Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kreyòl se wosiyòl
Nan tout chanson bèl son

Marc-kensen Curvinglines

Kreyòl ta swadizan Lang Sovaj
Lejann blan bay gran-grann nan lesklavaj
Levanjil monpè bèj preche sou ban lekòl kongreganis
Nan liv gwo pwopagann kòm kateshis
Yon konplèks
San reflèks
Ki fòse mèt zabèlbok ransè
Chante zonbi bann mannan an fransè

******

Yon edikasyon
Malediksyon
K’ap pouse pwofèse ponyon
Mete Ti-Jan ajenou ba li panzou chak jou bondye modi pou leson
Pou koze listwa
Zafe devwa
Paske’l pa fouti panse
Ni kritike nan lang franse

******

Tandiske Ti-Jan entèlijan
Malgre'l bon jan etidyan
L’ap pran zewo
Pou Elokisyon menm Pou kalkil nimewo
Ki lakòz ?
Li pa fouti move dòz bòz
Paske Ti lezanj lan pa Janmè santi-rale siman sou ray
Alò, pwoblèm lekòl li se absans lang zantray nan lenstriksyon lakay

******

Se menm penpenp nan ekzamen bakaloreya
San pakè Syèk-Limyè anba poto limyè etidyan bak pran nan mera
Paske disètasyon literati san bwè dlo lave pye Vòltè
Menm nan jefo orijinèl sèvèl tèt se lave men siye atè
Tout dekouvèt se rakèt
Depi savan an swadizan gen dyòl sirèt
San talan vire lang nan bouch pwenti
Bon jeni ap jemi nan klas linivèsiti

******

Mansonj elegan tounen relijyon
Sitou nan sèvèl ti-neg pedan ki an rebelyon
Ti-neg tout koulè
Dyòle alèlè
Zonbi entèlektyèl ki swadizan pa janm goute sèl
K’ap vann tèt li pou benefis Mouche Entèl
Pou benediksyon sen Blan Je-vèt
Ke'l toujou konsidere Konm mèt

******

Yon parizyen rabi
k'ap fè sèvèl tèt li abi
Nan rayisman
Ki blayi nan kè'l pou lang manman
Mezanmi woy ! Aladwòl !
Yon endividi Ki pa ka vreman panse san kreyòl
Trouve gen wont aprann lekriti lang peyi’l
Twò Kontan anbake sèvèl-mwèl li an ekzil

******

Prese devan bann
Twò fyè pou louvri gagann
Griyen dan, tankou joujou , pou deklare avivwa l'pa ni ekri ni li kreyol
Aladwòl !
Sajès nan Lang lakay
Zabèlbòk pa pran , l'pa bay
Ou pale franse mawon
Li mete'w nan won

******

Di tout verite san manti
Bèlbòk, pap pete ba'w Santi
Depi se an Kreyòl
Pou li tout se koze kremòl
Men Atò
La’p di'w fò
Si douvan met zabelbòk
Ou rabasha lawous jako repèt powèt-dèsyèk konpliman ak lwanj li ka ba'w dyòk

******

Paske depi’l an franse
Pa gen rasazye, pa janm gen ase
Radòtè di lenpòt radòt
Depi'l di je-kwa, li fout Aristòt
Meyè pou Lafrans
Pou ekip sa nan jwèt la, li pedi tout bon sans
L'ap pran ponya pou parye kont Lègrenadye
Men pou Lèble L'ap mete ajenou priye Bon-Dye

******

Pou Amizman Kolon, l’ap Galope rive jis nan ziltik
Vole Ponpe sou tout chouk-bwa-pik
Men frè mwen, li lè , li tan pou nou pran konsyans
An nou adopte yon lot kwayans
Pou koumanse : an nou sispann touye Lewa Moriso
Pou resisite mo Jan-Jak Wouso
Gade Sito Kave
Gwo nèg save

******

Sito, pa't janmè retire trip Kay
Pou'l mete pay
Frank Etyèn : Nan gwo seremoni liberasyon lang lan, jwe wol Ati
Fè maji san simagri, pou ban’n Teyat, Filozofi, Penti
Samba lang kreyòl
Lanati chwazi san jalouzi pou konpoze chante pwezi pou wosiyòl
Ayibo !
Papa Loko !

******

Dèyè bannnan li, lang nou gen bwa
Lang nou gen lwa
Pou fè'l danse
Nan tèt tout Ayisyen ki bouke ranse
Kelkeswa betiz malpalan di, lang lakay fèk kare vanse douvan
Li se referans tout yon kilti , an nou pouse'l vè lavan
Li se poto mitan, li se fondasyon
Pou asire laveni tout yon nasyon

******

Zabèlbòk ouvè je'w pou ka wè klè
Konye la, tout moun kwè, yo tande tonè, yo wè zèklè
Paske pou tout sa’k konn G nan fey malanga
Pou tout sa’k pa sou gaga
Kreyòl pa fouti restavèk
San li mele pou vigè : Kreyòl se Bantou, se Fransèz , se Grèk
Kreyòl se Endyèn, se Ewopeyèn , se Afrikèn
Anakawona, Atena, Amina, bèl fanm sa se lenkanasyon tout rèn

******

Li pap soustrè , Kreyòl pap fè retrè,
Pou diskite koze abstrè Kreyòl se envite donè gwo salon literè
Dayè nan dènye nouvèl
Ki tonbe kay Mesye Entèl
Kreyòl ranpote laviktwa
Nan tou gwo tès labowatwa
Sen Toma, si'w kwè'm manti ?
Fè yon tikout pye masachosèt nan MIT

******

Mande pou doktè Pòl Beloni
Y’ap swete’w labyenveni
Nan kolabarasyon ak yon pakèt lòt save savan
Frè nou angaje nan yon kokenn shenn travay enpòtan
Kom apòt Pòl
L'ap pote levanjil Lang kreyòl
Pou Konesans
Lasyans

******

Bon dòz nan lang ki pa lamayòt pou fè moun pè Fizik Teyorik
Ni Pratik
Si aprè tout bèl koub chema, fòmil, konsèp Kreyòl sou tablo
Si Sen Toma'w toujou gen dout kay Zòt Kreyòl se Biblo
Pase nan Fakilte Etid Lang ak Filozofi pou wè doktè Michèl Degraf
Michèl-Anj Akanj , zanj-pwotektè sentaks, leksik, òtograf
K'ap bwase lide abstrè kou konkrè pou defann Kreyòl sou latè
Kont movekou Lougawou, kont movezè Malfetè

******

Demen si Bon-Dye sonje kontan bliye fashe an'n achete yon Gramè
Ekri-Kreyòl-Komsadwa-Pou-Klas-Primè
Pou'n retire pwa lou kwa vye fòt nan lekriti pwezi
Pou'n fè kritik ipokrit , ki la sèlman pou kraze , sezi
Ekri bèl vè ki gen gou
Pou tout moun toupatou, pou lanmou, ki grangou
Pou dechenen
Tout fre ak se ki jennen

******

Kreyòl bèl tankou simbi dlo, kore’l
Bat tanbou, soufle lanbi pou libere’l
An nou koupe tèt vye konpleks ki vle pran woulib sou prestij
Andan manman Kreyòl, kite lide, syans, sajes nou pran refij
Nan fyète
San kontraryete
Paske Kreyòl se vrè Kilti
Langaj nanm peyi Dayiti

******

1/10/2017
(òktèt, chak blòk gen 8 lin ki konpoze vè yo)
Like · Reply · 49 mins

*

 Viré monté