Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Asanble Atis Ayisyen Nan Masachisèt

Boston ap selebre 30 ane pèfòmans
kiltirèl biblo kiltirèl li

Carole “MAWOULE” DEMESMIN

 

 

Dimanch 22 novanm, 2009,
de 6:30 PM a 9:30 PM
nan otèl Braintree
Sheraton Tara,
ki nan 37 Forbes Road, nan Braintree, Masachisèt.

Carole Demesmin

Asanble Atis Ayisyen Nan Masachisèt ap prezante:

“Omaj Chapo-ba Pou Carole Mawoule Demesmin”

Pami moun k’ap vin bay omaj chapo-ba sila a ap genyen Emeline Michel k’ap soti de Nouyòk, pwòp pitit gason Carole, B Flow (Philippe Arty), yon mizisyen de renon k’ap soti Bèljik, powèt e dizè kont Jean-Claude Martineau, ki konpoze anpil nan mizik Carole yo, powèt e dizè kont Charlot Lucien de Boston, chantez de talan Mirlande R. Butler, tanbourinè Nwa-Etazinyen Kera Washington, gwoup mizikal Mélange ansanm ak atis-pent William Descillien ki gen pou l prezante yon sipriz bay piblik la. Anplis de sa, ap gen anpil reprezantan ofisyèl plizyè  konsila ayisyen, reprezantan plizyè òganizasyon kiltirèl, ansanm ak reprezantan anpil Eta e vil etazinyen (kouwè Chikago, Nouyòk, Monreyal, Miyami, Atlanta, Konektikèt, elatriye) k’ap vini pou prezante Pri donè bay Carole.

Carole Demesmin soti Ayiti e antre Ozetazini an 1970. Manmzèl antre nan gwoup “Haiti Culturelle” nan kòmansman ane 1970 yo e vin chantez prensipal gwoup la evantyèlman, kote li kolabore avèk pyanis e etno-mizikològ ayisyen Gerdes Fleurant ki ankouraje l anrole nan lekòl Berklee College of Music kote li aprann leson pou vwa. Apre sa, li jwenn fòs avèk dramatijyen teyat, konpozitè e parolye Jean-Claude Martineau pou l pwodui premye albòm li ki rele “Carole Mawoule” (1979).  Pita, manmzèl fè soti plizyè plak kouwè “Men Rara”, “La Wouze”, “Bel Congo”, elatriye.

Siksè plak sa yo, kote nan ladan yo li entegre avèk mannigans mizik tradisyonèl folklorik ayisyen, vin leve manmzèl nan ran vokalis femèl venere kouwè Lumane Casimir, Toto Bissainthe e Martha Jean Claude — sa fè non manmzèl vin sou bouch tout moun ann Ayiti nan ane 1970 yo. Palan de mizik rasin ayisyen, etno-mizikològ Gage Averill (otè A Day for Hunter, a Day for the Pray, 1997) di nou mizik rasin emèje nan fen ane 1970 yo ann Ayiti sou fòm mizik pwotestasyon. Li tire enspirasyon li de ritm vodou ki sot nan pwovens yo, men l itilize enstriman modèn ak teknoloji pou l atire yon piblik ki pi gran e ki entènasyonal, de Lafrans a Japon. Malgre popilarite li, mizik rasin lan kenbe otantisite li: lespri revòlt, tradisyon ayisyen, fòlklò e kilti.

Siksè Carole Mawoule ede pote gran chanjman nan respè valè fi e nan jan yo prezante vokalis femèl nan sektè mizik ayisyen yo, e li ouvè pòt tou pou fi ki gen talan nan nouvèl jenerasyon chantez kouwè Emeline Michel, Tifane, elatriye. Men sa pwomotè kiltirèl Magy Metellus de Monreyal di de manmzèl: “Nan 30 tan ki sot pase yo, Carole Demesmin kontinye ap nouri imajinasyon ayisyen e swaf li pou libète ak jistis. Antanke fanm vanyan ayisyèn li pote flanbo kilti ayisyen an nan yon nivo elve enkonparab.”

Pi devan Carole vin itilize enfliyans li pou l kreye nan Nouyòk òganizasyon UNITED HAITIAN ARTISTS ki la pou fè pwomosyon e defann travay atis ayisyen nan tout disiplin yo, anpi tou fè jefò pou kenbe anvi plizyè aspè nan Istwa ayisyen (lavi pase Endyen natif-natal yo, drapo, vodou, elatriye) pandansetan l’ap travay di pou l pwoteje anvironnman peyizaj Ayiti an k’ap fin depalfini. Pi resamman li lanse l nan yon nouvo karyè kòm aktrès kote li jwe wòl aktrès prensipal an konpayi de aktè kouwè Jimmy Louis e Rudolph Moise nan fim “Life outside of pearl“ pa sineyas Jhonny Desarme.

Carole pèfòme nan diferan vil ann Ayiti, Lafrans, Kanada, Bèljik e Ozetazini an kalite de “Anbasadris Kilti Ayisyèn”; e li resevwa plizyè Pri donè de plizyè enstitisyon kiltirèl ofisyèl kouwè Televizyon Nasyonal Ayisyen, Asosyasyon Fanm Ayisyèn Nan Boston, Haitian Congress, Fortify Haiti, elatriye). Pi devan yo vin selebre akonplisman l ann Ayiti, Miyami, Nouyòk, e sa tonbe byen ke 30èm anivèsè plak “Mawoule” a ap selebre nan Boston, kote istwa sa a te kòmanse.

Asanble Atis Ayisyen Nan Masachisèt lan se yon gwoupman volontè de atis ki fonde nan Boston an 1995. L’ap travay pou l sipòte e prezante travay plizyè douzèn atis,  pent ayisyen, pèfòmè mizikal, powèt nan zòn Nouvèl-Angletè a.
 
Pou plis enfòmasyon tcheke nou sou imèl: eritajfoundation@msn.com - Charlotlucien@yahoo.com

Aktivite sa a vin  posib gras a sipò finansye e lojistik de Konsila Ayisyen Nan Boston, Artisans’ World Gallery, Eritaj Foundation, Revi Tanbou, Konsila Ayisyen Nan Chikago, Asosyasyon Fanm Ayisyèn Nan Boston, Phil Computer, Sony Bay Cola, CJL Consulting e Haitian media in New England.

Kontak: Carey Dardompré  617-852-6436 - Eritaj Foundation 508-881-8131

boule  boule  boule

Assemblée des Artistes Haïtiens de Massachusetts

Boston honore la vedette haïtienne
Carole "MAROULE" DEMESMIN

ET SES 30 ANS DE CARRIERE MUSICALE

Carole Demesmin

Dimanche, 22 novembre 2006, 6:30 – 9:00 pm,
Braintree Sheraton Tara Hotel, 37 Forbes Road, Braintree, MA.

Hommage à une carrière, débutée à Boston en 1979

L'Assemblée des Artistes Haïtiens de Massachusetts présente:

"Un Hommage à Carole Mawoule Demesmin"

Participeront à cet événement: Emeline Michel, la chanteuse haïtienne de renommée internationale; le fils de Carole, B Flow (Philippe Arty), artiste bien connu en Belgique; le poète et conteur Jean Claude Martineau, auteur de nombreuses chansons interprétées par Carole; Charlot Lucien de Boston; la talentueuse chanteuse Mirlande R. Butler ; le percussionniste afro-américain Kera Washington, le groupe musical Mélange; et l'artiste William Descillien, dans une présentation inédite.  Seront aussi à ce rendez-vous, des personnalités de divers consulats (Boston, Chicago), de la législature du Massachusetts et d’organisations culturelles.  A cette occasion, toute une pléiade de gens de Chicago, de New York, de Montréal, de Miami, d’Atlanta, et de Connecticut, feront aussi le déplacement en vue de d’honorer Carole.

En 1970, Carole Demesmin quitta son pays natal, Haiti, pour s'établir aux Etats-Unis.  Et là, au début des années 70, elle se joignit au groupe "Haïti Culturelle" dont elle devint la chanteuse principale.  Elle travailla étroitement avec le pianiste et ethnomusicologue, Gerdes Fleurant, qui l'encouragea à s'inscrire à Berklee College of Music en vue d’acquérir une formation vocale.  Elle collaborait ensuite avec le dramaturge, compositeur, et parolier JC Martineau. Une collaboration qui conduisit à la production de son premier album "Carole Maroule" en 1979.  Elle produisit ensuite "Men Rara", "Lawouze", "Bel Congo", etc.
Le succès de ces albums dans lesquels elle a incorporé plusieurs éléments de la musique folklorique haïtienne, a rendu Carole très populaire en Haïti, vers la fin des années 70, et l'a élevé au rang de célèbres chanteuses haïtiennes, telles que : Lumane Casimir, Toto Bissainthe, et Martha Jean Claude.  Dans un commentaire à propos de la musique racine haïtienne, l'ethnomusicologue Gage Averill (A Day for Hunter, a Day for the Prey, 1997) déclare que la musique racine apparut en Haïti à la fin des années 70 comme une forme de musique de protestation.  Cette musique est inspirée des rythmes vaudou retrouvés dans l'arrière-pays, utilise la technologie et des instruments modernes pour atteindre un large public international, qui s'étend de la France au Japon.  Malgré son caractère commercial, elle conserve son authenticité: l'esprit de révolte, les traditions, le folklore, et la culture haïtienne.

Le succès de Carole a révolutionné le statut et l'image des chanteuses dans l'espace musical haïtien et aplani le chemin pour les chanteuses haitiennes qui allaient venir après elle, telles qu'Emeline Michel, Tifane, etc.  A ce propos, Maguy Metellus de Montréal a écrit ce qui suit: "Durant ces dernières 30 ans, Carole Demesmin a enrichi l'imagination haïtienne et sa soif de liberté et de justice.  A l'instar d'une authentique artiste haïtienne, elle a élevé la torche de la culture haïtienne à un niveau sans précédent."

Plus tard, Carole se servit de son influence pour créer le group UNITED HAITIAN ARTISTS, basé à New York.  Ce groupe s'engage dans la promotion du travail des artistes haïtiens de toutes les disciplines, dans la conservation du patrimoine culturel haïtien: (l'histoire des Indiens, le drapeau, le vaudou), et dans la protection environnementale du paysage d'Haïti qui se trouve dans un état de délabrement.  Tout récemment, elle s'est lancée dans une carrière d'actrice de cinéma, en jouant le rôle principal aux côtés des acteurs Jimmy Jean-Louis et Rudolph Moise, dans le film "Life outside of pearl" du cinéaste Jhonny Desarme.

Carole a donné des concerts dans plusieurs villes d’Haïti et à l’étranger, comme en France, au Canada, en Belgique, et aux Etats-Unis.  En tant qu’Ambassadrice de la culture haïtienne, elle a reçu des prix de plusieurs organisations culturelles et institutions: (Télévision Nationale d'Haïti, Association des Femmes Haïtiennes de Boston, Haitian Congress to Fortify Haiti, etc.)  L'ensemble de ses œuvres a été récemment couronné en Haïti, Miami, New York.  Cet hommage, qui lui sera rendu à Boston, sera aussi l'occasion de commémorer le 30ème anniversaire de la sortie de son premier album "Mawoule", réalisé ici à Boston, où elle entamait les premières étapes de sa brillante carrière.

Créée à Boston en 1995, l'Assemblée des Artistes Haïtiens de Massachusetts, est une association à but non lucratif.  Sa mission est de présenter et promouvoir le travail de peintres, artistes en tout genre, et écrivains haïtiens résidant dans la Nouvelle Angleterre.

Pour de plus amples informations, veuillez contacter:

  • Charlot Lucien:  617-669-0038

Fondation Eritaj: 508-881-8131

  • Carey Dardompre: 617-852-6436

Ou par courrier électronique: Charlotlucien@yahoo.com ou  eritajfoundation@msn.com

Cet événement est rendu possible grâce au support financier et logistique des organisations suivantes: Consulat d'Haïti de Boston, Artisans' World Gallery, Eritaj Fondation, Tanbou Magazine, Consulat d'Haïti de Chicago, L'Association des Femmes Haïtiennes de Boston, Phil Computer, Sony Bay Cola, Future Minds, CJL Consulting, et les médias haïtiens de la Nouvelle Angleterre.

Carole Demesmin

 Viré monté