Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Reziztans kont vyolans
k ap fèt sou fanm ann Ayiti

Jeanie Bogart

 

 

 

 

 

 

 

 

Konfidans, woman, Fédia Stanislas • Éditions Henri Deschamps • 2019 •
Port-au-Prince • ISBN 978-99935-0-357-6 • 124 paj.

Konfidans, woman

Mwen pa konn ki bon kretyen ki fè liv sa a rive jwenn mwen, men se pi bèl liv an Kreyòl mwen li nan ane 2020 an. Konfidans se yon woman Fédia Stanislas ekri ki pote pri Deschamps 2019. Éditions Henri Deschamps tou pibliye l menm ane a. Li gen 124 paj ak dizuit chapit kout ladan l. Mwen fè dekabès lè liv sa vin nan men m : mwen tonbe sou yon chedèv e mwen tou dekouvri Fédia Stanislas.

Konfidans, se istwa Wozi, pèsonaj prensipal la, yon jèn fi ki ap chèche konprann sosyete a, ki ap keksyone wòl fanm ak tifi lan sosyete a. Li denonse abi y ap andire ak sakrifis yo oblije fè nan lavi yo. Men sa ki plis frape m nan liv sa a se rezistans Wozi fas a vyolans sosyete a fè sou fanm ak tifi. Li pa vin bese tèt devan lavi ni devan pèsonn. Wozi, se yon pitit sòyèt, afè l pa bon. Lavi a vin pi di pou li, pou manman l ak ti frè l Sonsonn lè papa li mouri. 1 an aprè, Ton Djo, frè papa a, deside pati Sendomeng avèk yo al chache lavi. Li mennen madanm li tou ak 2 pitit fi yo genyen. Rive Sendomeng, manman Wozi ak madanm tonton an, Lisi, fòse l fè afè ak Pablo, yon dominiken chaje ak lajan ki te gen je sou li. Lavi Wozi tounen yon lanfè akoz nèg la ap bat li pou tikrik tikrak. Li resi sove tounen Pòtoprens, men mizè pi rèd fèl antre lan pwostitisyon. Liv sa a sekwe m anpil. Mwen twouve se yon woman feminis li ye. Se poutèt sa mwen chwazi analize 3 chan leksikal enpòtan ladan l: vyolans, feminis, kilti.

Entimidasyon ak vyolans

Depi lan premye chapit liv la nou wè kijan atravè kilti nou gen yon travay entimidasyon ki fèt sou tifi ak jèn fi yo lan peyi d Ayiti. Gen yon seri règleman tabou ak prensip pèsonn pa ka manyen alevwa pou ta chanje yo. Yon seri abitid ak tolerans ki anrasinen nan egzistans nou, k ap gangrennen respè ak endepandans fanm. Yo fè pati leve-jwenn nou. Presyon leve-jwenn sa yo mete sou fi glise kò yo ata lan chante k ap kònen nan zorèy nou tout lasent jounen: “tifi ki pa konn lave, pase, chita kay manman w”(p. 9). Sa vle di si yon fi pa konn lave, pase, fè manje, netwaye kay, li pa p jwenn gason fè afè ak li. Kòmsi tifi a pa ka travay, lwe kay li, okipe tèt li. Kòmsi depi yon gason pran l, se yon favè li fè l. Kidonk, annechanj, se pou li fè tout kòve lan kay la. Kòmsi se sa ki desten tout tifi. Men, gason yo pa bezwen janm kenbe yon bale ni fè manje, lave, pase. Yo te mèt chaje pitit, chaje fanm adwat agoch, yo pa janm gen pou yo chita ka paran yo. Yo se kado ki sot lan syèl tonbe lan men medam yo. Adye wi dan!

Yon jou Wozi antre nan yon ba, l al bwè de byè. Se pa abitid li. Tèt li gentan ap vire. Lè l antre lakay li, manman l pran l ak kalòt «Li leve jip mwen desann kilòt. Kounye a ou nan gason? […] Li foure tout grap dwèt li anndan m. Li rale yon po konfi li vide nan devan m.» Madanm lan bat Wozi jis li mete san l deyò.

Wozi leve nan baton. Li pran baton nan men papa l, baton nan men maman l. Sendomeng, li pran baton pi rèd lan men Pablo, e li oblije sibi tout abi sa yo paske Pablo ap okipe tout fanmi l. Men, se pa tout fanm ki rete bra kwaze lè gason ap maltrete yo.  Gen yon fanm ki te rele Nègès, mari l te konn bat li anpil. Yon jou, li touye mari a. Moun nan zòn lan vekse, yo bat fi a jis yo touye l tou. Wozi te renmen al mete flè kote manzèl entere a. Poutèt sa, e paske manman l toujou ap maltrete l, yo ba l ti non Nègès. Li te renmen non Nègès la.

Sitiyasyon fanm – Feminis - Rezistans

Fanm sa a k ap rakonte istwa l la, se yon feminis. Daprè Larousse, feminis se yon mouvman militan ki la pou amelyore epi ogmante patisipasyon ak dwa fanm nan sosyete a. Men, feminis lan tou, se yon moun ki denonse inegalite ki gen ant fanm ak gason, k ap goumen pou toulede vin egal ego. Se sa nou wè lan woman an kote Wozi fè yon demach retorik pou l kesyone sistèm lan sou lavi fanm. Li kesyone e li kritike vyolans, soumisyon, rapò fanm ak fanm epi rapò fanm ak sosyete a. Se sa k fè mo konprann lan parèt plis pase ven fwa lan tèks la. Malgre li leve lan pran kou, malgre li kontinye ap pran kou, li pa janm aksepte vyolans tankou yon bagay ki nòmal. Li fè yon remiz an kesyon sistèm inegalite sosyete a etabli pou kenbe fanm ak tifi ann otaj. Dayè, si l ka rive poze kesyon sa yo se deja yon fòm rezistans. Karaktè rebèl sa a fè li admire yon fanm ki rele Alin. Alin se yon fanm debouya ki gen senk pitit k ap etidye Ayiti kou aletranje. Yon fanm ki pa ret ak gason, ki pa pèmèt gason maspinen l ; yon fanm ki koupe fache ak legliz paske legliz se yon enstitisyon ki sipòte sistèm alyenasyon fanm lan. Kidonk yon fanm ki konn sa l vle, ki pa bese tèt devan otorite gason se pa fanm ki mache legliz. Kòmkidire legliz yo fè fanm tounen zonbi.
Se desizyon pou l pa sèvi restavèk gason, ki vin fè Wozi chwazi renmen ak yon fanm parèy li, yon fransèz ki t ap pral pati avè l. Malerezman pou li, fi sa a mouri nan yon aksidan machin san li pa gentan fè Wozi pati.

Poudayè sosyete a konsidere fanm ki gen fòs karaktè pou l fè sa l vle, kòm yon menas: yon moun ki vin retire otorite lan men gason, ki vin chamje lòd bagay yo. Fanm yo patisipe nan fè abi a tou. Non sèlman yo asepte abi, yo ankouraje gason abize madanm yo. Dèfwa yo fòse pitit fi yo antre nan de seri relasyon k ap pete fyèl yo epi si ptit la reyaji, se li yo blame. Anreyalite, medam yo se yon ekip viktim ki repwodui menm sa yo fin andire yo. Yo sèvi garan repwodiksyon sistèm sa a. Se yon moun konsa manman Wozi ye.

Yon gason rale baton l li bat madanm li, premye moun ki pou aplodi, ki pou di mouche a byen bat li se yon fanm parèy li. (p. 108)

Pèsonaj Wozi a se yon fanm modèn, ki asime tèt li, ki pa pè reyaksyon ak refleksyon moun. Li pa kache eksperyans li fè lè lamizè pouse li antre nan pwostitisyon.

Sou kesyon rapò fanm ak fanm, Wozi montre kouman fanm konn sipòte fanm parèy yo tou. Mennaj li Anjelina te konprann li. Prizonye fanm yo ede l lan prizon an apre li te touye Pablo. Yon ekip medam, nan yon jès solidarite pandan jijman l lan, vin kanpe nan lakou tribinal la.

Relijyon, kilti ak tradisyon

Depi lan premye chapit la pèsonaj prensipal la fè n wè kouman depi nan legliz, ak kout vèsè Labib, yo fè fanm yo konnen se restavèk gason yo ye. Se rezon sa ki fè pè, pastè, minis, prezidan ak majistra bat madanm yo jan yo vle. Bat fanm tounen yon bagay nomal.

Depi yon fanm ta chwazi dezobeyi oubyen leve vwa l pi wo pase mari l, baton met pye. Yo di fanm sa wondonmon, se yon revolisyonè, yon feminis. (pp. 10-11)

Pandan papa Wozi ap mache bat kòk, vann lotri, manman l li menm, ap rele beniswa letènèl ! Tout vi madanm lan se fè volonte pastè, mache legliz. Yon legliz paspouki paske si yon moun pa mache nan legliz la, si l pa pataje relijyon yo, yo pap menm chante antèman l. Yon manman (yon sè legliz) maspinen pitit li, epi li kraze yon asyèt fayans lan tèt li onon de Jezi. Menm sè legliz sa a, fòse pitit la pran yon gason paske misye okipe kay yo, ba yo manje, peye lekòl.

Menmjan chante nou te mansyone pi wo a antre nan kilti nou, se menmjan ofri yon moun yon tas kafe lè l vin rann nou vizit, fè pati tradisyon nou. Mouvman antre nan kilti nou. Gen anpil mouvman k ap fèt nan liv la: mouvman kò yo; mouvman baton moun ap voye; mouvman vwayaj, deplasman; mouvman fèy bwa yo k ap fè laplanch nan men van an; mouvman moun k ap danse anba kou, elatriye. Lè Wozi pral monte moto pou l al lakay li, apre l fin bwè de kou tafya, li balanse. Lè y ap pote sèkèy papa l la, sèkèy la balanse. Lakay nou, lè yon moun mouri, li nòmal pou moun kriye, pran kriz osnon fè rèl, lage kò yo atè tankou moun yo lage kò yo atè nan antèman papa Wozi. Lè yon moun aprann yon move nouvèl, li konn fè rèl, lage kò l atè tou. Manman Wozi bat li jis li lage kò l atè. Lan peyi n, doulè, lapenn tounen koregrafi. Lè konsa moun yo danse tout dans. Nou pa konn si se gede osnon ibo. Yo lage kò yo atè, yo woule. Se konsa vyolans lan vin sou fòm yon dans ki fè Wozi fè tout kalite piwèt, balanse adwat agoch, woule atè, tonbe. Se pa san rezon tout metafò sa yo sou « tonbe, lage kò atè ». Non sèlman li antre lan kilti yo, men tou, pwa tradisyon yo ak fado konvansyon yo lou anpil. Moun yo pliye, yo tonbe. Se konsa yo eksprime doulè yo.

Gen moman akalmi kote pèsonaj prensipal la admire lanati, pwezire sou lanati. Gen lòt fwa li kritike tout bon abitid, bon koutim nou fin pèdi nan peyi a:

Ou sonje bagay yo te konn rele kòve a? Moun pat konn peye pou eskwad sakle ni fè jaden pou yo. Tout moun nan katye a te mete ansanm. Jodi a yo travay jaden pa w, apre demen ou vin remèt jounen an. […] Timoun menm pa nan tire kont ankò, ni teke mab, woule sèk, bouyi toupi. (p. 33)

Dinamik kiltirèl ant gwoup sosyal yo pèdi fòs lè lòt koutim ki sot deyò pran plis plas lan sen yo e sa rive lè konfyans osnon antant lan gwoup la febli. Men, kilti a pa rete sèlman lan nivo fè kòve, woule sèk, tire kont, li prezante l tou sou fòm yon seri koutim grandèt yo kenbe, ki pèmèt yo fè on vyolans (pafwa senbolik) sou yon gwoup minoritè y ap domine. Klas minoritè sa a souvan konplis nan mezavanti li paske li pa konprann li sou dominasyon gwoup majoritè a. Li aksepte tout sa gwoup sa a ba l kòm koutim : yon koutim altere lè li gen rapò fòs ladan l, lè li gen rapò dominasyon ladan l.

Metafò ak pwezi

Lòt bote woman an, se kantite metafò ak pwezi ki simaye ladan l.

«Lapli pase li dezabiye Pòtoprens. Li mete l toutouni.» (p. 39) Otè a kreye yon metafò kote lapli a reprezante gwo evenman ki pase nan lavi Wozi, ki lage l de bra balan. Menm jan manmzèl mete l toutouni lè li ouvri kè l ban nou, rakonte n istwa vi li.
« Sou Granri a, je m ban m kantite jenn tigason ak tifi ki gwòs. Yo pa gen jou ni dat pou yo akouche paske se pou lamizè yo gwòs. » (p. 39) La a, otè a antre nan reyalite kotidyen an, ak yon enonse pou l fè yon kout bèk sou sitiyasyon politik la. Si yo gwòs pou lamizè, yo pa gen dat ni jou pou y akouche, sa vle di pa gen garanti ni kilè ni si lamizè ap janm fini.

Nan pwochen sitasyon an, otè a fè yon bèl travay sou plan langaj ak imajinè anndan tèks la:

«Ti gason an pa okipe pèsonn li kontinye ap ponmennen rèv li. Achte rèv paske si m pa vann mwen pap manje. Ti frè m pap manje. Ti sè m pa pral lekòl. Rèv tonbe nan likidasyon sa pa enterese pèson. Rèv rete nan laye nan men mèt li sou konn doub blan ki mouri nan jwèt domino. Rèv yo chòv.» (p. 39) Sa se youn lan pwoz ki nan tèks la. Yon kout penso imajinè a ki rale lektè a nan yon operasyon abstrè lespri a. Li gen de fas: yon kote li montre vyolans doulè ap fè sou ti gason an, e se anpil aliterasyon an k, p, t ki ladan l yo ki fè nou wè sa; yon lòt kote ide rèv la pote yon dousè nan soufrans li. La a se pakèt son m, n yo ki ede nou detèmine sa.

Li klè jennfi ki ekri woman sa a, se yon moun ki gen yon bèl metriz plim li e ki chwazi itilize talan sa a pou l fè lalimyè sou yon ekip pwoblèm sosyal fanm ap konfwonte. Fédia Stanislas itilize yon apwòch feminis pou l ouvri zèl li, fè tout fanm konprann lonn ki lonnen libète yo se nan men yo li ye. Tout liv la se yon demach konpreyansyon Wozi fè atravè kesyonman li. Li itilize lapawoli pou l libere l de yon bann prejije sosyal, pou l di tout lòt fanm yo gen dwa pou yo viv byen, yo gen dwa pran pozisyon kont vyolans. Menmsi yo kondane li a vi poutèt li touye Pablo, li rive jwenn yon lòt fòm libète paske li libere konsyans li, li wete baboukèt sistèm lan met nan bouch fanm.

Yon bagay ki pa fè sans ditou, se gwo atik an franse Ayisyen ekri sou Konfidans. Gen yon mesaj klè otè a vle fè pase lè li fè chwa ekri nan lang tout ayisyen pale. Moun yo li liv la, yo konprann li byenpwòp. Poutan, yo manche bwa franse yo byen long pou yo ekri atik sou li. Kòmsi yo pa konn pale kreyòl. Kòmsi yo pa konn ekri kreyòl.

Mwen konprann sosyete a enfliyanse fason moun entèprete liv yo li, anpi chak moun gen istwa pèsonèl li ki fòmate entèpretasyon lekti li fè. Kilti konn fè moun deside sò yon liv san yo pa li l, menmjan pouvwa yon gwoup moun genyen konn fè yo kondane yon liv tou : pouvwa laprès, pouvwa editè, pouvwa legliz ki ka di se pawòl satan ki nan liv la, elatriye. Se pou sa gen yon ekip mesye ki toujou ap fè bèl analiz tout liv ki soti, silans yo fè sou Konfidans lan pa etone m. Se yon liv ki privilejye libète, e kote ki gen libète, sosyete patriyakal matchis la pap bay jarèt ni yo pap aplodi. Menmjan pèsonaj prensipal la di li : sa pa t ap etone m nonplis si m ta wè gen fanm ki choute pi fò sou liv sa a.

Jeanie Bogart
Sherbrooke, Québec, 2 me 2021

Konfidans, woman

*

 Viré monté