No well nan Nowèl
            Yves-Mary Fontin 
            Tizon dife 
              limen pay 
              Pil fatra 
              lane dènye 
              N on katye abandone 
              ki pote non papa BonDye 
            Pidetwal fonn 
              Nan kouran espwa  kouran 
              Pou tout yon zile 
              Kiskeya 
            Fanal atizanal 
              pran ban  
              sou etajè lateknoloji 
              Memwa n bliye 
              menm ti lezanj 
              nan mitan kado  lodyans 
            Nou sere doulè n 
              nan refren chante  nowèl 
              an verite se yon “No  well” 
              anba pètpèt klorat  laperèz 
              nan senti rèl ak  doulè 
              tout yon lane 
Yves-Mary Fontin 
   |