Piblikasyon elektwonik ak enpòtans
li nan difizyon lang kreyòl la

Emmanuel W. Védrine

prentan 2002

 

Tanzantan plis ide vin nan tèt mwen lè m fin travay sou yon gwo rechèch kreyòl malgre m toujou gen tandans pa panse a sa m pibliye deja dekwa pou m pa di m ap kanpe la. Pou mwen, jou yon atis pa ta pwodui ankò nan domèn li, se kòmkidire li pa ta ekziste ankò: se menm paralèl la nou ka fè ak yon ekriven: nou toujou atann l ap mete yon zèv nouvo deyò menm aprè l ta fin pran yon pri nobèl.

Apre senkan rechèch entansif pou rive mete sou pye youn nan pi gwo dokiman sou lang kreyòl la An Annotated Bibliography On Haitian Creole: A review of publications from colonial times to 2000»), mwen aprann anpil de rechèch sa a non sèlman kòm otè l e kòm kreyolis ki sousye anpil de fiti lang natifnatal la, men tou sou pwoblèm dokimantasyon an jeneral Ayiti ap konfwonte depi digdantan e metòd Ayisyen itilize pou fè rechèch.

Nou pa ka ale pi lwen nan kritik nou san nou pa ta di anyen sou «pwoblèm lekòl Ayiti» ki youn nan sous pwoblèm yo (fason yo anseye nou). Gen anpil nou ka di sou sa e kòm nou konnen, poko reyèlman gen yon bonjan refòm eskolè ki fèt an Ayiti. Mwen mansyone sa anpil fwa nan rechèch mwen pou moun ki vle fè plis envestigasyon sou sa.

Difizyon lang kreyòl la se youn nan pwen trè enpòtan mwen mansyone nan kòmantè, rechèch mwen yo sou kreyòl e san patisipasyon leta, san envestisman l tout bon, sa p ap rive fèt kòmsadwa. Men pou nou menm ki konnen reyalite a Ayiti, li enposib tou pou n ta ret tann se gouvènman k ap vin fè tout sa peyi a bezwen. Donk li enpòtan pou n panse a «altènatif» nan sans sa a lè n ap pale de «devlopman Ayiti» e nan kad difizyon lang kreyòl la, nou kwè li enpòtan pou n panse seryezman a piblikasyon elektwonik. Non sèlman sa vin kreye achiv estraòdinè pou dokimante piblikasyon (pou tout referans) men sa vin bay tou yon dal aksè (pa ekzanp, aksè a dokiman pou sèvi nan lekòl, pou ede moun fè rechèch nan tout nivo e sou tout sijè, avantay pou moun ki bezwen pibliye zèv yo e ki pa gen kòb pou sa men annatandan, yo kapab pibliye vèsyon elektwonik lan kote y ap atire plis lektè e kreye posiblite pou jwenn plis kritik sou zèv yo).

Nan sans sa a, li enpòtan pou n ankouraje tout moun k ap pwodui an kreyòl pou rekonsidere pouvwa entènèt la e kijan yo ka pran avantay de li pou ede e ankouraje difizyon lang kreyòl la pi rapid nan tout domèn. N ap ankouraje tou tout moun k ap kreye pajwèb dekwa pou mete ladan yo dokiman k ap fasilite rechèch sou Ayiti.

Referans

VÉDRINE, Emmanuel W. 1994. Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti. Cambridge, MA: Soup To Nuts.

VÉDRINE, Emmanuel W. 1996. Gramè Kreyòl Védrine. Boston, MA: E. W. Védrine Creole Project.

VÉDRINE, Emmanuel W. 1998 (29 sept.). «Kèk kesyon pou ouvè deba sou pwoblèm edikasyon Ayiti». Boston, MA: E. W. Védrine Creole Project.

VÉDRINE, Emmanuel. W. 1999 (otòn). «Pou restriktire lekòl Ayiti». Boston, MA: E. W. Védrine Creole Project.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2000 (okt.). «Kisa n ka fè pou ede Ministè Edikasyon Nasyonal Ayiti?». Boston, MA: E. W. Védrine Creole Project.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2000 (ivè). E. W. Védrine Creole Project Electronic Archives: Resources for Haitian Bilingual Programs, Research on Haitian Creole Language & Literature, Creole Studies & Linguistics. Boston, MA: E. W. Védrine Creole Project. 305 p.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2000 (ivè). «Some online teaching materials for Haitian Bilingual Programs & research on Kreyòl (Kèk materyèl didaktik sou entènèt la pou Edikasyon Bileng Ayisyen & rechèch sou kreyòl)». Boston, MA: E. W. Védrine Creole Project.

VÉDRINE, Emmanuel W. «An Annotated Bibliography On Haitian Creole: A review of publications from colonial times to 2000». Maniskri.

Electronic publications and its importance
in the diffusion of the Creole language

Emmanuel W. Védrine
Spring 2002

From time to time, more ideas come to my head when I finish working a major Creole research though I always have the tendency not to think about what I have already published so that I won't say I will stop there. For me, the day when an artist would not produce anymore in his own area, it would be like he does not exist any longer; it's the same parallel we can draw between a writer: we always expect that he is publishing some new works even if that author has already received a Nobel prize.

After five intensive research to succeed in establishing one of the greatest documents on the Creole Language ( An Annotated Bibliography On Haitian Creole: A review of publications from colonial times to 2000 ), I've learned a lot from this research, not only as its author and as a creolist who cares a lot about the future of the native language, but also about the problem of documentation in general that Haiti has been facing since a long time and the methodology that Haitians have been using to do research.

We can't go further in our critics without mentioning anything on “the problem of schools in Haiti ” which is one of the sources of the problems (the way they teach us). There's a lot that we can say about that and as we know, there has not been yet a real school reform that took place in Haiti. I've mentioned that many times in my research for people who want to investigate more on that.

The diffusion of the Creole language is one of the most important points that I have mentioned in my comments and research on Haitian Creole, and without the participation of the government, without real investment in it, the changes we expect will not take place the way it is supposed to. But for us who know the Haitian reality, it is impossible also for us to seat down and wait for the government to do all that the country needs. So, it is important for us to think about “alternatives” in this sense when we are talking about “development of Haiti ” and concerning the diffusion of the Creole language, we believe that it is important for us to think seriously about electronic publications. Not only that creates an extraordinary archives to document publications (for all references) but that gives also a lot of access (for instance, access to documents to be used in school, to help people who are doing research at all levels and on all subjects, the advantage for people who need to publish their works, and who don't have money but in the meantime, they can publish the electronic version of the works where they will attract more readers and create the possibility to find more critics on their works).

In this sense, it's important to encourage everyone who is producing in Creole to reconsider the power of the internet and how they can take advantage of it to help and encourage the diffusion of the Creole language faster in all areas. We are encouraging everyone who is producing web sites in order to include in them documents that will facilitate research on Haiti.

References

VÉDRINE, Emmanuel W. 1994. Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayit. Cambridge, MA : Soup To Nuts.

VÉDRINE, Emmanuel W. 1996. Gramè Kreyòl Védrine. Boston, MA : E. W. Védrine Creole Project.

VÉDRINE, Emmanuel W. 1998 (29 sept.). Kèk kesyon pou ouvè deba sou pwoblèm edikasyon Ayiti. Boston, MA : E. W. Védrine Creole Project.

VÉDRINE, Emmanuel. W. 1999 (otòn). Pou restriktire lekòl Ayiti. Boston, MA : E. W. Védrine Creole Project.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2000 (okt.). “Kisa n ka fè pou ede Ministè Edikasyon Nasyonal Ayiti?”. Boston, MA : E. W. Védrine Creole Project.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2000 (ivè). E. W. Védrine Creole Project Electronic Archives: Resources for Haitian Bilingual Programs, Research on Haitian Creole Language & Literature, Creole Studies & Linguistics. Boston, MA : E. W. Védrine Creole Project. 305 p.

VÉDRINE, Emmanuel W. 2000 (ivè). Some online teaching materials for Haitian Bilingual Programs & research on Kreyòl (Kèk materyèl didaktik sou entènèt la pou Edikasyon Bileng Ayisyen & rechèch sou kreyòl). Boston, MA : E. W. Védrine Creole Project.

(© E. W. Védrine, 2002)

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com