Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

An n konprann Chante Alfabè Kreyòl La

Michel DeGraff & Mandaly Louis-Charles

Sur Potomitan

  

Anpil lang sou latè gen chante alfabè pa yo. Lang kreyòl la dwe gen youn tou.  Sa fè twò lontan depi Ayisyen ki konn li ak ekri ap sèvi ak non lèt nan alfabè franse pou eple mo kreyòl menm lè non lèt franse yo depaman nèt pa rapò ak son lèt ki nan alfabè kreyòl la. Enben, nan lide pou n korije deriv sa yo, nou kreye yon Chante Alfabè Kreyòl ki chita sou yon sistèm non lèt ki granmoun tèt li e ki obeyi prensip lengwistik ki nan nannan òtograf kreyòl la. Chante sa a gen bon jan melodi ak bèl kadans tanbou ki fè youn ak nanm pèp ayisyen an.  Epi nou kore melodi a ak bèl imaj kilti nou. Kon sa, timoun kou granmoun ap kontan chante alfabè a san fòse. Rechèch montre ki jan imaj, koulè ak mizik bay moun plezi lè y ap aprann. Yo rive kapte enfòmasyon an pi byen.

Videyo Chante Alfabè Kreyòl La gen 2 vèsyon ladan. Tou 2 vèsyon yo bazesou grafi ofisyèl kreyòl la dapre dekrè lwa 1979 la.

Premye vèsyon chante a konsantre sou repetisyon 32 lèt sa yo ki nan alfabè ofisyèl kreyòl la. N ap pran kèk egzanp nan kòmansman chante a pou n byen konprann lojik ki nan nannan chwa non lèt yo. Men lèt yo, non lèt yo epi yon egzanp pou chak lèt: <a> = “A” (“Aza”), <an> = “AN” (“anvan”), <b> = “Ba” (“bata”), <ch> = “CHa” (“chalè”), <d> = “Da” (“dada”), <e> = “E” (“ete”), <è> = “È” (“Èv”), <en>  = “EN” (“enben”), <f> = “Fa” (“fab”), <g> = “Ga” (“gaga”), elatriye.

Nou ka gade videyo chante sa a gratis sou Facebook ak YouTube. Klike sou lyen sa yo pou w chante alfabè kreyòl la sou kadans bèl kout tanbou:

https://www.facebook.com/michel.degraff/posts/10153636367853872
 
https://youtu.be/6F6yK1HOhWI

Dezyèm vèsyon chante a konsantre sou 4 prensip fondamantal òtograf kreyòl la. Se 4 prensip sa yo ki fè òtograf la lojik nèt. Se yon òtograf ki “transparan” paske chak grenn senbòl nan òtograf la (sa lengwis yo rele “grafèm”) marye ak yon grenn son nan lang lan (sa lengwis yo rele “fonèm”). Se kat prensip sa yo ki bay òtograf kreyòl la yon bèl lojik transparans kote chak grafèm marye ak yon grenn fonèm epi chak fonèm marye ak yon grenn grafèm:

  1. Chak grafèm rete nan wòl yo
     
  2. Nan pwen grafèm ki bèbè
     
  3. Chak grafèm koresponn ak yon grenn fonèm
     
  4. Chak fonèm koresponn ak yon grenn grafèm

Kon sa, nou ka sèvi ak 4 prensip sa yo pou n esplike tout moun ki jan envantè son lang kreyòl la makonnen ak alfabè kreyòl la.  Pou DVD a ka byen sèvi kòm zouti didaktik, chante a prezante 4 prensip sa yo yon jan ki senp, san nou pa sèvi ak tèm teknik tankou “grafèm” ak “fonèm”.  Nou entwodui 4 prensip yo kon sa:  “Chak lèt rete nan wòl yo. Chak son ekri menm jan. Nan pwen lèt ki bèbè. Chak lèt, yon sèl son.”

Pou moun k ap mande pou ki sa gen lèt ki gen 2 graf ladan yo (tankou: <an>, <ch>, <en>, <ng>, <on>, <ou>, <ui>) oswa lèt ki gen twa graf ladan yo (<oun>), repons lan senp: se paske lojik transparans òtograf kreyòl la mande pou chak grenn son nan lang lan koresponn ak yon grenn lèt.  Kòm kantite son nan lang kreyòl la depase kantite graf ki nan alfabè laten an, gen lèt ki oblije sèvi ak 2 graf, tankou <an> nan “manman” oswa <en> nan “maten” oswa <ng> nan “hing hang”, elatriye.  Lèt sa yo ki gen 2 graf ladan se sa lengwis rele “digraf”.  Epi gen yon lèt ki gen 3 graf ladan.  Sa se yon “trigraf”: <oun> nan “oungan”, “ounsi”, “ounfò”. Se prensip transparans òtograf kreyòl la ki mande itilizasyon digraf ak trigraf.

Men kote nou ka gade videyo 2èm vèsyon Chante Alfabè Kreyòl La:

Quand Surtab fait la promotion du «Kreyol Ayisyen»

Èske nou ka sèvi ak non lèt nan alfabè franse a kòm non pou lèt nan alfabè kreyòl la?

Non, alfabè kreyòl la dwe mèt tèt li!

Non lèt kreyòl yo nan Chante Alfabè Kreyòl La byen mache ak prensip fondamantal òtograf kreyòl la. Nou sèvi ak rezilta sa yo ke lasyans montre nou sou son ak silab ki pi fasil pou timoun yo pwononse e ki pi fasil pou yo tande.  Nan Chante Alfabè Kreyòl La,chak non lèt gen yon relasyon dirèk (ki “transparan”) ak son sa a ke lèt la reprezante e ki antre nan envantè son nan lang kreyòl la. Ki fè, sistèm non lèt nan Chante Alfabè Kreyòl La mache men nan men ak òtograf lang kreyòl la. Sa se yon òtograf ki pa kanmarad òtograf lang franse a nan koze transparans. Se pou sa fòk lang kreyòl la gen pwòp sistèm non lèt pa li. Premyeman, sa pral evite konfizyon nan tèt timoun yo ant sistèm òtograf kreyòl la epi sistèm òtograf franse a; dezyèmman, sa pral ede timoun sa yo ki pale kreyòl devlope bon jan relasyon ant lèt ak son depi nan kòmansman aprantisaj alfabè kreyòl la. Korespondans sa a (ant lèt ak son) baze sou sa lengwis yo rele “konsyans fonemik” timoun lan.  Chante Alfabè Kreyòl La kore konsyans fonemik timoun yo.

Òtograf franse a baze sou etimoloji (sa vle di: sou istorik lang lan) alòske òtograf kreyòl la baze sou fonoloji (sa vle di: sou envantè son ki nan lang lan). Sa se yon bèl avantaj pou tout moun k ap aprann lekti ak ekriti an kreyòl. Depi nou konnen ki jan chak lèt pwononse nan alfabè a, nou tou konnen ki jan pou nou dekode mo ki sèvi ak lèt sa yo. Ki fè, pinga nou melanje 2 sistèm diferan sa yo (òtograf kreyòl la epi non lèt franse yo). Lè n melanje 2 sistèm diferan sa yo, se konfizyon n ap kreye nan tèt aprenan yo.

An n konsidere, pa egzanp, non lèt tankou <g>, <y> epi <w> an franse.  Non lèt franse sa yo, lè nou ekri non sa yo an kreyòl, se “je” pou <g>, “i grèk” pou <y> epi “double ve” pou <w>.  Men, non sa yo pa koresponn ditou pyès ak pwononsyasyon lèt <g>,  <y> epi <w> an kreyòl (tankou nan “gaga”, “yoyo” epi “kowosòl”). Grafèm <g> an kreyòl toujou pwononse /g/ alòske menm grafèm  <g> sa a an franse antre ni nan ekriti mo “goal” ni nan ekriti mo “gel”.  Nan 2 ka sa yo nou ka aklè kote <g> reprezante 2 son ki diferan nan mo franse sa yo: “goal” epi “gel”. Men, an kreyòl, n ap ekri “gòl” epi “jèl” pou vèsyon kreyòl mo sa yo paske, nan alfabè kreyòl la, chak lèt marye ak yon grenn son. Ki fè nou pa ta fouti gen menm lèt la pou 2 son ki diferan. Si nou ta fè erè rele grafèm <g> kreyòl la “je” (tankou an franse), nou t ap fè kreyolofòn yo pran “gòl” nan “je”.  Epi ki wòl pou non “i grèk” epi “double ve” ta jwe nan alfabè kreyòl la alòske 2 non sa yo pa koresponn ditou ak son ki koresponn ak lèt <y> epi <w> an kreyòl? Pou kenbe yon sistèm non lèt ki lojik pou son kreyòl yo, lang kreyòl la pa dwe sèvi ak non lèt ki nan alfabè franse a.

Men yon lòt egzanp: Nathalie Cerin deja analize pwoblèm non lèt <r> an franse (ke nou pwononse “èr”) kote nou gen yon son /r/ ki vin nan fen yon silab (“èr”) alòske pifò moun ki pale kreyòl pa pwononse /r/ nan fen silab.  Ki fè non lèt <r> la tounen “è” oswa “èw” pou timoun sa yo ki pale kreyòl sèlman oswa ki pale kreyòl pi plis pase franse (sa se sitiyasyon majorite timoun ann Ayiti).  Sa se ta yon lòt gwo “erè” kòm pifò Ayisyen pa di “erèr”.  Kanta pou timoun sa yo ki ta pwononse non lèt <r> la “èw” olye pou yo di “èr”, la ankò, sa vin koupe bèl relasyon ki ta dwe egziste ant non lèt yo epi son lèt yo, sitou lè nou konsidere diferans sans ant “bra” avèk lèt <r> epi “bwa” avèk lèt <w>.  N ap jwenn atik Nathalie Cerin a nan sit Woy! Magazine:

Èske Senbòl Alfabè Kreyòl Yo Merite Nouvo Non?

Tout erè sa yo se rezon pou nou pa makonnen son sa yo ki nan lang kreyòl la avèk non lèt nan alfabè franse—paske kreyòl ak franse se 2 lang ki gen pwòp prensip òtograf pa yo ak pwòp chapant fonolojik pa yo.  Se kon sa Chante Alfabè Kreyòl La rezoud pwoblèm sa yo lè lèt <g> a rele “ga”, lèt <j> a rele “ja”, lèt <r> la rele “ra”, lèt <w> la rele “wa” epi lèt <y> a rele “ya”.

Pou ki sa nou chwazi vwayèl /a/ pou n kore konsòn yo?

Yon konsòn bezwen yon vwayèl pou li fè bon jan bri ki ka sèvi aklè pou nou byen tande son konsòn lan.  Mo konsòn lan soti nan laten “consona” ki vle di “avèk yon lòt son”. Sa vle di: yon konsòn bezwen yon vwayèl pou pwononsyasyon konsòn lan.  Alfabè franse a sèvi ak vwayèl /e/ pou pwononse pifò konsòn yo (“be” pou <b>, “se” pou <c> epi “de” pou <d>, elatriye) epi alfabè angle a sèvi ak vwayèl /i/ (“bi” pou <b>, “si” pou <c> epi “di” pou <d>, elatriye).  Pou non konsòn sa yo ki nan alfabè kreyòl la, Chante Alfabè Kreyòl La pwononse pifò konsòn yo devan vwayèl /a/.
Nou sèvi ak vwayèl /a/ sa a pou plizyè rezon:

  1. Sa pral ede timoun yo evite konfizyon ant alfabè kreyòl la epi alfabè franse a.  Se pou tout moun rive byen konprann ke kreyòl la se yon lang ki mèt tèt li, ki pa rete ak franse e ki gen pwòp alfabè pa li.  Ki fè fòk non lèt nan alfabè kreyòl byen endepandan pa rapò ak non lèt nan alfabè franse a.
     
  2. Sou plan fonetik, vwayèl /a/ se vwayèl ki pi klè pami tout vwayèl ki egziste sou latè beni.  Se vwayèl sa a tou ki bay konsòn yo pi bon sipò fonetik pou konsòn la pwononse aklè nèt, e sa pral ede timoun yo tande konsòn yo byen.  Epi se menm vwayèl /a/ sa a ki pi fasil pou timoun yo pwononse depi yo tou piti. Se rezon sa yo ki fè pifò lang (si se pa tout lang) sou latè beni gen vwayèl /a/ sa a ladan. Se  rezon sa yo tou ki fè gen yon pakèt lang sou latè beni kote mo pou manman ak papa gen fonèm /a/ sa a ladan. Se verite syantifik sa a ke lengwis Roman Jakobson te dekouvri depi byen lontan nan yon atik ki rele “Why Papa? Why Mama?”
     
  3. Vwayèl /a/ sa a se vwayèl ki pwononse pi souvan nan lang kreyòl nou an.  Ki fè aprenan sa yo ki konn pale kreyòl deja abitye pwononse vwayèl /a/ sa a, pi plis pase lòt vwayèl, depi yo tou piti. Ki fè, aprenan sa yo ap alèz nèt pou yo sèvi ak vwayèl /a/ sa a pou yo kore pwononsyasyon konsòn sa yo ki nan alfabè kreyòl la.

Nan Chante Alfabè Kreyòl La, se sèlman nan non lèt <ng> ke vwayèl la vin anvan konsòn lan: “ang”. Pou non tout lòt konsòn yo, vwayèl /a/ vin ann apre son konsòn lan. Sa bay yon chema ki regilye nèt (konsòn+/a/) e ki pi fasil pou timoun yo pwononse. Nan alfabè franse a, non pou pifò nan konsòn yo (tankou <b>) sèvi ak vwayèl “e” ki pwononse apre son konsòn lan (“be”). Men tou, nou gen plizyè konsòn (tankou <f>) kote non lèt la gen yon vwayèl ki pwononse anvan son konsòn lan (“èf”).  Epi gen non konsòn (tankou <h>) ki sèvi ak vwayèl “a” (“ach”) epi gen lòt (tankou <f> ankò) ki sèvi ak vwayèl “è” (“èf”) epi gen lòt konsòn (tankou <j>) ki sèvi ak vwayèl “i” (“ji”) epi gen lòt konsòn (tankou <q>) ki sèvi ak vwayèl sa a ki ekri “u” an franse.  Ki fè sistèm non lèt nan Chante Alfabè Kreyòl La pi regilye lontan pase sistèm non lèt franse yo.

An tou ka, lè lengwis konpare vwayèl /a/ ak vwayèl /e/ pou yo analiz kilès nan 2 vwayèl sa yo bay konsòn yo pi bon sipò, evidans lan (ni evidans akoustik, ni evidans atikilasyon lang ak machwa) montre ke vwayèl /a/ se li ki bay konsòn lan pwononsyasyon ki pi klè.  Sa se yon lòt avantaj bab e moustach pou òtograf kreyòl la lè nou gen opòtinite sa a pou nou kreye yon sistèm endepandan pou non lèt pa nou, ak vwayèl /a/, olye pou n kontinye ap suiv modèl franse a ki pa fouti bay bon rannman sa a ke n jwenn ak vwayèl /a/ a.

Ki jan nou chwazi egzanp pou chak son nan alfabè a?

Pou egzanp sa yo, nou chwazi mo ki popilè nan kilti nou ansanm ak mo ke anpil Ayisyen konn gen pwoblèm ekri.  Kon sa, chante a pral ede yo konprann pi byen ki relasyon ki egziste ant òtograf la ak pwononsyasyon mo kreyòl yo.  Egzanp tankou “Ayisyen”, “nasyon”, “maten”, “kouzen”, “kouzin” se egzanp ki montre ke nou gen yon alfabè ki kore sou bon lojik e ki mèt tèt li.

An n chante Chante Alfabè Kreyòl La pou n ede kreyòl la jwe wòl li nan sosyete a

Egzanp yo, mizik la, kadans tanbou nan chante a pral ede tout timoun sonje prensip fondamantal ekriti kreyòl la antan y ap chante alfabè a ak kè kontan. Pou moun ki vle jwe mizik la, sòlfèj la disponib tou.

Gen anpil rechèch ki montre jan itilizasyon lang matènèl timoun yo enpòtan.  Sa se youn nan rezon ki fè filozòf franse René Descartes nan 17yèm syèk te deside ekri lasyans an franse olye pou li kontinye ekri an laten sèlman. Lang natif natal la se pi bon zouti pou ede timoun yo devlope konpreyansyon, lojik ak konesans.  Kapasite yo nan lang matènèl la se fondasyon ki pral ede yo aprann yon dezyèm lang tou, tankou franse, angle, espayòl, elatriye.

Nou swete Chante Alfabè Kreyòl La pral motive nou tout pou n vin maton nan li ak ekri lang nou. Epi tou, fòk lang kreyòl la sèvi kòm zouti pou ansèyman ak aprantisaj depi nan jaden d anfan rive jouk nou fè rechèch epi pibliye atik syantifik an kreyòl tou.

boule

 Viré monté