Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

BYENFÈ LAY / Benefit of Garlic

Lay, vinèg de sid ak siwo myèl: Kombinezon majik ki trete prèske tout maladi ki egziste yo

Garlic, cider vinegar and honey: Magic combination which treats the quasi-totality of existing illness

(© Jean H. BELLEFLEUR)
kontak: jhbellefleur7@gmail.com contact
Dawout 2017: August 2017

Lay, vinèg de sid ak siwo myèl yo se engredyan natirèl ki pi efikas pou geri anpil maladi ki gen ladan kansè, men se lè yo konbine ansanm, n ap gen yon konbinezon majik trè pwisan efikas nan trètman atrit, tansyon wo, opresyon, enfètilite, maladi ilsè, rim sèvo, maladi enfektyez, ak enpwisans. Konbinezon sa a tou ranfòse sistèm iminitè a ak diminye move kolestewòl (LDL) nan san an.

 

Garlic, cider vinegar and honey are the most effective natural ingredients to cure many diseases including cancer, but when combined together, one will have a very powerful magic combination effective in treating arthritis, high blood pressure, asthma, infertility, ulcers, colds, infectious diseases, and impotence. This combination also strengthens the immune system and lowers the level of bad cholesterol (LDL) in the blood.

Ekspè en Nitrisyon yo te pwouve dènyèman ke konbinezon sa a majik de twa engredyan natirèl  pwisan sa yo kapab geri anpil fòm de kansè. Pasyan yo ki te pran remèd lakay sa a chak maten ajen te konstate yon rediksyon nan tansyon wo ak kolestewòl la nan mwens pase de semèn.

 

Nutrition experts have recently proven that this magical combination of these three powerful natural ingredients can cure many forms of cancer. Patients who took this home remedy each morning on an empty stomach found a reduction in high blood pressure and cholesterol in less than two weeks.

Resèt:

Engredyan nesesè:

  • 1 tas de vinèg de sid
  • 1 tas siwo myèl pur bon kalite
  • 8 gous lay
 

Recipe:

The necessary ingredients:

  • 1 cup of cider vinegar
  • 1 cup pure honey
  • 8 cloves of garlic

Mòd de preparasyon:

Mete tout engredyan yo nan yon blenndè epi byen melanje jiskaske ou jwenn yon resèt byen konbine epi omojèn. Vide resèt la nan yon bokal an vè epi mete l nan frijidè, men pa plis de 5 jou.

 

Method of preparation:

Put all the ingredients in a blender and mix well until you get a well combined and homogeneous recipe. Pour the recipe into a glass jar and put it in the refrigerator, but no more than 5 days.

Ou dwe pran 2 kiyè a soup de remèd pwisan sa a epi dilye yo nan yon vè dlo pou fasilite absòpsyon entestinal la epi bwè l chak maten avan ou manje oswa bwè nenpòt ki bagay.

 

You must take 2 tablespoons of this powerful remedy and dilute them in a glass of water to facilitate intestinal absorption and drink it each morning before eating or drinking anything.

Si ou renmen resèt la, pataje l avèk zanmi ou yo epi fanmi ou pou ede yon moun ki nan bezwen.

 

If you like the recipe, share it with friends and family to help someone in need.

Sous: Yon dokiman an Fransè sikile sou entènèt, tradui an Kreyòl ak Anglè pa Jean H. BELLEFLEUR, Tradiktè, Editè, Ansyen Fòmatè nan Lang Kreyòl Ayisyen avèk Piskò-Ayiti & Chèchè Endepandan. Konnen ke enfòmasyon sou sante ki founi nan dokiman sa a pa angaje m nan anyen. Sèlman si w gen yon pwoblèm ki trè grav konsènan sante ou, kontakte doktè w imedyatman pou èd ijan.

 

Source: A document in French circulated online, translated in Creole and English by Jean H. BELLEFLEUR, Translator, Editor, Former Instructor in Haitian Creole Language with Peace-Corps/Haiti & Independent Researcher. Know that health information provided herein does not engage me in anything. Only if you have a very serious problem regarding your health, contact your doctor immediately for urgent help.

boule

 Viré monté