Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Potoprens, 03 janvye 2013

Konsey Minis
PEYI D AYITI

Pale Nasyonal.-

SOU: Lang kreyol kom dezyem lang ofisyel nan CARICOM.

Ekselans Mesye Prezidan,
Ekselans Mesye Premye Minis,
Ekselans Medam, Mesye Minis GOUVENMAN AN,

Rektora Inivesite Leta d Ayiti ak Komite pou tabli Akademi Kreyol Ayisyen an, salye nou ak respe, epi pwofite swete Gouvenrnan an yon Bon Ane 2013 nan lape, pwosperite ak Limye pou li rive pran bonjan desizyon ki pou mete peyi a sou wout devlopman dirab.

Komite a te ekri Prezidan Michel J. Martelly yon let, nan dat 20 novanm 2012, kote li te Mande Prezidan an yon randevou pou I te kapab eksplike poukisa peyi d Ayiti ta dwe pwopoze lang kreyol pou dezyern lang ofisyel CARICOM.

Menmjan an, nan dat 26 novanm 2012, komite a te ekri Minis Kilti a, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fornasyon Pwofesyonel la, Minis Zafe Etranje a sou menm kesyon an. Komite a pajanmjwenn repons.

Se poutet sa Komite a deside voye yon let tou louvri bay tout manm pouvwa egzekitif la pou fe yo sonje jan se yon kesyon enpotan sitou nan moman otorite peyi d Ayiti gen lone pran tet Caricom pou 6 mwa k ap vini la yo.

Komite a vie atire atansyon gouvenman an sou reyalite sosyal ak lengwistik peyi a nan respe dwa lengwistik ak entegrasyon tout sitwayen yo, epi sou reyalite rejyonal ak lengwistik pep ayisyen nan rapo Ii ak lot pep nan Karayib la ki nan CARICOM. Komite a ap mande gouvenman an pou li pran an konsiderasyon dokiman prensip ki soti nan rankont CARICOM nan dat 14 Janvye 2011 nan Jamayik kote peyi yo te antann yo pou yo pale lang nasyonal yo; menrnjan an pou Gouvenman an pa mete rezilta atelye travay 30 avril 2012 la sou kote, yon atelye ki te fet nan otel Le Plaza nan Potoprens, kote peyi Sentlisi ak peyi Ladominik te antann yo ak Ayiti pou fome yon blok peyi kreyol nan CARICOM pou fasilite echanj kiltirel ak entegrasyon pep sa yo dekwa pou oganizasyon peyi CARICOM yo ka vini pi dyanm.

Mesye Prezidan, Mesye Premye Minis, Medam, Mesye manm Konsey Minis lan, gen anpil avantaj peyi a kapab tire nan sevi ak lang kreyol kom lang ofisyel nan CARICOM. Komite a prezante yo nan agimante ki akonpaye let sa a e li espere nou va pran yon ti tan pou Ii Ii. Pou fyete nasyon an ak avansman lang nou an, komite a espere nou va pran demann li a an konsiderayon pandan li ap mande nou resevwa salitasyon patriyotik Ii.

Viv Repiblik la ! Viv Ayiti ak lang Ii ki se nanrn Ii !

signatures

Version en pdf de la lettre

boule  boule  boule

Komite pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen

Lang kreyòl: dezyèm lang ofisyèl CARICOM

Gouvènman peyi d Ayiti pwopoze lang franse kòm dezyèm lang ofisyèl CARICOM. Desizyon sa, olye pou l ta pote fyète ak avantay pou peyi a, se latwoublay li pral mete nan rapò Ayiti  ak lòt peyi yo nan KAICOM.

Pou anpil rezon Ayiti pa ka pran yon desizyon konsa nan yon espas konsa.

Franse lang ofisyèl nan CARICOM, pou ki popilasyon, ki piblik? Se premye kesyon Komite pou tabli Akademi kreyòl la poze. An nou gade poukisa nan tout aspè kesyon an:

  • Ki Sitiyasyon lengwistik peyi manm CARICOM yo?

Anwetan peyi d Ayiti nan peyi manm CARICOM yo ki genyen franse kòm lang ofisyèl li, pa genyen okenn lòt ki ni pale franse, ni itilize franse kòm lang ofisyèl. Antigwa ak Babouda, Bahamas, Babad, Beliz, Dominik, Giyana, Grenad, Jamayik, Sentkit ak Nevis, Sentlisi, Senvensan ak Grenadin, Sirinam, Trinidad ak Tobago ; tout peyi sa yo sèvi ak angle pou lang ofisyèl. Sitiyasyon sa a fè nou konprann rezon ki jistifye chwa lang angle kòm premye lang ofisyèl CARICOM. An reyalite, lang ki plis pale nan Karayib la se kreyòl avèk yon pousantaj apeprè 61%  popilasyon zòn nan1, lè nou konsidere Ayiti, Sentlisi ak Ladominik. Kidonk, si angle lang ofisyèl CARICOM sou baz kantite peyi ki sèvi avèk li kòm lang ofisyèl, kreyòl ta dwe dezyèm lang ofisyèl sou baz pousantaj nan popilasyon manm CARICOM ki pale li, e anplis li se lang ofisyèl peyi d Ayiti.

An reyalite, pa ta genyen okenn pwoblèm pou Ayiti pwopoze franse kòm lang ofisyèl nan CARICOM paske se youn nan lang ofisyèl peyi a, men ak kiyès Ayiti pral kominike an franse anndan CARICOM? Kiyès ki pral pale franse ak peyi d Ayiti nan CARICOM? Eske CARICOM se yon espas frankofòn? Eske lè nou konsidere peyi manm CARICOM yo, nou ka di franse se yon zouti k ap pèmèt diplomasi fèt pi byen nan mitan peyi sa yo ? Jamè. Eske gen lang ki lang diplomatik depi yo te fèt ? Oubyen se sèvi pou yon peyi deside sèvi ak yon lang kòm lang diplomatik? Ki lide, ki kilti peyi d Ayiti genyen pou li pataje nan CARICOM? Lide ak kilti d Ayiti, pa vre? Eben, lang kreyòl pibyen plase pou sa. Ayiti kapab sèvi ak lang franse kòm lang ofisyèl li nan tout lòt espas ki ofri avantaj pou sa (tankou Frans, Bèljik, Pwovens Kebèk, eks.) men nan CARICOM, non ; paske genyen 2 rezon fondamantal ki dwe gide chwa yon lang ofisyèl nan yon espas, se: 1- ki lang ki pale nan espas sa a, 2- ki kantite moun ki pale yo. Lè nou konsidere 2 rezon sa yo, se angle ak kreyòl ki pote lamayòl la. Lang kreyòl se lang ki plis pale nan Karayib la e CARICOM se yon espas anglo-kreyolofòn.
  

  • Ki  kote lide kreyòl,  2èm lang ofisyèl CARICOM nan, sòti?

Sa gen lontan peyi d Ayiti ap sèvi ak franse nan CARICOM men divès espesyalis ki  ap analize kesyon sa a te twouve li pa fè sans. Genyen plizyè demach ki fèt nan lide pou kominikasyon ant pèp yo respekte dwa lengwistik popilasyon yo. Nan yon konferans ki te fèt Jamayik, espesyalman nan vil Kenstonn, 13 ak 14 janvye 2011, pifò nan peyi manm CARICOM yo te adopte yon dokiman prensip ki egzije pou kreyòl pale kòmsadwa nan reyinyon nan Karayib la. Èske se peyi d Ayiti ki pou vin kase desizyon sa a alòske nou ta dwe lidè nan mennen kesyon an?

Mete sou sa, 30 avril 2012 nan otèl ‘‘Le Plaza’’, Komite pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen ak Biwo Reprezantan CARICOM nan te òganize yon atelye travay sou kesyon an pou ranfòse desizyon ki te pran nan vil Kenstonn nan. Nan Konferans sa a, nou te jwenn reprezantan CARICOM nan M. Earl Huntley; reskonsab biwo CARICOM pou Ayiti Anbasadè Edwige Lalane; reprezantan peyi Ladominik: Gregory Rabess ak Delmance Moses; reprezantan Sentlisi: Hilar Laforce ak Charles Leslie; reprezantan Ministè Afè Etranjè: Jude Piquant, reprezantan tout enstitisyon Leta ayisyen ki fè pati Komite Suivi pou mete Akademi Ayisyen an sou pye : ki te soti nan Rektora a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, Ministè Lakilti, Fakilte Lengwistik, Près Nasyonal, Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon, san konte lòt enstitisyon nan sosyete sivil la : Bon Nouvèl, SAKS, Konfederasyon Nasyonal Vodou Ayisyen eksetera.Tout enstitisyon ak pèsonalite sa yo se yon echantiyon nan kantite moun ak enstitisyon nan Karayib la k ap travay pou Kreyòl vin lang ofisyèl akote Angle nan CARICOM.

Chwazi franse kòm lang ofisyèl nan yon espas anglo-kreyolofòn, parèt depaman nèt ak reyalite sosyolengwistik peyi manm CARICOM yo.

  • Ki avantaj  kreyòl, 2èm lang ofisyèl CARICOM pote pou Ayiti?

Kesyon lidèchip. Ayiti, Sentlisi ak Ladominik reprezante peyi manm Caricom ki pale kreyòl. Menm lè chak kreyòl sa yo gen ti diferans fonolojik men yo gen prèske menm estrikti, prèske menm sentaks, se sa ki fè youn konprann lòt. Ayiti, Sentlisi ak Ladominik deja reprezante yon blòk nan CARICOM ki ka sèvi ak kreyòl ayisyen an kòm baz fòmèl pou kominikasyon ak echanj ant yo nan òganizasyon rejyonal la, se yon demach ki koumanse depi yon bout tan e ki rive nan yon pwen ki avanse. Èske kreyòl lang ofisyèl nan CARICOM se pa yon pa anplis nan fè kreyòl ayisyen an pran jarèt ? Pa bliye kreyòl ayisyen an se yon makwolang2 paske li deja genyen yon kantite lokitè ayisyen ki depase 13 milyon moun (anndan peyi a, plis aletranje) ki pale li, san konte etranje ki aprann li pou tout kalite rezon. Sa vle di Ayiti se lidè kreyòl la nan entènasyonal la, nan Karayib la se pa pale.

Rezon ekonomik ak echanj nan mitan pèp yo.Youn nan pretèks kèk moun toujou pran pou fè konprann kreyòl pa pare pou fè diplomasi se kesyon tradiksyon ki koute chè. Li koute chè paske nou bezwen fè ni tradiksyon franse, ni tradiksyon angle. Kreyòl lang ofisyèl CARICOM se mwayen pou Ayiti kominike dirèk dirèk ak patnè karayibeyen li yo ki pale kreyòl e ki konprann kreyòl, se pwodui dokiman dirèk-dirèk an kreyòl epi fini ak tradiksyon angle-franse a nan espas sa a. Kidonk, gouvènman peyi d Ayiti kapab sèvi ak lajan tradiksyon angle franse a pou lòt aktivite. N ap bezwen fè tradiksyon angle pou peyi ki pale angle sèlman. Kidonk, yon diplomat ayisyen nan rejyon sa a dwe gen 2 konpetans lengwistik de baz: kreyòl ak angle. 

Si nou kite diplomasi pou n pran echanj k ap fèt ant Ayisyen ki travèse al viv nan divès ti zile nan Karayib la tankou Naso/Bahamas…. Nan ki lang yo kominike chak jou ? Kreyòl lang ofisyèl Ayiti nan CARICOM pral ofri enpe nan Ayisyen sa yo posiblite fè entèprèt paske afòs yo viv sou teritwa sa yo, yo metrize angle a ak tout aksan zòn nan. Men an reyalite, lòt gwo avantaj peyi d Ayiti genyen pou li tire nan kesyon sa a se ouvèti pou tablisman fòmèl mache rejyonal la, ogmantasyon kantite lokitè pou kreyòl ayisyen an, posiblite pou zòn Karayib la vin yon mache ki sèten pou gramè, diksyonè ak tout kalite liv Akademi Kreyòl la pral otantifye, se louvri chemen pou nou vann konesans syantifik k ap fèt nan peyi a bay lòt peyi nan Karayib la, se louvri pòt pou vann kilti ayisyen an plis nan Karayib la.

Pou nou fini, Rektora a ak Komite Suivi pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ta renmen Konsèy gouvènman an pran tout rezon sa yo an konsiderasyon pou ofri kreyòl la yon chans pou li vanse, pou li fè yon pa anplis, e se va jistis. Rektora a ak Komite Suivi pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an a deja angaje yo nan demach pou akademi kreyòl ayisyen an rive kreye. Refleksyon yo ap vanse pou peyi d Ayiti rive tabli yon bon politik lang ki va prevwa yon amenajman lengwistik dekwa pou nou fini ak tout yon seri ezitasyon nan itilizasyon 2 lang yo nan peyi a.

Kreyòl se lang nou, an nou sèvi avè li nan espas ki rezève pou li !

  1. Dapre chif: CIA World Factbook, Banque Mondiale, CEPAL, My population data, Wikipedia, www.evi.com, indexmundi, Public data.
     
  2. Suze Mathieu, 2006.

 

boule

 Viré monté