Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kè m ap senyen

Guy Cayemite

Kè m ap senyen
fòk mwen chante
se yon kouzen
yo kidnape.
Se yon zanmi
se yon fanmi
yon monkonpè....
Kè m pa an pè
mwen sou tansyon
mwen sou presyon
fòk mwen chante
fòk mwen danse...
.
Ayiti se...
Se sa nèt.
Nèt la voye l monte,
monte jis lan syèl.
Syèl la louvri byen gran,
gran atis la ap vini.
Vini ak kafe, ak tanbou
tanbou vodou
vodou lakay...
Lakay se yon gwo jou
jou travèse yon sanba
sanba ki chante
chante Ayiti se...

*

 Viré monté