Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Biwo santral Sosyete Koukouy

Deklarasyon

Pou sitiyasyon difisil frè ak sè nou yo ap travèse nan peyi Sen Domenng; Noumenm, Manm òganizasyon Sosyete Koukouy, k’ap defann lang ak kilti peyi Ayiti nan filozofi neyo-endijenis lan, nou pwoteste ak tout fòs kouray nou,  pou jan otorite dominiken yo ap bourade do sitwayen Ayisyen yo ak sitwayen dominiken ki gen san Ayisyen; pimpe yo Ayiti. 

Depi ane 2013,  Tribinal  Dominiken-an pase yon vye lwa rasis ki retire nasyonalite Dominiken  tout Ayisyen  ki fèt Sen domenng depi ane 1929 rive jounen jodi-a, paske, yo se swadizan pitit Ayisyen ilegal. Tout òganizasyon Dwa Moùn, kit se rejyonal osnon entènasyonal, leve vwa yo byen wo pou denonse aksyon rasis sa-a, ki sanble kou de gout dlo ak epòk Aparteid  an Afrik Disid la.

Ayisyen Dominiken yo se moùn tankou tout moùn. Otorite dominiken yo klase yo kòm yon ras moùn san patri, san fanmi. Fanm kou gason, Timoùn kou granmoùn viktim. Yo bat yo. Yo pann yo. Yo koupe ponyèt yo. Yo mistifye yo.  Yo badijonnen figi yo ak eskreman. Yo vyole yo. Yo piye tout byen yo. Aksyon retire sitwayènte ak idantite 250.000 Ayisyen ki fèt Dominikani yo pirèd pase masak Leonidas Trujillo te fè sou Ayisyen nan ane 1937, kote Gouvennman Dominiken-an  te asasinen plis pase 20,000 Ayisyen.

Nou mande gouvennman ayisyen-an, pandan l’ap resevwa moun sa-a yo nan diyite, pou li pran responsablite-l, pou koresponn tenk-an-tenk ak otorite dominiken yo. Aksyon Dominiken yo se yon deklarasyon degè sikolojik pou eliminen nèg nwa sou teritwa yo.

Nou renmèsye tout òganizasyon entènasyonal ak gouvennman etranje tankou Kanada, Pòtoriko, peyi CARICOM yo ki kanpe an solidarite ak pèp ayisyen-an. Sosyete Koukouy ajoute vwa pa li pou mande otorite Dominiken yo pou rantre  lwa rasis yo a epi, sispann depòtasyon swadizan Ayisyen ilegal ansanm ak Dominiken ki gen san Ayisyen yo.

Bat chen-an. Tann mèt li!

Biwo Santral   -  Sosyete Koukouy
11.07.2015

boule

 Viré monté