Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kèk pwovèb kreyòl

Guy Cayemite

Chat konnen rat konnen barik mayi a rete la...
Marinad pa boulèt se de lwen yo sanble ..
Mezire avanw koupe ...
"Lèw wè zwazo anlè ou pa konn ki mizè lap pase anba van"...
Jou malè wonga pa sèvi...
Depi vant chat plen kè rat anmè...
Nan chimen jenen yo kenbe chwal malen...
Se pa lè kabrit finn pase pou rele fèmen baryè...
Twò prese pa fè jou louvri...
Lè ti koulèv bezwen grandi se nan twou li rete...
Baton ki bat chen nwa se li ki bat chen blan.
Dlo map bat pou fè bè...
Kabrit ki gen twop mèt mouri nan solèy!!!
Bon chen pa jam jwen Bon Zo...
Douko pa vle Di Milat...
Mazora pa fè alsiyis...
Mennen koulèv la lekol se youn, fè'l chita se yon lòt...
Tout chif se chif dè fwa 69 pa youn..
Avanw te pikliz sonjew te chou nan mache kwabosal...
Laponyèt pa volè sispann bat li...
Bèl fanm, bèl malè...
Si pat gen gròs tout fanm tap vyèj...
Machann piman pa grate bòbòt...
Lanmou pa sirèt c pa tout lè li dous...
Lavi koute chè men li pa vann mache...
Kk zye pa linèt plim zye li fè rèd...
Sak nan kè yanm, kouto ki konnenl..
RETAY BON TWAL PA JETE...
Limen lanp pou avèg se gaspiye gaz...
Sonje lapli ki leve mayi'w...
Se pa tout pete w ka kenbe...
Ou chita sou do chwal la wap palel mal, ou mechan.....
Kout manchèt lan dlo pa kite mak...
Sak vid pa kanpe...
Jan cheche, jan trouve, jan anbarase...
Avan chen mange zo li mezire machwa'l..
Bourik ap toujou rete bourik...
Bel Dan pa vle di zanmi Pou sa...
Pale franse pa di lespri pou sa...
Fidèl anba soulye l chire pa janm mete ajenou legliz...
Se lè domino fèmen wa konn enpòtans doub blan....
SE GWÒS KIFÈW DEKOUVRI TIFI FIDÈL..
Mache chèche pa janm domi san soupe!!!
RANN SÈVIS BAY CHAGREN...
Si fè pat koupe fè machokèt pa ta viv...
Kk kabrit pa rezen...
Jou va jou vyen...
Bay kou bliye, pote mak sonje. ..
Santi bon koute chè....
DYAB BAW PWEN LI PA VOYEW TRAVÈSE KALFOU...
Tèt ki abitye met chapo ap toujou met chapo...
Bat Chen tann met Li!!!...
Machan chabon pa mete kilòt blan...
Lè marengwen ap vole, ou pa ka konn sa ki mal ak sa ki femèl...
Timoun visye ou bali gombo nan pla men li...
Rat kay k'ap manje pay kay....
Chemen bouton se chemen maleng...
Mwens chen, mwens pis...
Bon soutyen pa respekte gro tete...
Joumou pa donnen kalbas !
" Ki mele pis ak grangou chen..."
Lè chat pa la rat pran kay...
Dan pouri gen fòs sou bannann mi...
Ou bèl pase lakansyèl...
Siw pa tap fixe le syèl ou pa wè le temps kouvè..
Tou manti pa fon se ak dwèt li fouye l...
Ak pasyans w a wè trip foumi...
Ou tande bèf, alé we kòn...
Kouto pa grate manch li...
Nen pran kou, Je koule dlo...
Chen di gade pa twòp...
Se lan jwèt yo batize jwif...
Ti rat pa jan'm fèt san ké...
" Twòp grate kreve kwi..."
Sa m wè pou wou Antwan nan Gomie pa wè l...
"Nan tan grangou, patat pa gen po.."
Gwo dada pa la sante...
Si zandolit te bon viann se pa sou gòl barye li tap ye...
Barik vid toujou fè plis bri...
Pi bonè se granm maten...
De towo pa galonnen lan menm savann..
Ti kouto'w jwenn bo chemen se bo chemen'w pedil....
Madigra m pa pè w se moun ou ye...
Se pitit m piti, m pa pitimi....
Moun pa se dra....
Lè ti poul cho se malfini ki dèyè l...
Renmen tout ambisyon fè ou pèdi tout!!!!
Tout bèt jennen mode!!!
Bourik chage pa kampe!!!!
Sèl pa janm vante tèt li di li sale!!
" Manje kwit pa gen met..."
SE LÈ VAN SOUFLE OU WÈ DÈYÈ POUL...
Kapon kanpe sou balkon wè yap mennen brav nan simityè...
" Pitit chat pa jape..."
Règleman kont pa gate zanmi...
De mèg pa fri...
Wa konn jòj...
Lèw prezidan wa konprann...
Ès ke sa deranj...
Lanmou pa konn bouda pyese..
" Ti bwa w pa we a , se li k kreve je w ..."
Pitit tig se tig...
M kanpe pi rèd kon ke makak...
Mwen konn tout gouyad pwason anba lanmè, pa vinn ranse la...
Apre priyè tanbou lou...
Atansyon pa kapon !
" Poul ki bat kò l kraze ze l...
Bouch granmoun santi, sa’k ladan l se rezon...
Pa tann se lè twal la chire pouw konn valè retay la...
Mezi lajan w, mezi wanga w...
Pa jete vie chodiè pou chodiè nèf...
Simitiè pa janm manke moun...
Yon grenn je pa je...
Foumi pa mouri anba barik sik...
Nan benyen pa gen kache lombrik...
Lè'w pa jwenn manman, ou tete grann...
Sak pou wou lavalas pa pote l ale...
Bondye bay chen maleng dèyè tèt poul paka niche l.
Chak bourik ranni lan patiraj yo.
Ki byen koukou te fè pou frize, ki fèl fè pitit li li relel Frizelia...
"Evite miyò pase mande padon"
Chen gen 4 pye men li pa ka fè 4 chemen pou sa!!!!!
Tambou prete pa janm fè bon dans!!!!!
Bonjou tout fan PK yo...
"De je kontre manti kaba"
"A la bèl kouri tap bèl si pat gen bouke" "Chat pran nan dlo cho, lè'l wè dlo frèt li vole 7 fwa pi wo"
"Chodyè prete pa bouyi pwa chèch"
Mèt kont chape, temwaye peye !!!
"chyen k konnenw se li k souke ke ba ou."
Kote yap plimen poul kodenn pa ri..
Makak pa janm vye poul voye ròch.
"ti moun fwonte fè bab nan simityè"
Si bèf te konn bèf te konn valè li, li pa tap kite ti kòd mennenl!!
Plimen poul la, pa kite'l, rele!!
!!Ti monnen pa ja !!
!! Dim ma diw, Pase pranm ma pase chèchew !!
"Gason visye mouri vant anfle"
"Fanm se Kajou"
"Pa janm koupe dwèt moun k'ap ba ou manje"
""Bèl fanm se jaden bò chimen""
""Ala traka pou lave kay tè""
Di dyab bonjou lap manjew, pa dil bonjou lap manjew.
Timoun jodi, granmoun demen
"Sousi te la avan bab, bab blanchi avanl"
"Kanson blan ki tap fè wèl labou lagodrel
"Jou devèn ou domi atè ou pran so kabann"
Fanm se kajou, pa mal pou repare...
Gason visye mouri mò restavek...
Fanm se kajou, Gason se ebenis...
Se kè sansib krab ki fè li san tèt!
Lafimen pa janm soti san dife.
Zanmi ki edew mare chwal nan bon tan
lè movetan li pa la pou edew demare l.
Saw pran se paw...
Achte saw ka kwit...
Si m te konnen toujou deyè...
Kote gen chenn pa gen kou...
"Limena se savon lesiv, lap fini kanmenm..."
"Se rèk ki mi wòwòt se pouri sa pouri"
"Depiw dwe vwazinaj ou pa fri grès"
Towo ki chatre pa ka plenn gazèl...
Se grós ki avili bouboun...
Madanm marye ak fanm deyo pa marasa, yo jis ouvè ak menm kle..
Bòkò bay pwen men I pa di dòmi nan kafou..
Yo renmen pwen an yo pa renmen ougan an...
Chen ki pa gen zo pa gen zanmi..
Gwo tete se defo toutan desanm pa rive..
LAGÈ AVÈTI PA TOUYE KOKOBE....
Rayi bourik, dil gen yon bon bann...
Lavi se gren chen se pa dèyè li gad...
Bouch manje tout manje l pa pale tout pawòl !...
Mapou tonbe kabrit manje fèy li...
Pise krapo gwosi larivyè...
Bèf dèyè bwè pi bon dlo...
Ret trankil se remèd kò...
Bri kouri nouvèl gaye...
Ou pa janm wè tèt chat nan panyen sourit...
Jou fèy la tonbe nan dlo, se pa jou sa li koule...
La mizè fè bourik kouri pase chwal...
Se malonèt ki mennen repròch...
Ti Kochon di manman koman djòl ou fè long konsa, manman reponn ebyen epa vini wap vini.
Krapo panse se gonfle lestomak ki chavire machin se sa k fè li mouri mò kraze
Lè poul va pouse dan...
Tout grenn diri ka p prese al kwit, se pou fè graten boule...
Lè ti koulèv bezyen grandi li ret anba pay...
"TI MOUN SE MÒ, YO PA KONNEN PRI DRA!...
Tou nouvo tou bo...
Tou nouvo tou dous, kòmanse rasi bay de goutans...
Blofè se lajan monnen, lè l' tonbe atè l' fè gwo bri .
Sa je pa wè, kè pa tounen...
ZOKIKI PA JANM MOURI ANBA GRANMOUN ...
Kk poul pa pikan, lèw pile l ou mache bwete...
Jou malè wanga pa sèviw...
Si bannann te bay pouvwa nèg akayè tap wa!...
Pye bèf pou pye bèf map pranl kay pwatik...
Mache chache pa janm dòmi san soupe..
"Zèb ou pa vle leve nan jaden w, leve devan pòt kay ou."
Mache sou pingaw pou pa pile si w te konnen...
"Fanm malelve se pat tomat, yo bay koulè; yo pa bay gou"
Madanm marye fanm deyò pi dous
Fanm pye sal pa dwe mete chenn nan pye ..
Gad sa m fè, pa fè sam fè ...
Se dife pran lan Bèlè w konn konbien kokobe k te genyen.
Kanari pa sous...
Yon jou pou chas yon jou pou jibie..
Lan chemen jennen tout bèt mòde...
Lan pwen lapriyè k pa gen Amèn...
Chak chaple ge kwa pa yo...
Annafè pa domi di...
Vant plen pa vle di byen manje gendwa se gonflew gonfle...
Manman chen pa janm móde pitit li jouk nan zo...
Chen grangou pa jwe...
Anba ti vant se dèy ...
Degoute miyó ke pa pipi...
Yo pa janm retire trip pou yo met pay...
Menm nan lanfè gen moun pa...
Pousyè mache pibon ke pousyè chita...
Chen pajanm al dèyè zo kay tayè...
Kabrit Tomazo di se sak lan bouch ou ki pa w...
Pran devan pa di kont, se byen mache li konte...
Byen konte, mal kalkile...
Lè bab kanmarad ou pran dife se le pou met pa ou à la tranp....
Map bab ou wap pase men m wa blese wi..
Ti mari pap monte, ti mari pap desann...
Panno kay lan bwa d chèn se silabè yo ye...
Ma di w sa moun fou a te di bourik la lan zòrèy wi...
Se nan grennen mayi na kontrole boujon...
Lawouze fè banda toutan solèy pa leve.
Yon sèl machwè pa manje vian'n..
Machann chabon pa souse dwèt...
Machann piman pa grate chouchoun.
Se koupyew ye anba ke wap toujou rete...
Siw bezwen gen rezon devan kras se benyen...
Bèl zèb pap fè'm mare chwal mwen nan falèz...
Marinad pa boulèt"
"Kilòt pa almanak pa chanjel chak ane"
"Se gou sòs ki met lang deyò"
Si gason te kenèp ou ta goutel avan ou achte, domaj se zaboka yo ye se lèw fann li ou wèl pouri...
Pa gen pèn san sekou...
Bondie pouse mouch pou bèt ki pa gen ke...
Fizi kout tire lwen...
Fanm ki gen lajan pa karese gason...
Ayisyen rayi moun Mem Pou chofe dife...
Deyè mònn gen mòn
Tou Prè pa vlé di ou lakay...
Babye yanm babye tè...
Si w tande pete nan bouda bourik ou ta touye l ak chay.
Se lè dife pran nan ri fonfò pou w konn Konbyen kokobe ki te genyen...
Kaka tankou chen an pa anyen se tranble janm nan...
Le yon chwal renmen kòd, se bal kòd, jiskaske li pann tèt li.
Lavi se tankou grenn chen sa ye; Se padèyè selmanl gade.
Wap kouri pou lapli, epi se nan rivyè wal tombe.
Gwo non touye ti chen...
Pwa tann pa pwa chous...
Danmjann poko plen boutèy paka jwenn. ..
Se pa poutèt bèl fiyèl poum bo macomè djòl pian...
Souse tete se baryè ouvè janm...
Zandolit taye kanson l mezi ren .
Makak bwè mouton sou...
Tout koukou klere pou je yo...
Fòw konn la pouw al la...
Tout jwèt se jwèt, kwòchèt pa ladan l..
Se nan fè nwa, devan pale..
Mò mò rèd...
Zafè kabrit pa zafè mouton...
Konstitisyon se papye, bayonèt se fè...
Si'w besoin respe'w devan kras ou benyen Chak jou!
Toutouni toujou ap pale bouda chiré mal...
BWÈ TAFIA RESPEKTE BOUTEY LA...
KON WÈL MIDI BOURIK LA RANNI...
BWA OU PA BEZWEN OU PA MAKEL...
Labou nan pye pa bòt !
Siw pa konn demele trip ou paka achte tombe..
CHAK MOUN GEN YON GRENN ZANNO KAY OFÈV......
OU PA KON KOTE DLO PASE RANTRE NAN BWA JOUMOU...
Kale kòk pou Fizeme ...
Bourik travay pou chwal galope...
Pa janm bay kochon manje draje nan kabare kristal...
Bourik Sen Domeng ou mèt habillel konl midi fok li ranni.
Ou fòse bourik janbe dlo ou pa fòsel bwè dlo...
"Fomi pa jan m mouri anba sak sik "
Renmen moun ki renmen w"
*Si koupe pat gen alsiyis akouchman patap gen rèl..."
Tan ale tan pa tounen..
Map di...!!!
Gende Moun se mal yo mal tonbe...
Pa vinn fè wónt sèvi kólè...
Sa se twòkèt chay ladèyè ...
Pi wouye pi koupe...
Ou pap sis...
Leve pouw al janbe rigòl tontoNò...
Ayisyen se krab wap demare yo vle pou mòde w...
Gwo nèg se leta...
Nouyòk pa lan syèl...
Nesesite fèm bliye tout bèl bagay...
Chak chen niché bwa yo jan yo konnen..
Anbisyon gro pwason fe'w mouri mò neye!
"Sak te pase nan vèy la, pap pase nan antèman"
!! Dim ma diw, Pase pranm ma pase chèchew !!
"Pitow mize nan wout ou pote bon nouvèl"
Lèw gen dyare pa pran chans pete...
Mal sele kap foule ou...
TÈT KANNA PA MONTE TAB...
Sa ravèt pa ka manje li pito gatel.
Rat manje kann zandolit mouri inosan.
Bouda pilon pap janm koule menm lè lap pran kou.
"Yo pa voye wòch sou mango vèt."
Je wè, bouch pe!!!!
Koulèv ki sere se li ki grossi.
Siw anpechem manje map anpechew kk.
Ou rizèz pase machann lèt Odikap.
Ti kribich se anba ròch sa grandi.
Kabritt tomazo menm plim menm plimaj...
Joumou pa donnen kalbass.
Pa banm zanana pou pingwen./ pou sizan..
kote dlo soti pou rantre nan kokoye...
Se lè fiyèl mouri poukonn si w gen bon parenn.
Chalè manzè Rosa mete dife nan pyie piman.
Kritik pa tach !
Tabak an poud tann tounen rele'w !
Pa fè moun sa ou pa vle yo fè'w !
Fè byen se frèt !
Assassen toujou pè San !
Nan Ka Sa Pito m Pat Konnen !!!
Gwo bouda pa lasante..
Mou n ki di mem koulèv la Se li ki touye koulèv la.
Chat chode nan dlo cho li wè dlo frèt li fè men m rèv la.
Chay soti sou tèt tonbe sou zepòl.
Rèv chen ret nan ké l...
Merite pa mande...
Rat kay kap manje pay kay....
"Nanpwen anyen ki cho ki pa frèt”
“Ou konn sa w’ap kite; ou pa konn sa ou pral jwenn”
“Ouvriye vann zouti-l, men li pa bliye metye-l”
"Ayiti se tè glise"
"De bon pawòl miyò pase senkant bavadaj"
"Lajan se lespri moun ki pa genyen"
"Pa gen komès ki pa gen benefis"
“Ou konn sa w’ap kite; ou pa konn sa ou pral jwenn"
"Kay koule twonpe solèy men li pa ka twonpe lapli"
"Marengwen mòde ou sou nen, men ou pa kapab tape-l fò"
Rann sèvis bay chagren...
"Lè-w pa lakay ou, ou plwaye ke-w mete anba vant ou"
"Pito gen yon timoun fou olye gen yon timoun sòt"
"Pale franse pa di lespri pou sa"
"Lè-w rete ak moun ou pa leve nan kabann lè-w vle"
"Nèg sòt se evènman"
"Pa banm kaka poul pou ze"
"Kabrit gade je mèt kay avan l antre"
"Mò pa konn pri dra"
"Si-w pa blese nan lang, ou pa konn gou san"
"Se sa ka la ka wè'l"
Lan pa sere kras...

 

boule

 Viré monté