwo etid san l pa peye epi ki te louvri anpil pòt pou li. Li fòme plizyè jenerasyon pwofesyonèl Dwa (avoka, jij, komisè, notè, grefye, elatriye). Mèt Dorval se te yon referans nan Fakilte Dwa a. Pou jan l te fè kou l, pou kalite ankadreman l konn bay etidyan lisans metriz ak doktora nan travay memwa ak tèz yo, pou kalite koutmen l te konn bay dekana a. Li te yon manm enfliyan komisyon akreditasyon Fakilte a, ki la pou bay moun ki diplome nan yon lòt inivèsite ekivalans Inivèsite Leta a.

Mèt Dorval te avoka Inivèsite Leta a pandan plizyè lane. Li te toujou disponib pou nou. Kòm avoka, li pa rantre nan yon dosye nenpòt ki jan. Li pa senpman fè sa kliyan an mande l la. Li chache konprann, li diskite, li konseye, jis nou rive jwenn ansanm yon estrateji  kote l marye enterè kliyan an, lwayote l, entegrite l ak konpetans li. Atansyon, Mèt Dorval pa p ranmase nenpòt ki koz, ni l pap defann nenpòt kliyan nan nenpòt ki kondisyon. Entegrite l, sans etik li konn fè l refize sèten ka ki depaman ak sa l kwè, ak etik li, ak konviksyon l, ak prensip li.

Mèt Dorval te konsidere metye avoka, tout pwofesyon Dwa yo ak tout sistèm jidisyè a pami pilye fondalnatal sosyete a. Li te kwè anpil nan prestij pwofesyon an, nan konpetans ki mache avè l, nan respè pou l enpoze. Yonn nan preokipasyon ki te pote l nan tèt, se nesesite pou etid jiridik nan peyi d Ayiti pran yon lòt nivo. Li te yonn nan pèson resous Komisyon UEH la fenk kreye nan tèt kole ak Federasyon Bawo d Ayiti ak Lekòl Majistrati a sou Ansèyman Dwa nan peyi d Ayiti. Pami pi gwo pwojè l te genyen  kòm Batonye, nou jwenn de (2) pwogram Metriz, yonn sou Dwa Piblik, lòt la sou Dwa prive, li te vle kreye nan kad yon patenarya ant UEH la ak Batona a. Li te raple n sa nan yon ti pale tou kout nou  te genyen nan okazyon envestiti nouvo Konsèy Egzekitif la. Nou te menm gentan pran randevou nan dat mèkredi 2 septanm nan Rektora a, pou n pale sou Pwogram sa yo. Men, kòm nou konnen, li te déjà al kite nou.

Mèt Monferrier Dorval se te yon patriyòt otpòt. Lè w tande l ap pale nan mikwo jounalis la sou jan l renmen peyi sa a, jan l pare pou l bay lavi l pou li, se pa yon pawòl konsa konsa. Se yon konviksyon djanm baze sou yon lanmou, yon rekonesans, yon admirasyon pou sa peyi sa a fè pou li, pou sa peyi sa a reprezante nan listwa limanite. E se pa t premye fwa li te nan sitiyasyon pou l te montre peyi sa a, fidelite l, fyète l ak lanmou l gen pou li.

Nan lane 2004, yo te envite l patisipe nan yon gwo reyinyon, yon reyinyon sekrè. Te gen anpil etranje. Anpil Ayisyen tou (entèlektyèl, politisyen, jounalis, elatriye), moun ou pa ta panse, selon sa l te presize pou mwen. Sou ki sa yo t ap pale? Yo t ap diskite sou yon pwojè mete peyi d Ayiti anba titèl peyi etranje. Se te nan yon moman te gen anpil pwoblèm nan peyi a: ensekirite, enstabilite;  kidnapping te fèk ap pran chè. Mèt Dorval te eksplike m jan l te estomake, jan sa te fè l mal. Jan l te santi l blije pale fò ak moun yo. Epi kite reyinyon an ak anpil fraka. Senk lane aprè, nan moman l t ap rakonte m istwa a, li te toujou move. Li te toujou an kòlè pou tèt yon lide konsa te travèse panse kèk moun, pou tèt anpil moun ou pa ta panse te sanble mache ladan l, poutèt tou yo ta panse limenm, Monferrier Dorval, ta ka patisipe nan yon pwojè konsa.

Li te mande m pou m pa janm repete koze sa a. Men jounen jodi a, mwen pa santi m ka kontinye kenbe l pou mwen. Eskize m Mèt Dorval.

Depi lannwit 28 out sa a, nou gen yon kesyon k ap tizonnen nou, mwen menm ak kèk kolèg nan Inivèsite Leta a. Pouki sa? Pouki yo asasinen Mèt Dorval?

Lè nou te fèk resevwa nouvèl la, nou pa t vle kwè. Nou pa t  ka kwè. Menm si nou konnen ensekirite a ap vale teren, nou pa t kwè l ta ka rive bridsoukou konsa sou Monferrier. Ki sa pou yon moun genyen ak Mèt Dorval jis pou l deside etenn souf li?

Mèt Dorval pa konn nan kont ak moun. Se vre l chaje ak prensip, chaje ak konviksyon. Se vre li se yon entèlektyèl toutbon, sa vle di ki reflechi ak pwop tèt li, ki gen yon panse endependan, ki toujou pare pou bay opinyon l. Men tou ki respekte sa lòt moun panse, ki renmen fè deba. Li pap enpoze w sa l kwè. Li pap di w mo deplase. Li pap fache avè w paske w pa panse menm jan avè l. Okontrè. M konn anpil moun ki gen gwo divèjans avè l sou divès sijè tankou kesyon konstitisyon an oubyen lòt kesyon. Men relasyon yo ak Monferrier se respè yonn pou lòt, admirasyon yonn pou lòt.

Se pou sa anndan Inivèsite a, nou tout, pwofesè, chèchè, nou santi n konsène dirèkteman. Pa sèlman paske l te anseye lakay nou, oswa paske n te konnen l oswa paske li te enpòtan pou nou kòm kolèg, kòm kolaboratè, kòm moun. Nou konsène paske rezon k fè yo asasinen l lan, se nannan metye fondalnatal  nou kòm pwofesè, kòm chèchè, kòm inivèsite. Panse, reflechi ak pwòp tèt nou, bay opinyon nou, fè deba, chache sa k pi bon pou etidyan nou, pou sosyete a, pou peyi nou, pou limanite, se sa k metye nou. E se pa sèlman UEH la ki konsène, se tout inivèsite, tout entèlektyèl, tout moun k ap panse, k ap reflechi pou fè sosyete a vanse.

Se pou sa, li enpòtan, li fondamantal, pou otorite yo, lapolis, lajisitis, fè tou sa yo kapab pou yo jwenn moun ki fè zak sa a, moun ki patisipe nan zak sa a, kit se moun ki bay lòd la, kit se moun ki egzekite lòd la.

Se pa paske nou bezwen tire vanjans. Vanjans lan pap rebann Mèt Dorval.

Se paske sosyete a dwe konprann sa k pase a. Se paske moun ki komèt zak la dwe konprann ki mal yo fè nasyon an, lè yo pran lavi yon lòt moun, nenpòt ki moun. Pi grav ankò si se yon pwofesè inivèsite, yon moun k ap prepare demen peyi a. Pi pi grav ankò, lè se yon moun nan dimansyon Monferrier Dorval, tout moun respekte, ki gen yon rekonans nasyonal ak entènasyonal, pou konpetans li, entegrite l, lanmou l ak lafwa l nan peyi nou an. Yon kalite ayisyen ou preske pa jwenn ankò.
Nan mitan lapenn nou, doulè nou, tristès  nou, kòlè nou, an nou  ranmase karaktè nou pou nou rekonèt yon verite ki ka yon ti kras konsole  nou. Peyi a gen moun toujou. Malgre tou sa n ap viv, tout kalamite, katastwòf, sa k natirèl, sa k pa natirèl, nou toujou gen nan mitan nou de pèsonaj nou ka konsidere kòm modèl, kòm referans, kòm egzanp, kòm limyè. Batonye Monferier Dorval se te yonn nan yo.

Devwa nou jounen jodi a, se gade ki jan nou ka fè limyè sa a kontinye klere nou, ki jan nou ka rapousuiv memwa l nan bèl egzanp li kite pou  nou, nan  bèl chimen l trase pou nou, sou plan etik, sou plan konpetans, sou plan ekselans, sou plan kouraj, sou plan lanmou pou peyi a.

Devwa nou jounen jodi a, se ranmase tout zouti Me Dorval kite pou  nou pou fè l kontinye viv nan mitan nou, pou n fè tout rèv li te karese vanse, pou Inivèsite a, pou kolèg avoka l yo, pou tout sistèm jistis la, pou peyi nou an.

Nan  sans sa a, Konsèy Egzekitif Inivèsite a pran plizyè angajman:

Se rapousuiv san pran souf demach nou kòmanse fè pou nou refòme jan y ap anseye dwa nan peyi nou an ak pwosesis restriktirasyon nou tanmen nan Lekòl  Dwa Gonaïves ak Jacmel epi ki dwe touche tout Lekòl ak Fakilte Dwa nou yo.
 
Se vanse sou 2 pwogram Metriz Mèt Dorval te vle reyalize nan tèt kole ak UEH la. N ap tou fè nouvo Batonye a, Mèt Suze Legros, konnen nou pare pou n vanse ak bèl pwojè sa a.

Anplis, Konsèy Egzekitif Inivèsite a fèk pran yon desizyon tou nèf:

Nan yon sikilè ki gen dat 15 septanm 2020, nou fenk kreye yon pri pou rekonpanse chak ane pi bon Memwa  Lisans ak Metriz pi bon tèz Doktora etidyan nou yo rive fè nan domèn jiridik. Pri sa a rele «Pri Ekselans Mèt Monferrier Dorval».

Noumenm tou ki nan gwodoulè jodia, nou tout ansanm, gen plizyè lòt jefò nou ka fè pou nou kenbe Mèt Dorval vivan nan mitan nou.

Pa egzanp, chak fwa yon avoka osnon yon pwofesyonèl ta refize yon koz, oubyen yon pwopozisyon oubyen yon travay paske l pa koresponn ak etik li, ak konviksyon l, Mèt Dorval ap kontan kote l ye a.

Chak fwa nou ta genokazyon evite peyi a imilyasyon nan men etranje, nan men Ayisyen tou;

Chak fwa nou raple n dèt nou genyen pou peyi a;

Chak fwa nou bay enterè peyi a priyorite sou tout lòt;

Epi chak fwa nou santi nou ka di ak tout kè n, ak tout nanm nou, ak tout senserite n: «Je ne m’appartiens plus. J’appartiens au pays. J’aime ce pays. Nous avons une grande histoire»;

Chak fwa sa yo, se Mèt Dorval k ap viv nan nou. Se jenès la k ap pran kouraj. Se peyi a k ap pran jarèt.

Nan non Konsèy Egzekitif Inivèsite Leta a, nan non pa m, n ap swete Batonye Monferrier Dorval bon travèse.

Me Dorval, zansèt yo ap byen kontan resevwa w.

Mèsi anpil.

Fritz Deshommes
Rektè UEH

*

 Viré monté