Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Manman'm

Derosier 'Deewoy' Rith-Carlson's

Manman'm
Ou se poto mitan'm
Depi nan ayayay
Jouk jounen jodi
Se ak branch cheve'w
Mwen aprann
mare mizè'm

Ou banm gou lavi
Ou trese'm
Tout modèl
Pou banm fom Ou vle

Men
ann tann cheri
Ma woule'w de bô
sou menm lizyè ak lalin
La twaze belte'w
Dayè'w bel fanm pase'l
La konnen'l paka machande'w

Ri cheri
Ri tout ri'w
Ri mezi bonè'w
Ri lajè kouray ou
Ri cheri
Ri pou lespwa'w
Grandi kanpe

boule

 Viré monté