Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kanson wouj

Guy Cayemite

Gen yon ti zwazo
ki sanble
ak yon drapo...
Li wouj e ble,
Kanson wouj, se non
yo bali lan kanton...
Li prèt
pou disparèt...
Anpil Aysien
pa menm konen
si li ekziste...
An nou monte
kilti nou wo
ak yon ti zwazo...
Ayiti pap peri,
pitit li la avek li...

Pou tout aysien...

Temnotrogon roseigaster

boule

 Viré monté