Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Séisme à Haïti - 14 août 2021

Siklòn, Tanpèt, Move Tan, Tranblemanntè:
ranje kabann ou avan dòmi nan je w

Emmanuel W. Védrine

Mural painted by The Boston Natural Areas

Hurricanes, Storms, Bad weather, Earthquake: make hay while the sun shines-- Lòt tèks sou tranblemanntè a ki frape Lazil • Tranblemanntè 14 dawou 2021 kraze komin L’Azile (Lazil) ak Sid Ayiti (enkli resous an liy pou ede Lazil) -- Vèsyon anglè: Haiti’s August 14, 2021 earthquake destroying the commune of L’Asile (Lazil) and South Haiti (including online resources to help L’Asile, and other communes) • Testimony of L’Asile former mayor and representative, Lemane Premier on the August 14, 2021 earthquake destroying this commune, and other places of Nippes and south Haiti.


* * *

26 dawou 2021

Ribrik «Edike Ayisyen Ayiti, e Ayisyen nan Dyaspora : Educating Haitians in Haiti, and Haitians in Diaspora» (2017 – 2021) --Transkripsyon vokal : Voicemail trascription of E. W. Védrine, 26 dawou 2021).

Jodiya, nou ta vle fè yon ti pale sou tranblemanntè ki te fèt nan dat 14 dawou 2021. Resamman, nou sot anba yon siklòn politik ki pase 7 jiyè 2021. Tout moun konnen sa k te pase, ravay ke l fè, e tout enfòmasyon nou ka jwenn sou entènèt la ki kouvri evennman tris sa a nan istwa d Ayiti.

Pou jodiya, n ap fokis sou tranblamanntè ki sot kraze gran sid la, plizyè komin. Nou pa vle pwente dwèt egzatteman sou yon seri kote pou yo pa di n ap fè seleksyon, men gen komin ki touprè episant lan (a 6 kilomèt) ki kraze nèt, ravaje, tout kay ale.

Kisa n aprann, oubyen nou te aprann de tranblemanntè 12 janvye 2010 la? Se yon kesyon nan sa ke n ekri, e n toujou evoke.

Kòman nou aprann de erè nou fè nan istwa, dekwa pou erè sa yo pa repete? Kòman nou prepare n pou demen nan tout sans?

Pou nou menm, ki Ayiti, se gwo pwoblèm sa ye. N ap kòmanse ak lekòl paske lekòl gen yon travay li ta dwe fè, men l pa janm fè l (kòman l dwe prepare nou nan tout sans). Se pa annik bat pakè, pale franse (pou sa k ta rive yon ti jan pi lwen lekòl), epi yo pa ka solisyone oken pwoblèm nan lavi reyèl. Anpil ta panse pale franse byen se ta gen lespri malgre pwovèb ayisyen an di pale franse pa di lespri. Men, se reyalite a  w ap fès fas avè li lè l devan w (kòman pou depetre w lè w anpetre).

Nou pran egzanp tranblemanntè sa a, pa gen moun ki te atann sa. Nou pa kwè ke yo te anonse tranblemanntè sa a byenke yo konn fè anons lan davans nan kèk peyi, dekwa pou moun gen tan mete yo prè pou sa. Se yon pwoblèm nou wè an jeneral Ayiti, pa sèlman epòk siklòn men tou lekòl pa montre nou pou n aprann prepare davans pou tout bagay.

Lidè yo, kèlkeswa nivo y ap fonksyone, gen yon travay yo pa fè (an tèm edike popilasyon anedike komite yo, kòman pou prepare pou demen) pase non sèlman nou pa la pou tout tan sou latè, men lè yon bagay rive demen se pa lè sa a pou tout moun tankou fomi fou (ap kriye, trannde dan yo soti, yo pa konn sa pou fè).

Tranblemanntè 2010 la se yon leson pou tout Ayisyen ta tire kèk bagay de li, kote episant li fèt touprè Pòtoprens. Li kraze Pòtoprens nèt. Men memwa Ayisyen kout (an tèm sa yo pa aprann nan istwa). Evennman yo pase devan nou tout tan, men nou pa janm aprann anyen de yo.

N ap gade gen yon dal kote nan gran sid la ki poko jwenn oken èd (yon seri komin ki kraze nèt). Yo poko jwenn oken èd o nivo nasyonal, e entènasyonal. Èd kapab vini, men l ap an reta. Se sa k fè lè w aprann prepare tèt ou, toujou gen fason w ap panse pou soti nan yon pwoblèm. Se sa nou dwe fè nan tout nivo. Youn nan bagay ke tout lidè Ayisyen dwe fè se ta prepare lòt moun, fè yon seri seyans fòmasyon sou videyo (nan tout nivo nèt) pou prepare yo.

Menm si endividi a ta egoyis, oke, pa gen pwoblèm. Sa pral ede l prepare tèt pa l menm si l pa ta vle pataje videyo sa yo, si l pa vle pataje vokal edikatif ki sikile yo. Nou pa ka di moun nan fò l chanje toudenkou, an tèm egoyis ki lakay li e ki youn nan gwo pwoblem ke nou genyen nan tout nivo, nan tout kominote ayisyen. Nou peye chè pou pwoblèm sa a ki kontribye sèlman nan soudevlopman Ayiti.

Lè youn ap fè yon travay kote lòt kapab benefisye de sa, ebyen sa k pa ka fè l la fache; l ap fè tout fason pou l bloke l nan tout sans. Nou wè egoyis la lakay kèk gwo komèsan Ayiti pa egzanp; se yo ki dwe gen monopòl tout bagay. Ou menm ki yon awoutsaydè (ki pa fè pati klan an), ou pa ka vin fè konpetisyon avèk yo. Se pa fiksyon oubyen bagay envante, men se reyalite anpil moun wè Ayiti. Donk, fò n kraze pwoblèm egoyis la si nou vle avanse nan tout nivo.

Abri pwovizwa -- Estrateji pou konstwi kounouk (ajoupa, joupa) an wondèl oswa an triyangKòman ou prepare w pou demen? Nou pran tranblemanntè 2021 an, n ap kòmanse avèk abri pwovizwa. Se yon bagay pou tout moun (ki an pwovens) ta kapab fè nòmalman avèk tach palmisfèy kokoye oubyen branch latànye franjon (yo itilize pou fè nat oubyen pou anpaye chèz). Lè tach la tonbe (palmis lan wo, yo pa monte l pou al pran tach) , yo ka itilize l.

Lè l tonbe, moun ka jis koupe branch tach la, epi pran tach la pou mete l yon kote. Lè w anpile l yon kote pou l pa twò sèk, ebyen si kay ou kraze, yon segonn ou ka pran tach la pou fè yon kounouk (ajoupa, joupa) avè l pou abrite w tanporèman.

W ap bezwen poto oubyen gòl pou fè kounouk lan. Sètadi ke poto yo kapab ti pyebwa, ti gòl banbou, treng; yo kapab planch palmis (ki fann an ti moso) pa egzanp. Pa bliye ke yo fè planch ak palmis. Se youn nan bonte palmis, non sèlman yo ka manje chou palmis lan (epòk semèn sent), men tou yo fè planch ak twon palmis tou pou fè galata, e lòt bagay tou an pwovens.

Gen (bwa) bayawonn, gen lòt bwa tou ki ka sèvi (kòm) gòl ki ka itilize pou fè kounouk an pwovens. Sètadi ke tout moun ki viktim, k ap tann abri pwovizwa kapab al dèyè tach, fèy kokoye, branch latànye fran pou fè kounouk (yon segond), epi dòmi anndan l tèt frèt. Si w gen lakou, ou ka fè youn nan lakou w.  Ou pa bezwen ap dòmi nan lari, epi w gen espas pou anpile tout afè w annatandan ou bati yon lòt kay (lè w kapab).

Nan pwòp lakou pa w, pa egzanp (kote kay ou kraze) menm blòk, wòch ki te itilize nan konstriksyon l kapab ede nan konstriksyon abri pwovizwa a. Si w gen tapi plastik, ou kapab mete yo kèk kote sou tach la tou dekwa lè lapli vini li pa antre anndan kounouk lan. Se yon bagay fasil ke tout moun an pwovens ta dwe ka fè. Ou pa bezwen ap ret tann prela y ap pote ba ou.

Okontrè, lè w fè kounouk lan (antre ak sòti a pa egzanp), van pa pral rache l (paske van pa gonfle anndan l). Kote w antre nan kounouk lan, gen yon pòt ki ouvè, epi tou ou kapab mete yon pòt sòti (fas a fas), 2 pòt. Ou ka fè pikèt (fasafas ak lòt, ak kòd ki kwaze yo) anndan kounouk lan pou mete matla w chita sou li nòmalman pou  dlo pa mouye l atè a. Se yon bagay fasil, men fò gen moun ki pou di nou sa (kòman nou dwe aprann itilize entelijans nou nan tout sikonstans pou ede tèt nou Ayiti).

Bwa sèk (sèchpou limen dife pou fè manje – Depi avan siklòn, chache maksimòm bwa sèk posib pou mete la. Ou kapab anpile yo yon kote pou lapli pa mouye yo, oubyen kouvri yo ak plastik. Alimètbalènbwapenchandèl trè enpòtan pou moun genyen menm si yo ta gen flach. Si pil li fini, flach la p ap limen. Toujou gen rezèv moso bwapen pou klere, pou limen dife. Si w pa gen alimèt, ou kapab limen chabon (24 sou 24), yon kote pou lapli pa mouye l, epi w mete bwa sou li pou l kontinye rete vivan. W ap toujou gen ti zon dife pou fè manje.

Dlo– Galon, kannari (ja) trè enpòtan pou genyen pou konsève dlo potab (pou bwè, pou fè manje). Si w pran dlo nan yon sous, toujou bouyi l avan w bwè l. Lè w fin bouyi dlo pou bwè, li frèt, ou kapab mete l nan galon, nan kalbas, nan kannari. Tout sa enpòtan pou konnen lè yo anonse move tan (pou prepare w davans). Ou bezwen dlo pou bwè pou siviv. Dlo se lavi. Li trè enpòtan pou kite w vivan, menm si se yon ti kras manje ou jwenn pou manje pandan jounen an, ebyen dlo a li menm ap ede w paske se yon vitamin li ye pou kò ou.

Manje (resèt ou ka gade) – Chak ane gen siklòm Ayiti, men kòman nou prepare nou an tèm manje sèk ke nou bezwen? Dlo vini lè siklòn. Si w gen jaden ki lwen, ou pa pral janbe dlo ki fò pou al chache manje nan jaden; li ka bwote w. Men kòman ou itilize manje ki sèk tankou pwa sèkmayi sèk, pitimi, yanm ou kapab mete nan galta (galata, kolonbye, depo) pandan yon ane; joumou tou (osilontan ou pa kase kòlèt li), li kapab fè anpil tan sou galta. Ou dwe gen bokalkalbasgalondanmjann pou mete yo. Donk, tout estansil sa yo trè enpòtan pou konsève manje sèk epòk siklòn.

Si w gen lakou tou, li trè enpòtan pou ta fè yon sitèn dlo. Byen simante l pou mete dlo fre ladan pou bwè. Ou kapab gen youn tou pou ranmase dlo lapli (ki tonbe sou do kay tòl). Ou kapab itilize dlo lapli pou benyen, pou lave rad, e pou bay bèt bwè. Konbyen moun ki te gen yon sitèn avan tranblemanntè a? Se yon bèl kesyon. Donk, se kòman ou prepare w pou demen, pou tout sa ki ka rive.

Pyebwa – Pyebwa ke w dwe genyen pou ede w anpil pandan sezon sa yo, pandan siklòn. Gen pye labapen. Fèy li ta sanble (ak) fèy veritab, men se 2 fri diferan. Ou kapab seche grenn labapen (apre w fin kale l, pou sa ki mi), epi w mete l yon kote pou bouyi annapre.

Pye veribab – Veritab se yon fri ki trè rich an vitamin, an pwoteyin. Se tout kote moun ta dwe plante l; farin li trè nourisan pou tibebe. Ou seche l pou fè farin. Ou ka mete l yon kote nan kèk galon, bokal oubyen nan kèk bagay kanmèm pou konsève l pou l pa mouye.

Pye manyòk (anmèdous). Ou seche farin manyòk anmè pou fè labouyi pou tibebe. Tout bagay sa yo se preparasyon sa ou kapab manje (bagay ki sèk ke w ka prepare met la avan siklòn). – Pou manyòk dous, pa janm plante l menm kote ak manyòk anmè, pa mezi de prekosyon paske n konnen manyòk anmè se pwazon (si moun, bèt ta manje l pa aksidan yo ka mouri). Prèmyèman, yo kale l epi graje manyòk anmè; apre sa, yo tòde l oubyen mete l anba pèz pou retire dlo l (ki pwazon); yo met dlo a poze (nan yon kivèt) pou kapab pran lanmidon l pou seche. Se ak farin frèch la yo fè kasav (sou platin), bobori (doukounou, pwès) nan chodyè pou manje (ak zaboka, lèt).

Zouti – Se lòt bagay ki enpòtan ou bezwen, epi mete yo sou lamen. Imajine w kounyeya tout moun ki te gen zouti anndan kay, epi kay tonbe sou yo kote yo antere! Gen yon dal bagay ou te kapab fè, men ou pa ka pran zouti w yo kounyeya pou fè sa. Donk, li ta bon lè n ap konstwi pou n ta panse, kote n konstwi yon ti kay tou leje pou met zouti jaden (tankou dyenn manchèthach, houkoutolimmanchètmèl [pou file manchèt, kouto]pèlpikpikwaratosèpèt [sòkòkouto digo])… tout bagay ou bezwen kòm zouti, pou mete ladan l. Konsa si yo te nan yon ti kay apa, ebyen ou t ap annik al pran zouti w pou fè yon dal travay. Ou bezwen zouti pou rale gwo blòk dekonm sa yo. Ou bezwen kòd pit pou ta mare nan yon blòk, bagay ki lou pou rale. Kòd pit trè enpòtan pou genyen.

Donk, se kòman nou prepare nou, oubyen n aprann prepare nou pou demen nan tout sans, e pou tout sa k ka vini. Se pa lè pwoblèm nan vini epi nou pa konnen sa n ap fè, n ap rele gouvènman, n ap rele entènasyonal, tèt nou cho paske nou pa aprann prepare nan anyen pou demen.

An rezime, n ap swete ti konsèy sa yo ede w pou konnen kòman pou prepare pou siklòn oubyen pou nenpòt katastwòf natirèl. Panse aprann prepare w pou demen, nan tout sans, e pou tout sikonstans pou ede tèt ou paske gen sitiyasyon ke w ka ye, pa gen moun k ap vin ede w soulechan. Se ou menm ak fanmi w ki pou ede tèt nou. Petèt gen moun, pa egzanp, kay tonbe sou fanmi yo epi ou menm ou sove. Se ou menm ki pou degaje w kou mèt Jankak pou retire fanmi w anba dekonb; se ou menm ki dwe fè kèk kout anmwe pou jwenn kèk moun vin pote w sekou. Sètadi, pou fè sa, fò w gen kòd e kèk zouti prè. Toujou mete kòd pit (ki trè fò) deyò, pase w bezwen l nan plizyè sikonstans (lè siklòn, pou sove moun dlo ap bwote, e lè gen yon ijans kèlkonk).

TÈKS ANEKSE

NÒT POU RECHÈCH

• Atelye an liy pou Anseyan Ayisyen : Online Haitian Teachers Workshops • Atelye pou ekriven ayisyen : Haitian writers workshops • Devlopman komin Ayiti : Developing Haiti’s communes • Estrateji pou aprann prepare pou demen sou tout fòm : Strategy to learn to prepare for tomorrow in all ways • Estrateji pou devlope Komin Ayiti pou desantralize Ayiti : Strategies to develop Haiti’s Communes to decentralize Haiti • Komin Ayiti, e travay sivik moun ki sot nan komin yo dwe fè  : Haiti’s communes and civic works needed to be done by locals • Literati Ayisyen an kreyòl : Haitian literature in Kreyòl
• Literati Ayisyen Dyaspora : Haitian literature of the Diaspora • Materyèl Didaktik /Pedagojik pou moun k ap aprann kreyòl : Teaching Materials for Learners of Haitian Creole • Materyèl Didaktik /Pedagojik pou Pwogram Alfabetizasyon an Kreyòl : Teaching Materials for Haitian Literacy Programs in Haitian Creole • Materyèl Pedagojik /Didaktik an liy pou ede Anseyan Ayisyen e Elèv : Online Teaching Materials to help Haitian Students and Teachers • Materyèl Pedagojik /Didaktik an liy pou ede Lekòl Ayiti : Online Teaching Materials to help Schools in Haiti • Modèl dokiman nou ka mete an liy (sou entènèt) pou ede Ayiti e Dyaspora Ayisyen nan tout domèn : Document models that can be published online to help Haiti and the Haitian Diaspora in all areas • Oraliture : Literati Ayisyen oral /oraliti : Haitian oral literature • Séisme à Haïti – 12 janvier 2010: Haiti’s earthquake -- January 12, 2010 • Séisme à Haïti – 14 out 2021 : Haiti’s earthquake – August 14, 2021 • Tradiksyon (anglè, e kreyòl ayisyen] : Translation (English and, Haitian Creole /Kreyòl) • Tranblemanntè dawou (out) 2021 ki frape Sid Ayiti : August 2021 earthquake that hit South Haiti.

E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts. USA.

*

Viré monté