Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

28 oktòb 2010, 28èm Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl

Deklarasyon Komite Inisyativ pou rive mete
Akademi Ayisyen an kanpe

Source: AlterPresse

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 28 oktòb 2010

«Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, an òd epi selon prensip lasyans»
Konstitisyon Repiblik d Ayiti, 1987, Atik 213

Nou menm, Inivèsite d Eta d Ayiti, Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon, Près Nasyonal d Ayiti, Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen, Jounal “Bon Nouvèl” ki fè pati Komite Inisyativ pou rive mete Akademi Ayisyen an kanpe, nou koube n byen ba devan kouraj ak fòs volonte pèp Ayisyen an.

Nou pwofite 28èm Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la pou nou fè tout moun sonje enpòtans lang kreyòl la genyen pou nou menm Pèp Ayisyen e sa parèt aklè nan Konstitisyon an. Manm Asanble ki te prepare dokiman Konstitisyon 1987 la te konprann enpòtans kesyon sa a. Se sa k fè yo vini ak plizyè atik ki konsène plas lang yo ak wòl lang yo nan sosyete a:

  •  atik 5 «Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl la. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti.»
     
  •  atik 24.3 «Rezon ki fè yo arete yon moun, oubyen rezon ki fè yo fèmen yon moun nan prizon, se pou manda a esplike sa klè, ni an kreyòl, ni an franse.»
     
  •  atik 40. «Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an kreyòl ak an franse …»

Al gade tou kijan atik 211 lan mande pou yo sèvi ak lang ofisyèl yo nan tout nivo nan sistèm edikasyon ayisyen an (…) Pifò kou yo, dwe fèt nan lang ofisyèl peyi a.

Nou menm manm komite inisyativ la, nou apresye travay ki fèt pou franse a ki se youn nan lang ofisyèl nou yo ; men, nou gen anpil kè sote lè n wè kòman, malgre pwogrè kreyòl la ap fè nan sosyete a, kontinye gen gwo antrav pou devlopman sèl lang ki simante tout Ayisyen yo ansanm. Konsa, nou kwè youn nan antrav ki anpeche nou respekte atik ki konsène kesyon lang yo kòmsadwa, se paske nou pa respekte sa manman lwa peyi a di e sitou atik 213 la ki mande pou kreye yon Akademi Ayisyen.

Nou kwè jan konstitisyon an mande l la, kesyon lang anndan yon nasyon pa dwe lage nan lib. Okontrè li enpòtan pou nou trete kesyon sa a kòm yon dosye estratejik pou peyi a. Se sa k fè, depi kèk tan, nou menm nan Komite sa a, nou pran devan nan brase lide, reflechi, diskite epi fè konsiltasyon pou rive mete Akademi an kanpe. Nan kad sa a tou, nou pwofite anonse piblik la an jeneral, etidyan, pwofesè, sosyològ, antwopològ, lengwis, ekriven, powèt ak tout moun k ap batay pou avansman lang kreyòl la an patikilye, nou ap òganize nan mitan lane 2011 lan yon kokenn chenn brase lide (Kolòk Entènasyonal) sou ki jan nou kapab pouse desidè yo ak tout Palman an mete Akademi Ayisyen an soupye pou toutbon.

Se poutèt sa Komite Inisyativ la deklare li soutni ak tout fòs li Konstitisyon 1987 la, sitou atik 213 la ki genyen deklarasyon sa a. Nou pran konsyans pwoblèm lang kreyòl la se yon dosye estratejik sa vle di yon dosye majè pou Pèp Ayisyen an, ki dwe trete kòrèkteman, san pèdi tan. Okenn pwogrè pa posib si nou pa planifye, epi amenaje de (2) lang ofisyèl nou yo san fòs kote.

Premye pa sa yo pa ase, gen anpil lòt ki pou fèt ankò. Pou travay la jwenn bon rezilta, fòk tout enstitisyon, tout gwoup moun ak tout sektè nan sosyete a : fanm kou gason, edikatè, sosyològ, ekriven, lengwis, pè,pastè, houngan, jiris, sendikalis, moun lavil kou moun nan mòn, etidyan, antreprenè, komèsan, elatriye ki santi yo konsènen e ki dakò vin patisipe nan demach Komite Inisyativ la deja koumanse a ! Nan sans sa, n ap envite tout lòt moun ak tout enstitisyon vin kore deklarasyon an epi siyen l tou.

Moun ki siyen Deklarasyon sa se:

  • Jean Vernet HENRYInivèsite d Eta d Ayiti
  • Carol JOSEPHSekreteri d Eta Alfabetizasyon
  • Max BEAUVOIR Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen / Ati Nasyonal
  • Jean-Pierre Nzemba WAYI, CICMJounal Bon Nouvèl

boule  boule  boule

28 octobre 2010, 28e Journée Internationale de la Langue Créole

Déclaration du Comité d’Initiative pour l’établissement de
l’Académie Haïtienne

Document soumis à AlterPresse le 28 octobre 2010

Une Académie haïtienne est instituée en vue de fixer la langue créole et de permettre son développement scientifique et harmonieux. (Constitution République d’Haïti, 1987, Art. 213)

Nous, de l’Université d’État d’Haiti, de la Secrétairerie d’État à l’Alphabétisation, des Presses Nationales d’Haïti, de la Confédération Nationale des Vodouisants Haïtiens, du Journal Bon Nouvèl, qui constituons le Comité d’Initiative pour l’établissement de l’Académie Haïtienne, nous nous inclinons devant le courage et la détermination du peuple haïtien.

Nous profitons de la 28e Journée Internationale de la Langue Créole pour rappeler à tous l’importance de la langue créole pour nous Haïtiens, importance clairement exprimée dans la Constitution. Les membres de l’Assemblée constituante de 1987 avait bien compris l’importance de cette question. En témoignent les différents articles concernant la place des langues ainsi que leur rôle dans la société haïtienne:

  • Article 5 Tous les Haïtiens sont unis par une Langue commune : le Créole. Le Créole et le Français sont les langues officielles de la République;
     
  • Article 24.3 Pour que ce mandat puisse être exécuté, il faut qu’il exprime formellement en créole et en français le ou les motifs de l’arrestation ou de la détention et la disposition de loi qui punit le fait imputé;
     
  • Article 40 Obligation est faite à l’Etat de donner publicité par voie de presse (…) à tout ce qui touche la vie nationale...

De même, nous attirons l’attention sur l’exigence faite dans l’article 211 qui demande d’utiliser les langues officielles à tous les niveaux du système éducatif haïtien (…) La plupart des cours doivent être faits dans les langues officielles du pays.

Nous les membres du Comité d’Initiative, nous apprécions tout ce qui a été fait pour renforcer le français qui est l’une de nos langues officielles, mais nous sommes préoccupés en constatant que, malgré les progrès du créole dans notre société, d’énormes difficultés continuent de s’imposer au développement de l’unique langue qui lient les haïtiens entre eux. Ainsi, nous croyons que l’un des obstacles au strict respect des articles concernant les langues, c’est la violation de la loi-mère du pays, principalement l’article 213 qui préconise l’Académie Haïtienne.

Nous croyons que, tel que l’exige la Constitution, la question de la langue dans une nation ne saurait être laissée à la dérive. Au contraire c’est une question qu’il faut dans une perspective stratégique. C’est dans cette perspective que s’inscrit la formation de ce Comité qui, depuis un certain temps, a pris l’initiative du débat, de la réflexion, de la discussion et de la consultation pour l’établissement de l’Académie Haïtienne. Ainsi, nous profitons de cette célébration pour annoncer à la population toute entière, aux étudiants, professeurs, sociologues, anthropologues, linguistes, écrivains, poètes et à tous ceux qui luttent pour l’avancement de la langue créole en particulier, de la réalisation d’un Colloque International sur la stratégie à adopter pour porter les décideurs et le Parlement à mettre en place l’Académie Haïtienne pour de bon.

Pour cela, nous les membres du Comité d’Initiative, nous déclarons notre plein soutien à la Constitution de 1987, spécialement l’article 213 qui expose cette exigence. Nous sommes conscients que le problème de la langue créole est un dossier stratégique, c’est-à-dire, un dossier d’extrême importance pour le Peuple Haïtien qui doit être traité correctement et en toute urgence. Aucun progrès n’est possible sans la planification et l’aménagement équitable de nos deux langues officielles.

Ce premier pas que nous avons fait est insuffisant au regard de tout ce qui reste à faire. Et pour que le travail puisse produire de bons résultats, il faut la participation de toutes les institutions, tous les groupes et tous les secteurs de la société: femmes et hommes, éducateurs, sociologues, écrivains, linguistes, prêtres, pasteurs, houngan, juristes, syndicalistes, citadins aussi bien que les paysans, étudiants, entrepreneurs, commerçants, etc. qui se sentent concernés et qui approuvent cette démarche que le Comité d’Initiative a déjà lancé ! En ce sens, nous invitons tout un chacun et toutes les institutions à appuyer cette déclaration en la signant.

Ceux qui ont signé cette déclaration:

  • Jean-Vernet HENRY, de l’Université d’État d’Haïti (UEH)
  • Carol JOSEPH, de la Secrétairerie d’État à l’Alphabétisation (SEA)
  • Max BEAUVOIR, de la Confédération Nationale des Vodouisants Haïtiens
  • Jean-Pierre Nzemba WAYI, cicm du Journal Bon Nouvèl

boule

 Viré monté