Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Orientating Haitian Youth : Oryantasyon Jenès Ayisyen

Emmanuel W. Védrine

Photo courtesy: Fessando Suffren

October 25 2020, 4:00 è – 5:00 pm on zoum
25 oktòb 2020, 4:00 è – 5:00 pm sou zoum

Celebrating the Creole Month (October 2020), the ITIAHaiti organization is inviting two top Haitian scholars: Professors Emmanuel W. VEDRINE (researcher, educator, writer and linguist) and  Joseph Marcel GEORGES (researcher, educator and linguist). We expect this talk to take place on Sunday October 25, 2020 from 4:00 – 5:00 pm on ZOOM.

 

Nan kad selebrasyon Mwa Kreyòl (oktòb 2020), òganizasyon ITIAHaiti ap envite de potorik entelektyèl: pwofesè Emmanuel W. VEDRINE (chèrchè, edikatè, ekriven, lengwis), e pwofesè Joseph Marcel GEORGES (chèrchè, edikatè, lengwis). Nou prevwa koudyay sa a pou dimanch 25 oktòb 2020, a 4:00 è – 5:00 pm sou ZOUM.

Click on zoom access to participate or to listen. The two contemporary researchers will be discussing about youth in Haiti, a concept that would define the existence of ITIAHaiti in the United States.

 

Klikle sou aksè zoum pou patisipe oubyen tande. De chèrchè kontanporen yo pral diskite sou lajenès an Ayiti, yon konsèp ki ta defini egzistans ITIAHaiti nan peyi Etazini.

They will emphasize on education and formation, and present different characteristic of youth, and the way to orientate them. It’s a subject that aims ITIAHaiti’s objective to promote and commercialize the Creole language, and see its use as language of instruction at all school levels in Haiti.

 

Yo pral aksantye sou edikasyon ak fòmasyon, e prezante divès karakteristik jèn, ak fason yo oryante. Se yon sijè ki vize objektif ITIAHaiti ta genyen pou fè pwomosyon ak komèsyalizasyon lang kreyòl la, epi wè itilizasyon l kòm lang d ansèyman nan tout nivo lekòl an Ayiti.

The participants will be conscious of the educational, social, and economic reality they are living. The speakers will unveil the interest Haitian youths have if they learn to work together, and put selfishness aside so that they can succeed in changing the situation in which they have been living.

 

Patisipan yo pral pran konsyans sou reyalite edikasyonèl, sosyal, e ekonomik y ap viv. Oratè yo pral devwale enterè jèn ayisyen genyen si yo aprann travay ansanm, mete egoyis de kote dekwa pou rive chanje sitiyasyon y ap viv.

The researchers will present different aspects that make many youths fail, particularly concerning the lack of information and orientation (from Haiti) before landing in foreign countries (whatever the host country may be); their family, societal, linguistic and immigrant status (having legal documents or not)… the reality they are facing in the host country, and where they would stand in order to do a better transition tomorrow to better the conditions in which they are living.

 

Chèrchè yo pral prezante diferan aspè ki fè anpil jèn echwe, sitou sa ki konsène mank enfòmasyon ak oryantasyon (depi Ayiti) avan yo ta ateri nan peyi etranje (kèlkeswa peyi d akèy la); aspè familyal, sosyetal, lengwistik, estati imigran yo (papye legal ou pa)… reyalite y ap fè fas ak li nan peyi d akèy la, e ki kote yo ta kanpe pou ta fè yon pi bon tranzisyon demen, dekwa pou amelyore kondisyon y ap viv.

Due to the issue of time that is not much to cover everything in details in their presentation, that way we are encouraging you to take a look in advance at this web link www.potomitan.info/vedrine/itia3.php to be familiar with all details that are related to the subject they will be discussing, and documents you can look at that are available online on orientating Haitian youth.

 

Akoz tan an k ap chich pou ta kouvri tout bagay an detay nan prezantasyon yo, konsa n ap ankouraje w jete yon koudèy davans sou ralong wèb sa a www.potomitan.info/vedrine/itia3.php pou gen tan familyarize w ak tout detay ki an rapò ak sijè ki pral debat la, e dokiman w ka gade ki disponib an liy sou oryantasyon jenès ayisyen.

Wilsonn Telimo Lwi will be presiding over the meeting, Beti Fòtina will animate it.

 

Wilsonn Telimo Lwi ap prezide reyinyon an, Beti Fòtina ap anime l.

Courtesy : Koutwazi
E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté